Sèvis Revni Entèn nan (IRS) te resevwa kesyon yo poze souvan sa yo konsènan Enpo Ekspatriyasyon (an anglè), Deklare Kont Finans Aletranje (an anglè), Egzansyon Revni ki Fèt Aletranje (an anglè), Demann Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN), ak lòt kesyon fiskal federal entènasyonal jeneral ki afekte kontribyab patikilye yo. Repons kesyon sa yo se repons pou yon seri ankèt jeneral e yo pa fè otorite sou plan jiridik. Sou paj sa a… FAQ Jeneral yo Adrès Postal yo Kondisyon Fiskal ak Depandan yo To Echanj yo Avi yo Moun ki gen Green Card yo Egzansyon Revni ki Fèt Aletranje (Fòm 2555) Enpo Ekspatriyasyon: Ansyen Sitwayen am Rezidan Pèmanan Alontèm yo Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl IRS la (ITIN) – Fòm W-7 Prelèvman sou Revni ki soti Ozetazini yo Deklarasyon Kont Finans Aletranje yo Kesyon yo Plis Poze Souvan pou Etranje Rezidan Ozetazini ak Sitwayen Ameriken K ap Viv Aletranje yo FAQ Jeneral yo 1. Mwen se yon sitwayen ameriken k ap viv ak travay deyò Etazini depi plizyè lane. Èske mwen toujou gen obligasyon fè yon deklarasyon enpo ameriken? Wi, si ou se yon sitwayen ameriken oswa yon etranje rezidan k ap viv deyò Etazini, revni ou fè nenpòt kote ou ye nan mond lan gen enpo sou revni ameriken sou li, kèlkeswa kote w ap viv la. Sepandan, ou ka kalifye pou yon seri egzansyon revni ki fèt aletranje (an anglè) ak/oswa kredi enpo sou revni aletranje (an anglè). Ale nan Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen Ameriken ak Etranje Rezidan ki Aletranje (an anglè), pou plis enfòmasyon. 2. Mwen peye enpo sou revni nan yon peyi aletranje. Èske mwen toujou gen obligasyon fè yon deklarasyon enpo sou revni ameriken menm si mwen p ap viv Ozetazini? Ou gen obligasyon pou w fè yon deklarasyon enpo sou revni ameriken pandan w ap travay epi viv aletranje sof si ou abandone estati detantè green card ou a lè ou depoze Fòm I-407, nan Sèvis Imigrasyon ak Sitwayennte Ameriken, oswa ou renonse ak sitwayennte amerikèn ou selon yon seri kondisyon ki nan dispozisyon fiskal sou ekspatriyasyon an (an anglè). Ale nan Piblikasyon 519, Gid Fiskal Ameriken pou Etranje, pou plis enfòmasyon. 3. Ki dat limit pou yon deklarasyon enpo ameriken? (mizajou 2 dawout 2022) Jeneralman, dat limit pou yon deklarasyon enpo sou revni endividyèl federal se 15 avril nan chak ane sivil. Yo konsidere deklarasyon w lan fèt atan si anvlòp la ale nan bon adrès la epi gen bon tenb lan sou li anvan 15 avril. Ale nan Piblikasyon 17, Enpo sou Revni Federal Ou (Pou Endividi yo), Pati 1 – Kilè mwen dwe deklare? (an anglè) pou plis enfòmasyon. Si dat limit la tonbe nan yon jou samdi, dimanch, oswa yon jou konje, dat limit la ap repòte pou jou ouvrab ki vini apre a. Si ou pa kapab deklare nan delè deklarasyon w lan, ou kapab mande yon pwolongasyon tan pou deklare. Pou w jwenn yon pwolongasyon otomatik dat limit 6 mwa pou w fè deklarasyon w lan, ou ta dwe depoze Fòm 4868, Demann pou Pwolongasyon Otomatik Dat Limit pou Depoze Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl Ameriken (an anglè), anvan delè deklarasyon w lan. Ale nan enstriksyon pou Fòm 4868 (an anglè), pou plis enfòmasyon. Men, si ou se yon sitwayen ameriken oswa yon etranje rezidan, swa: k ap viv deyò Etazini ak Pòtoriko (Puerto Rico), epi tout aktivite w oswa pòs travay ou se deyò Etazini ak Pòtoriko (Puerto Rico); oswa nan sèvis militè oswa naval ap travay deyò Etazini ak Pòtoriko nan jou ki dat limit deklarasyon w lan, w ap kapab jwenn yon pwolongasyon otomatik dat limit deklarasyon pou 2 mwa jiska 15 jen pou w deklare ak peye tout taks ou dwe. Si ou itilize pwolongasyon otomatik 2 mwa sa a, ou dwe mete yon dokiman avèk deklarasyon w lan k ap di kiyès nan de (2) sitiyasyon yo ki kalifye w pou pwolongasyon an. Ale nan Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen Ameriken ak Rezidan Etranje ki Aletranje (an anglè), pou plis detay. 4. Mwen apenn reyalize mwen dwe depoze deklarasyon enpo sou revni ameriken pou ane ki pase yo. Pou konbyen nan ane ki pase yo mwen dwe deklare? (mizajou 2 dawout 2022) Oumenm, antanke yon sitwayen ameriken oswa etranje rezidan, dwe depoze yon deklarasyon enpo sou revni federal pou tout ane fiskal kote revni brit ajiste ou egal oswa pi plis pase dediksyon estanda a. Pou plis detay, ale nan seksyon “Èske Mwen Dwe Deklare?” a ki nan Enstriksyon pou Fòm 1040 (ak 1040-SR) pou ane fiskal ki koresponn nan. Pou etranje ki pa rezidan yo, ale nan seksyon “Kiyès ki Dwe Deklare” a ki nan Enstriksyon pou Fòm 1040-NR, Deklarasyon Enpo sou Revni Etranje ki Pa Rezidan (an anglè) pou ane fiskal ki koresponn nan. Jeneralman, ou bezwen fè deklarasyon pou sis (6) lane ki pase. Sa pral depan de reyalite ak sikonstans sitiyasyon w lan. Vizite Kontribyab Ameriken ki Rezide Deyò Etazini (an anglè) ak Kisa pou Ou Fè si Ou Poko Deklare (an anglè) pou plis enfòmasyon. 5. Ki estati ranbousman mwen an? (mizajou 2 dawou 2022) Ou kapab verifye estati tout ranbousman ou espere yo depi apati 24 è apre ou fin fè yon deklarasyon pa vwa elektwonik oswa 4 semenn apre ou fin fè yon deklarasyon sou papye. Si ou te mete Fòm 8379, Alokasyon pou Konjwen ki Blese (an anglè), tann 11 semèn si ou te deklare pa vwa elektwokik oswa 14 semèn si ou te voye yon deklarasyon sou papye. Ale nan Enfòmasyon sou Ranbousman (an anglè) pou plis enfòmasyon. 6. Mwen te ranpli deklarasyon taks mwen e mwen dwe yon balans. Kòman mwen kapab peye taks mwen dwe a? (mizajou 2 dawou 2022) IRS la ofri plizyè opsyon pèman, e kèk pami yo ka enplike pran frè. Vizite Peye Anliy pou plis enfòmasyon. 7. Kòman mwen kapab jwenn yon relve pou ane ki pase yo oswa pou ane ki ankou a (mizajou 2 dawou 2022) Ou kapab mande kopi dokiman fiskal yo tankou relve deklarasyon taks ki fèt deja, enfòmasyon sou kont taks, salè ak deklarasyon revni, ak lèt verifikasyon non-deklaran yo. Ale sou Jwenn Relve pou detay. Oswa Jwenn aksè nan enfòmasyon sou kont endividyèl ou tankou balans, pèman, dosye taks ak plis ankò. Vizite Kont Anliy Ou pou detay. 8. Kounyeya m ap viv lòtbò dlo, kòman mwen kapab jwenn yon pwofesyonèl taks? (mizajou 2 dawou 2022) IRS la te pibliye yon repètwa moun yo ap ka konsilte, ki genyen yon lis pwofesyonèl taks w ap jwenn nan zòn ou an. Ale sou paj Repètwa Moun ki Prepare Deklarasyon Taks Federal IRS la ansanm ak Konpetans ak Meyè Kalifikasyon yo (an anglè) pou detay yo. 9. Èske genyen lòt resous anliy ki la pou ede kontribyab yo, espesyalman sila yo k ap viv aletranje yo, pou yo reponn ak obligasyon fiskal Etazini yo? (mizajou 2 dawou 2022) Wi, genyen plizyè resous disponib ki konsantre yo sou zafè taks endividyèl entènasyonal pou kontribyab k ap viv aletranje yo. Pa egzanp: Kontribyab Entènasyonal yo genyen enfòmasyon ki la pou ede kontribyab k ap viv aletranej yo, etranje rezidan yo, etranje ki pa rezidan yo, rezidan sou tèritwa ameriken yo ak etidyan etranje yo; Videyo Kontribyab Entènasyonal yo (an anglè) genyen ti videyo tou kout pou kontribyab entènasyonal yo; epi, Zouti Entèraktif pou Kontribyab Entènasyonal yo (an anglè) genyen kesyon ak repons sou taks an jeneral pou endividyèl entènasyonal yo. Adrès Postal yo 1. Nan ki adrès postal pou nou depoze yon Fòm 1040 oswa yon Fòm 1040-SR depi lòtbò dlo? (mizajou 2 dawou 2022) Si w ap viv nan yon peyi etranje, epi w ap depoze yon Fòm 1040 oswa yon Fòm 1040-SR sou papye Vizite Entènasyonal – Adrès Kote pou Depoze Fòm 1040 pou Kontribyab ak Pwofesyonèl Taks (an anglè) pou w jwenn adrès postal yo. 2. Nan ki adrès postal pou nou depoze yon Fòm 1040 oswa yon Fòm 2, 2022-SR depi lòtbò dlo? (mizajou 2 dawou 2022) Si w ap depoze yon Fòm 1040-NR, vizite Entènasyonal – Adrès Kote pou Depoze Fòm 1040-NR, 1040-PR, ak Fòm 1040-SS pou Kontribyab ak Pwofesyonèl Taks yo (an anglè) pou w jwenn adrès postal yo. Kondisyon Fiskal ak Depandan yo 1. Mwen se yon sitwayen ameriken ki marye avèk yon etranje ki pa rezidan. Ki kondisyon fiskal mwen, epi èske mwen kapab reklame yon ekzanpsyon pou konjwen etranje mwen an? (mizajou 2 dawou 2022) An jeneral, si ou se yon sitwayen ameriken oswa etranje rezidan ki marye avèk yon etranje ki pa rezidan, nou konsidere ou tankou “Marye k ap Deklare Apa” sof si ou kalifye pou yon lòt kondisyon fiskal. Si ou peye plis pase mwatye depans pou antretyen kay la pou tèt ou ak yon timoun kalifye oswa lòt fanmi, ou ka kalifye pou kondisyon fiskal chèf fwaye a. Pou plis enfòmasyon sou ekzijans kondisyon fiskal yo, vizite Piblikasyon 501, Depandan, Dediksyon Estanda, ak Enfòmasyon sou Deklarasyon (an anglè). Remak: Pou ane fiskal ki kòmanse apre 31 desanm 2017 ak epi anvan 1ye janvye 2026, gade nan Revokasyon Ekzanpsyon Pèsonèl yo (an anglè). 2. Mwen se yon kontribyab ameriken k ap viv aletranje epi mwen genyen yon timoun ki fèt aletranje. Èske mwen kapab deklare timoun mwen an antanke yon depandan sou deklarasyon taks mwen? (mizajou 2 dawou 2022) An jenaral, ou kapab deklare endividi ki kalifye yo antanke depandan ou. Pou yon endividi kalifye konsidere kòm depandan ou, fòk li se yon sitwayen ameriken, yon resòtisan ameriken, oswa yon rezidan Canada oswa Meksik pandan yon peryòd nan ane sivil kote ane fiskal ou kòmanse a. Dabitid timoun yo se sitwayen oswa rezidan menm peyi ak paran yo. Si ou te yon sitwayen ameriken lè timounn ou an te fèt la, jeneralman timoun ou an se yon sitwayen ameriken. L ap toujou sa menm si, lòt paran timoun nan se yon etranje ki pa rezidan, timoun nan te fèt nan yon peyi etranje, epi timoun nan ap viv aletranej avèk lòt paran an. Ou dwe mete sou deklarasyon w lan nimewo Sekirite Sosyal (SSN) chak depandan w yo. Si depandan w lan se yon etranje ki pa rezidan ki pa elijib pou li genyen yon nimewo Sekirite Sosyal, ou dwe mete nan lis la nimewo idantifikasyon kontribyab pèsonèl depandan an pito olyede yon SSN. Ale sou Kiyès Mwen Ka Deklare antanke yon Depandan? (an anglè) ak Piblikasyon 501, Depandan yo, Dediksyon Estanda, ak Enfòmasyon sou Deklarasyon (an anglè), pou plis detay. To Echanj yo 1. Lè m ap konvèti monnen etranjè an monnen ameriken pou zafè depoze yon deklarasyon taks ameriken, ki to echanj monnen etranjè mwen ta dwe itilize? Sèvis Revni Entèn nan pa genyen yon to echanj ofisyèl. Jeneralman, li aksepte tout to echnaj ki pibliye yo itilize anpil. Si ou genyen yon sèl tranzaksyon, tankou vant yon biznis, ki te fèt nan yon sèl jou, itilize to echanj ki nan jou sa. Sepandan, si ou resevwa menm fòs revni an pandan ane fiskal la, ou ka konvèti monnen etranjè a an dola ameriken avèk to echanj mwayen anyèl pou ane fiskal la. Si genyen plis pase yon to echanj, itilize sa yo plis sèvi a. Vizite paj Monnen Etranjè ak To Echanj Monnen yo (an anglè) pou plis enfòmasyon. Avi yo 1. Mwen pran pozisyon nan deklarasyon taks sou revni mwen selon yon konvansyon fiskal sou revni ameriken. Sepandan, mwen te resevwa yon lèt ki di pozisyon mwen an ki baze sou konvansyon an pa valid. Kisa mwen ka fè? Rele nimewo telefòn ki nan lèt ou te resevwa a pou enfòmasyon pi presi konsènan sitiyasyon w lan. Kèk rezon ki koz ou ka resevwa lèt la se: Si ou chwazi pou yon eleman revni pa gen taks ameriken sou li oswa kalifye pou yon to taks ki pi ba selon yon konvansyon fiskal sou revni ameriken (yon pozisyon ki baze konvansyon), jeneralman ou dwe divilge pozisyon sa sou Fòm 8833 epi tache li avèk deklarasyon w lan. Konsènan eksepsyon nan ekzijans divilgasyon an, gade enstriksyon ki tache avèk Fòm 8833, Divilgasyon Pozisyon nan Deklarasyon ki Baze sou Konvansyon Daprè Atik 6114 oswa 7701(b) (an anglè). Si ou se yon rezidan fiskal alafwa ozetazini ak nan yon peyi etranje selon lwa chak peyi yo, ou dwe itilize pwoviizyon yon konvansyon fiskal sou revni pou w deklare rezidans fiskal la nan yon peyi sèlman. Si ou deklare rezidans fiskal la nan yon peyi kote ou pa genyen elijibilite pou w deklare rezidans, oswa enfòmasyon ki nan deklarasyon taks ou a sanble pa kore pozisyon sa a, yo ka refize pozisyon w lan ki baze sou konvansyon an. 2. Ki siyifikasyon yon avi mwen resevwa dènyeman nan men IRS la ki di mwen dwe pi plis lajan pou deklarasyon task mwen fè deja a? Si ou resevwa yon lèt oswa yon avi ki soti nan IRS la, l ap esplike rezon ki fè ou resevwa lèt la oswa avi a epi l ap ba ou enstriksyon yo. Anpil nan lèt ak avi sa yo kapab trete byen senp, san nesesite pou rele oswa ale nan yon biwo IRS. Avi ou resevwa a abòde yon kesyon byen presi sou kont ou oswa deklarasyon taks ou. Jeneralman, IRS la ap voye yon avi si li kwè ou dwe taks adisyonèl, si yo dwe ou yon pi gwo ranbousman, si gen kesyon konsènan deklarasyon taks ou a oswa si gen nesesite pou enfòmasyon adisyonèl. Pou plis enfòmasyon, gade Konprann Avi oswa Lèt IRS Ou a. 3. Kòman Sèvis Revni Entèn (IRS) Etazini an kalkile enterè yo ak penalite yo? Jeneralman, yo mete enterè sou tout taks ki pa peye apati dat limit pou deklarasyon an (san pwolongasyon) jiska dat pèman an. Gade nan Sijè 653, Avi ak Fakti IRS, Chay Penalite ak Enterè (an anglè) pou plis detay. Gen plizyè tip penalite ak plizyè metòd diferan pou kalkile yo. Tanpri, ale nan Piblikasyon 17, Enpo sou Revni Federal Ou (an anglè) pou plis enfòmasyon. Moun ki gen Green Card yo 1. Ki responsablite mwen genyen antanke yon detantè green card si mwen pat Ozetazini pandan yon bon bout tan? Antanke yon moun ki genyen green card, jeneralman, ou gen ekzijans pou w fè deklarasyon taks sou revni ameriken w epi deklare revni tout kote nan mond lan kèlkeswa kote w ap viv la. Sepandan, si ou renonse ak green card ou a oswa Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) twouve ke ou abandonnen green card ou a epi li pran l nan men w, w ap bezwen swiv ekzijans etranje ki pa rezidan yo pou w depoze yon Fòm 1040-NR, Deklarasyon Enpo sou Revni pou Etranje ki Pa Rezidan (an anglè) Ale nan Piblikasyon 519, Gid Fiskal Ameriken pou Etranje (an anglè), pou plis enfòmasyon. 2. Mwen te yon rezidan alontèm Ozetazini depi anvan mwen renonse ak green card mwen an. Ki obligasyon fiskal ameriken mwen genyen? Ou se yon rezidan alontèm pou zafè enpo sou revni federal si ou te yon rezidan pèmanan legal Ozetazini (detantè green card) pandan omwen 8 nan 15 dènye ane fiskal yo ki fini nan ane rezidans ou fini an. Pou detèmine si w ranpli egzijans 8 ane a, pa konte pyès ane kote yo trete ou kòm yon rezidan nan yon peyi etranje dapre yon konvansyon fiskal epi pa renonse ak avantaj konvansyon yo. Si ou se yon rezidan alontèm ki te renonse ak green card li, ou ka genyen pou w peye taks sou ekspatriyasyon. Tanpri, ale gade nan pwovizyon fiskal sou ekspatriyasyon yo nan Piblikasyon 519, Gid Fiskal Ameriken pou Etranje (an anglè), ak nan kesyon annapre yo. An jeneral, pwovizyon fiskal sou ekspatriyasyon yo aplike pou sitwayen ameriken ki te renonse ak sitwayènte yo ak rezidan alontèm ki te fini rezidans yo. Règleman ki aplike yo depann de dat ekspatriyasyon yo. Ou ka yon etranje a doub estati tou si ou te alafwa yon a etranje rezidan (an anglè) epi yon etranje ki pa rezidan (an anglè) nan menm ane a. Doub estati pa gen pou wè ak sitwayènte w; li sèlman gen rapò a estati w kòm rezidan pou zafè taks Ozetazini. Pou Pati nan Ane a kote Ou se yon Etranje Rezidan an, ou gen taks sou revni ki soti nan tout sous, anndan Etazini ak deyò Etazini. Pou Pati ki kòmanse Lè Ou Abandonnen Grenn Card Ou a, ou gen taks sou revni ki soti nan sous ki Ozetazini sèlman. 3. Mwen gen yon green card. Èske mwen ka deklare rezidans nan yon peyi etranje selon yon konvansyon fiskal epi benefisye avantaj konvansyon fiskal la bay yo? (mizajou 2 dawou 2022) Antanke yon detantè green card, ou se yon rezidan fiskal ameriken. Sepandan, definisyon rezidans dapre lejislasyon fiskal ameriken yo pa anile definisyon rezidans nan konvansyon fiskal la. Si ou se yon kontribyab a doub rezidans (yon rezidans Ozetazini epi nan yon lòt peyi selon lejislasyon fiskal chak peyi yo), ou kapab toujou reklame avantaj yo selon yon konvansyon fiskal sou revni. Konvansyon fiskal taks sou revni ant de (2) peyi yo dwe gen ladan yon dispozisyon ki prevwa rezolisyon pou reklamasyon konfliktyèl nan koze rezidans (règleman depataj la). Si yo t ap konsidere ou antanke yon rezidan lòt peyi a dapre règleman depataj la epi ou kapab reklame avantaj konvansyon an antanke yon rezidan peyi sa, yo konsidere ou antanke yon etranje ki pa rezidan pou kalkil enpo sou revni ameriken ou. Pou lòt bagay ki gen rapò ak kalkil taks ou, y ap trete w kòm yon rezidan ameriken. Si ou se yon kontribyab a doub rezidans epi ou reklame avantaj konvansyon an antanke yon rezidan lòt peyi a, ou dwe soumèt deklarasyon w lan anvan dat limit la (ansanm avèk pwolongasyon) avèk Fòm 1040-NR epi kalkile taks ou antanke yon etranje ki pa rezidan. Ou dwe tache yon Fòm 8833 ki byen ranpli si ou detèmine rezidans ou selon yon konvansyon fiskal epi ou resevwa pèman oswa revni ki totalize plis pase 100 000 dola. Ou ka genyen pou w tache tou, Fòm 8938, jan sa diskite nan seksyon “Lòt Fòm Ou Ka Genyen pou Depoze” nan Chapit 7 la nan Piblikasyon 519, Gid Fiskal Ameriken pou Etranje (an anglè). Pou plis enfòmasyon sou deklare avantaj konvansyon yo, gade nan "Deklare Avantaj Konvansyon yo Reklame," ki nan Chapit 9 nan Piblikasyon 519, Gid Fiskal Ameriken pou Etranje (an anglè). Si ou se yon rezidan alontèm epi ou reklame avantaj konvansyon yo antanke yon rezidan yon lòt peyi selon yon konvansyon fiskal, ou ka genyen pou w peye taks sou ekspatriyasyon. Tanpri, ale gade nan pwovizyon fiskal sou ekspatriyasyon yo nan Piblikasyon 519, Gid Fiskal Ameriken pou Etranje (an anglè), ak nan kesyon annapre yo. Ekzanpsyon sou Revni ki fèt Aletranje (Fòm 2555) 1. Ki dediksyon ak/oswa kredi mwen ka jwenn nan deklarasyon taks sou revni ameriken mwen an antanke yon sitwayen ameriken k ap viv ak travay nan yon peyi etranje? Anjeneral, sitwayen ameriken oswa rezidan etranje yo ki p ap viv Ozetazini yo benefisye menm dekisyon ak sitwayen ak rezidan yo k ap viv Ozetazini. Si ou peye oswa akimile enpo yon peyi etranje nan revni ki jenere aletranje epi menm revni sa a sijè a taks Ozetazini, ou gendwa otorize pou ou pran swa yon kredi taks aletranje sou yon revni ki jenere aletranje oswa yon dediksyon detaye pou taks aletranje ki elijib. Sepandan, si ou chwazi egzanpsyon pou revni ki jenere aletranje, kedi taks aletranje oswa dediksyon ou ap gen pou diminye. Si ou kalifye, ou gendwa reklame yon kredi taks aletranje sou dèt taks ki peye oswa ki dwe ki gen pou wè ak revni ki jenere aletranje, lè ou depoze Fòm 1116 la ak deklarasyon taks sou revni Ameriken ou. Vizite Piblikasyon 514, Kredi Taks Etranje pou Patikilye yo (an anglè) pou plis detay. Ou endwa kalifye tou pou ekzanpsyon sou revni ki fèt aletranje a. Gade nan seksyon “Revni ki Fèt Aletranje ak Lojman: Ekzanpsyon – Dediksyon” ki nan Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen Ameriken ak Etranje Rezidan ki Aletranje (an anglè) pou plis detay. Tanpri, sonje pou sa ki gen pou wè ak esklizyon pou revni ki jenere aletranje a, esklizyon rezidans aletranje a, ak dediksyon pou rezidans aletranje a, revni ki jenere aletranje pa gen ladan okenn montan Etazini oswa nenpòt ki ajans li peye anplwaye li yo. Sa gen ladan montan ki peye ni apati de fon apwopriye ak fon ki pa apwopriye yo. 2. Si revni mwen jenere aletranje yo pi piti pase montan debaz esklizyon pou revni ki jenere aletranje a, èske mwen toujou gen obligasyon pou mwen fè yon deklarasyon taks endividyèl sou revni ameriken? Wi, paske esklizyon revni ki jenere aletranje a volontye, ou sipoze fè yon deklarasyon taks pou ou kapab reklame esklizyon sou revni ki jenere aletranje a. Sa pa gen anyen pou wè ak si revni ou jenere aletranje a pi ba pase sèy esklizyon revni ki jenere aletranje a. Gen egzijans byen espesifik ou sipoze reponn pou ou elijib pou ou reklame esklizyon pou revni ki jenere aletranje. Gade nan seksyon “Revni ki Fèt Aletranje ak Lojman: Ekzanpsyon – Dediksyon” ki nan Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen Ameriken ak Etranje Rezidan ki Aletranje (an anglè) pou plis detay. 3. Èske mwen oblije gen yon rezidans fiskal nan yon peyi etranje pou mwen kapab reklame esklizyon sou revni ki fèt aletranje a? (mizajou 2 dawout 2022) Wi. Pou ou kapab elijib pou esklizyon pou revni ki jenere aletranje a, ou sipoze genyen yon rezidans fiskal nan yon peyi etranje epi ou se yon sitwayen ameriken oswa yon etranje rezidan. Konsa tou, ou sipoze, swa yon rezidan bona fide youn oswa plizyè peyi etranje pandan yon peryòd inetèwonpi ki gen ladan li yon ane fiskal an antye, oswa ou sipoze prezan fizikman nan peyi etranje a oubyen peyi etranje yo pandan omwen 330 jou okonplè pandan yon peryòd 12 mwa konsekitif. Sitwayen ameriken yo gendwa kalifye pou esklizyon revni aletranje a nan kad toulède tès yo. Sitwayen ameriken yo sipoze kalifye sou baz tès prezans fizik la sof si yo ta sitwayen yon peyi Etazini gen trete taks sou revni ak li ki an vigè. Nan ka sa a, Rezidan etranje ki Ozetazini yo gendwa kalifye pou esklizyon revni aletranje an sou baz tès rezidans bona fide a. Rezidans fiskal ou sipoze nan peyi etranje a oswa nan peyi etranje yo pandan tout peryòd rezidans bona fide a oswa prezans fizik la. Pou sa ki gen pou wè ak sa, peryòd prezans fizik ou sipoze 330 jou okonplè kote ou prezan fizikman nan peyi etranje a ou byen yo, se pa douz (12) mwa konsekitif pou kantite jou sa yo. Vizite seksyon “Revni ki Fèt Aletranje ak Lojman: Ekzanpsyon – Dediksyon” ki nan Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen Ameriken ak Etranje Rezidan ki Aletranje (an anglè) pou plis detay. 4. Mwen travay aletranje pandan plizyè ane epi mwen itlize yon Fòm 2555 pou reklame Esklizyon pou Revni ki jenere Aletranje. Mwen reklame tès Prezans Fizik la chak ane. Èske ou kapab esplike diferans ki genyen ant sa yo rele tès Prezans Fizik la ka Tès Rezidans Bona Fide a? (mizajou 2 dawout 2022) Pou ou kapab elijib pou esklizyon pou revni ki jenere aletranje a, ou sipoze genyen yon rezidans fiskal nan yon peyi etranje epi ou se yon sitwayen ameriken oswa yon etranje rezidan. Konsa tou, ou sipoze, swa yon rezidan bona fide youn oswa plizyè peyi etranje pandan yon peryòd inetèwonpi ki gen ladan li yon ane fiskal an antye, (Tès Rezidans Bona Fide), oswa ou sipoze prezan fizikman nan peyi etranje a oubyen peyi etranje yo pandan omwen 330 jou okonplè pandan yon peryòd 12 mwa konsekitif (Tès Prezans Fizik). Sitwayen ameriken yo gendwa kaliye pou toulède tès yo, men gen definisyon ki byen espesifik pou rezidan etranje ameriken yon ki gen pou wè ak chak tès yo. Tès Prezans Fizik Pou ou pase tès sa a, ou dwe yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan etranje ki prezan fizikman nan youn oswa plizyè peyi etranje pou pi piti 330 jou okonplè pandan nenpòt peryòd 12 mwa konsekitif. Yon jou okonplè vle di yon peryòd 24 èd tan ki kòmanse a minwi. Tès Rezidan Bona Fide Pou ou pase tès sa a ou sipoze reponn ak youn nan kritè sa yo: Yon sitwayen ameriken ki se yon rezidan Bona Fide youn oswa plizyè peyi etranje, pandan yon peryòd inentèwonpi ki gen ladan li yon ane an antye (sòti premye janvye pou rive 31 desanm, si fè yon deklarasyon taks ki baze sou ane sivil), oswa Yon rezidan etranje ki se sitwayen yon peyi kote Etazini gen trete taks sou revni ki an vigè epi ki se yon rezidan Bona Fide youn oswa plizyè peyi etranje, pandan yon peryòd inentèwonpi ki gen ladan li yon ane an antye (sòti premye janvye pou rive 31 desanm, si fè yon deklarasyon taks ki baze sou ane sivil). Pou nou konnen si ou se yon rezidan bona fide yon peyi etranje depan de entansyon konsènan dire ak nati sejou ou an. Prèv entansyon ou gendwa se pawòl ou ak aksyon ou. Si yo ta an konfli, aksyon ou yo ap peze pi lou pase pawòl ou. Jeneralman, si ou ale nan yon peyi etranje ak yon bi tanporè byen defini epi ou retounen Ozetazini aprè ou fin reyalize li, ou pa yon rezidan bona fide peyi etranje a. Gen diferans ki egziste ant de tès yo. Youn nan yo baze sou sèlman sou prezans fizik, epi lòt la li menm li baze sou entansyon kontribyab la. Vizite seksyon “Revni ki Fèt Aletranje ak Lojman: Ekzanpsyon – Dediksyon” ki nan Chapit 4 nan Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen Ameriken ak Etranje Rezidan ki Aletranje (an anglè) oswa paj Ekzanpsyon sou Revni ki Fèt Aletranje (an anglè) a pou plis enfòmasyon. 5. Èske pansyon aletranje yo sipoze eskli nan Fòm 2555 lan? (mizajou 2 dawout 2022) Pansyon aletranje yo pa kapab eskli nan Fòm 2555 lan. Revni ki fèt aletranje pou sa ki gen pou wè ak revni ki fèt aletranje pa gen revni pansyon ak rant ladan (ni Avantaj Sekirite Sosyal ak avantaj retrèt wout tren ki trete tankou Sekirite Sosyal). Vizite seksyon “Revni ki Fèt Aletranje ak Lojman: Ekzanpsyon – Dediksyon” ki nan Chapit 4 nan Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen Ameriken ak Etranje Rezidan ki Aletranje (an anglè) pou plis enfòmasyon. 6. Kilè mwen gen obligasyon pou mwen itilize fèy kalkil revni ki fèt aletranje a pandan mwen ap kalkile enpo sou revni ameriken mwen? (mizajou 2 dawout 2022) Si ou reklame esklizyon revni aletranje a, esklizyon lojman, oswa dediksyon lojman nan Fòm 2555, ou sipoze itilize fèy kalkil Enpo sou revni ki fèt aletranje a (pou liy 16) pou kalkile obligasyon fiskal ou ki nan Enstriksyon Fòm 1040 ak 1040-SR yo. Ekspatriyasyon: Ansyen Sitwayen am Rezidan Pèmanan Alontèm yo (an anglè) 1. Ki objektif Fòm 8854, Deklarasyon enfòmasyon ekspatriyasyon inisyal ak anyèl, ak ki kote ou kapab jwenn Fòm nan? (mizajou 2 dawout 2022) Dispozisyon sou taks ekspatriyasyon yo aplike pou sitwayen ameriken ki te renonse a sitwayènte yo ak rezidan alontèm (Green Card) ki te fini rezidans yo. Sitwayen ki ekspatriye itilize fòm 8854 lan pou kapab enfòme IRS la de ekspatriyasyon yo epi sètifye yo respekte tout obligasyon taks federal yo pandan 5 dènye ane avan dat ekspatriyasyon an. Gade Apwopo Fòm 8854, Deklarasyon Ekspatriyasyon Inisyal ak Anyèl (an anglè) pou plis enfòmasyon. Pou plis detay konsènan dispozisyon enpo ekspatriyasyon, gade “Taks Ekspatriyasyon” seksyon “Kijan yo takse revni Etranje yo” nan Piblikasyon 519, U.S. Gid Fiskal Ameriken pou Etranje (an anglè). 2. Mwen fini ak estati Etranje residan Ozetazini (mwen abandone green card mwen) epi yo fè mwen konnen mwen toujou gen kèk dokiman pou mwen soumèt bay IRS. Èske ou kapab eksplike mwen? Si ou se yon etranje rezidan Ozetazini, jeneralman, règleman pou ou fè deklarasyon revni, epi benefisye deklarasyon taks epi peye enpo estime yo pa chanje, menm delè ou ta Ozetazini oswa ou aletranje. Si ou se yon etranje ki pa rezidan, w ap gen pou ou peye taks sèlman sou revni ki jenere Ozetazini yo. Nan kèk sikonstans ki byen presi, kèk sous revni aletranje gendwa sijè a taks Ozetazini. Tanpri, ale nan Piblikasyon 519, Gid Fiskal Ameriken pou Etranje (an anglè). Pou egzijans ak pwosedi enpo ki gen pou wè ak lè estati etranje rezidan ou fini, gade “Taks ekspatriyasyon” nan seksyon “Kijan Revni Etranje rezidan yo takse” nan Piblikasyon 519, U.S. Gid Fiskal Ameriken pou Etranje (an anglè), ak Enstriksyon pou Fòm 8854, Deklarasyon Ransèyman sou Ekspatrisyon Inisyal ak Anyèl (an anglè) pou plis detay. Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN) IRS la – Fòm W-7 1. Ki moun ke sipoze fè demann Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN)? (mizajou 2 dawout 2022) W ap bezwen yon ITIN si ou pa kalifye pou ou genyen yon Nimewo Sekirite Sosyal, men ou gen obligasyon pou ou bay yon Nimewo idantifikasyon kontribyab nan enfòmasyon oswa deklarasyon taks ou. Vizite Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl pou plis enfòmasyon. 2. Kilè epi kijan mwen kapab fè demann Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN)? W ap bezwen yon ITIN imedyatman ou pare pou ou fè deklarasyon taks federal ou, paske w ap gen pou ou atache deklarasyon an nan aplikasyon ou an. Pou w aplike pou yon ITIN, ranpli Fòm W-7, Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl IRS la. Gade enstriksyon ki gen pou wè ak sa yo nan Fòm W-7 la, pou ou kapab wè dokiman w ap gen bezwen yo ak ki kote pou ou soumèt aplikasyon an. Vizite paj Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN) pou enfòmasyon ki pi presi. Gen eksepsyon ki fèt pou egzijans ki genyen pou ou enkli yon deklarasyon taks peyi Etazini nan Fòm W-7 la. Pa egzanp, si ou se yon etranje ki pa rezidan ki kalifye pou benefinsye rediksyon sou prelèvman gras ak trete taks sou revni, ou kapab fè demann yon ITIN san ou pa oblije atach yon deklarasyon taks federal. Pou yon lis eksepsyon okonplè ki gen pou wè ak egzijans pou atache yon deklarasyon taks, ale nan tablo eksepsyon ki nan Enstriksyon Fòm W-7 la. 3. Mwen se yon etranje ki pa rezidan k ap viv aletranje epi mwen ap gen pou mwen resevwa revni redevans. Èske mwen ap bezwen fè demann yon ITIN? Sous revni redevans Ameriken yon etranje ki pa rezidan resevwa, jeneralman sijè ak 30% taks federal sou revni. Si ou reklame yon to rediksyon sou taks federal sou revni pou sous revni redevans Ozetazini nan kad yon trete taks, ou sipose fè demann yon ITIN epi bay ajan ki fè prelèvman yo li nan yon Fòm W-8 BEN, Sètifika Estati Etranje Pwopriyetè Benefisyè pou Prelèvman Taks Ozetazini (an anglè). Deklarasyon Fòm W-8 BEN nan pa fèt nan IRS. Eksepsyon yo ki nan tablo ki nan Enstriksyon Fòm W-7, eksepsyon espesyal 1(d), Prelèvman Tyès pati sou Revni Pasif, Patikilye ki resevwa vèsman redevans pandan ane fiskal ki an kou an epi ki gen egzijans pou bay ajan prelèvman an ITIN pou sa ki gen pou wè ak prelèvman taks ak/oswa rapò egzijans yo, sipoze soumèt yon lèt ki siyen oswa dokiman pou ajan prelèvman ki verifye yon ITIN nesesè pou fè vèsman pandan ane fiskal ki ankou ki sijè ak deklarasyon enfòmasyon IRS oswa prelèvman taks federal. Pou yon modèl lèt, gade modèl Lèt nan Ajan Prelèvman nan Piblikasyon 1915, Konprann Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN) Ou (an anglè)PDF. 4. Mwen se yon etranje ki pa rezidan nan yon peyi etranje. Mwen resevwa notifikasyon ki fè kwè mwen eritye lajan Ozetazini. Egzekitè a fè konnen mwen sipoze bay yon nimewo idantifikasyon fiskal. Èske mwen ka sèlman bay yon nimewo idantifikasyon fiskal etranje? Non. Ekzekitè a mande pou ou enkli yon anèks K-1 (Fòm 1041) pou chak benefisyè lè w ap ranpli Fòm 1041, U.S. la. Deklarasyon Taks sou Revni pou Siksesyon ak Fidisi pou yon desandan eritye. Anèks K-1 sipoze bay benefisyè a nimewo idantifikasyon fiskal. Anplis de sa, eritye oswa benefisyè yon etranje ki pa rezidan ki swete reklame rekdisyon to enpo sou revni federal Ozetazini sou distribisyon siksesyon nan kad yon trete taks, sipoze ranpli ansanm ak egzekitè distribisyon an yon Fòm W-8 BEN, Sètifika Estati Etranje oswa Benefisyè Pwopriyetè pou Prelèvman Taks Ozetazini (an anglè), ki sipoze bay nimewo idantifikasyon fiskal pèsonèl la. Tanpri ale nan Deklarasyon Taks sou revni yon byen Imobilye — Fòm 1041 nan Piblikasyon 559, Sivivan, Ekzekitè, ak Administratè (an anglè). Deklarasyon Fòm W-8 BEN nan pa fèt nan IRS. Si eritye a oswa benefisyè a pa gen nimewo Sekirite sosyal, li sipoze fè demann yon ITIN nan IRS. Tanpri, ale nan Fòm W-7 ak Enstriksyon yo pou w konnen kòman ou kapab aplike pou yon ITIN. 5. Mwen fè yon demann ITIN ak yon Fòm W-7, epi mwen te notarye kopi paspò etranje mwen an. Sepandan, yo pa aksepte demann mwen an akoz de kopi notarye a. Poukisa yo pa aksepte kopi notarye a? (mizajou 2 dawout 2022) IRS la te fè mizajou pwosedi ki afekte pwosesis pou fè demann Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl la (ITIN). Kontribyab yo ak reprezantan yo sipoze revize chanjman sa yo, nou bay plis detay sou yo nan Revizyon Règleman pou Demann ITIN yo. 6. Èske konsila etranje oswa anbasad kapab sètifye dokiman mwen yo? Ou gendwa gen posiblite pou fè demann yon kopi sètifye dokiman ou yo nan yon anbasad oswa konsila. Sepandan, sèvis yo gendwa diferan soti nan yon peyi pou ale nan yon lòt, se poutèt sa nou konseye ou kontakte konsila oswa anbasad ki apwopriye a pou enfòmasyon espesifik. Prelèvman sou revni ki soti Ozetazini yo 1. Ki objektif Fòm W-8BEN lan? (mizajou 2 dawout 2022) Jeneralman, Patikilye Etranje yo sijè ak prelèvman taks Ozetani a yon to 30% sou montan brit kèk revni yo resevwa ki soti Ozetazini. Lè ou bay yon peyè (sa yo rele tou ajan prelèvman Ozetazini) yo Fòm W-8 BEN, Sètifika Estati Etranje Pwopriyetè Benefisyè Prelèvman Taks Ozetazini (an anglè) byen ranpli, avan oswa nan moman w ap touche oubyen resevwa revni an, ou: Konfime ou pa yon sitwayen ameriken, Deklare ou se pwopriyetè benefisyè revni ou bay Fòm W-8 BEN pou li an, epi Si sa aplikab, ou reklame yon rediksyon to, oswa egzanpsyon prelèvman antanke rezidan yon peyi etranje Etazini gen konvansyon fiskal sou revni ak li. Pou ou kapab reklame yon rediksyon to oswa egzanpsyon taks nan kad yon konvansyon fiskal sou revni, Fòm W-8 BEN nan sipoze genyen yon nimewo idantifikasyon kontribyab valid ladan. Fòm W-8 BEN ki ranpli a al jwenn Peyè ozetazini an (sa yo rele ajan prelèvman Ozetazini an) avan oswa pandan moman w ap touche oswa resevwa revni an. Fòm sa a pa ranpli ansanm avèk Sèvis Revni Entèn Ozetazini. Vizite Fòm W-8 BEN, Sètifika Estati Etranje Pwopriyetè Benefisyè pou Prelèvman Taks Ozetazini (an anglè) pou plis enfòmasyon. 2. Mwen se yon sitwayen ameriken k ap viv aletranje. Mwen fè deklarasyon taks federal mwen chak ane, mwen itilize adrès pèmanan mwen genyen aletranje a. Mwen fèk sot resevwa yon lèt nan men bank mwen Ozetazin ansanm ak Fòm W-8 BEN. Èske Fòm sa a aplikab nan ka pa mwen an? (mizajou 8 out 2022) Jeneralman, ou bay ajan prelèvman an oswa peyè a Fòm W-8 BEN nan si ou se yon etranje epi ou se benefisyè pwopriyetè yon montan ki sijè a prelèvman. Ou soumèt Fòm W-8 BEN nan lè ajan prelèvman an oswa peyè a mande pou ou fè sa, menm delè ou p ap fè demann rediksyon to, oswa ekzanpsyon prelèvman. Vizite Fòm W-8 BEN, Sètifika Estati Etranje Pwopriyetè Benefisyè pou Prelèvman Taks Ozetazini ak Deklarasyon (an anglè) pou plis enfòmasyon. Pliske ou se yon sitwayen ameriken, kèlkeswa kote w ap viv la, ou sipoze bay bank ou Ozetazini oswa peyè ou yon Fòm W-9, Demann Nimewo Idantifikasyon Kontribyab ak Sètifikasyon, pou Sètifye nimewo idantifikasyon fiskal ou bay la kòrèk (oswa w ap tann yo ba ou yon nimewo), Sètifye ou pa sijè a Sovgad Prelèvman, oswa, Reklame egzanpsyon apati de Sovgad Prelèvman (an anglè) ki aplikap ak benefisyè ki pa bay yon nimewo idantifikasyon kontribyab ki valid oswa benefisyè ki egzante. Tanpri ale nan Enstriksyon Fòm W-9 yo pou plis detay. 3. Mwen se yon etranje ki pa rezidan epi mwen resevwa yon Fòm 8288-A nan men konpayi Tit Pwopriyete oswa avoka k ap jere vant yon byen fizik ki Ozetazini mwen posede depi plizyè ane. Pou ki sa mwen resevwa li, e ki jan sa afekte mwen? (mizajou 16 dawout 2022) Jeneralman, achtè (moun ki resevwa) yon byen reyèl ozetazini sipoze prelve taks sou lavant lan lè achtè a ap fè akizisyon byen nan men yon etranje. prelèvman sa a ap sèvi pou kolekte taks Ozetazini yon etranje gendwa dwe. Gade Prelèvman FIRPTA (an anglè). Fòm 8288-A, Deklarasyon Prelèvman sou Enterè sou Byen Imobilye Ozetazini Yon Etranje Fè (an anglè), itilize pou rapòte detay sou lavant lan, sa ki gen ladan montan enpo ki prelve Ozetazini an, epi transmèt enfòmasyon yo bay vandè (moun kap transfere) a ak IRS la. Fòm 8288-B, Aplikasyon pou Sètifika Prelèvman sou Enterè sou Byen Imobilye Ozetazini Yon Etranje Fè (an anglè), etranje yo itilize li pou kapab fè demann sètifika prelèvman pou diminye oswa elimine prelèvman sou dispozisyon enterè byen imobilye Ozetazini. Gade Aplikasyon pou Sètifika Prelèvman FIRPTA yo (an anglè). Benefis yo oswa pèt yo sou lavant byen imobilye ou yo sipoze rapòte nan Fòm 1040-NR, U.S. Deklarasyon Enpo sou Revni pou Etranje ki Pa Rezidan (an anglè). Montan enpo sou enpo sou revni federal ki prelve a ki afiche nan Fòm 8288-A ou a sipoze rantre nan seksyon Pèman yo nan paj 2 Fòm 1040-NR pou ou kapab resevwa kredi pou prelèvman taks la. Si byen an ou te vann nan, se te pou ou menm ak tout konjwen ou li te ye, se de Fòm 1040-NR deklarasyon taks ki sipoze depoze. N ap gen pou nou konplete endividyèlman pwòp Fòm 1040-NR nou separeman. Sa ki gen ladan anèks D ak Fòm 1040-NR epi divize montan yo egal ego lè n ap konplete divès fòm yo. Vizite Deklare ak Peye Enpo sou Enterè Byen Imobilye Ozetazini (an anglè) pou plis enfòmasyon. 4. Antanke yon etranje ki pa rezidan, èske m ap gen pou mwen rapòte Pwofi jwèt Aza mwen fè Ozetazini? Si se wi, kijan pou mwen rapòte jan de pwofi sa yo? (mizajou 16 dawout 2022) An jeneral, etranje ki pa rezidan yo dwe peye 30% taks la sou montan brit yo te genyen nan jwèt aza yo Ozetazini si revni sa pa efektivman lye ak yon komès oswa yon antrepriz nan etazini epi yon konvansyon fiskal sou revni pa ekzante li. Tout fwa, pa gen okenn taks ki enpoze sou revni jwèt aza ki pa komèsyal yon etranje ki pa rezidan fè nan jwe blakdjak, bakara, kraps, kazino, lawoulèt Ozetazini. Etranje ki pa rezidan rapòte prelèvman taks, ansanm ak pwofi brit jwèt aza yo nan Fòm 1042-S Moun ki se Etranje Ozetazini. Sous Revni ki Sijè ak Prelèvman (an anglè). Pou sa ki gen pou wè ak prelèvman sou pwofi jwèt aza, pwofi brit yo se pwofi jwèt aza ki egal oswa ki depase montan debaz pou chak kalite jwèt aza byen espesifik. Konsa tou, verifye trete taks sou revni yo ant Etazini ak yon peyi etranje an Patikilye pou yon rediksyon to oswa yon egzanpsyon enpo sou revni okonplè, pou rezidan peyi sa a an patikilye. Vizite Konvansyon Fiskal sou Revni Ozetazini yo soti nan A pou rive nan Z (an anglè) pou ou kapab jwenn yon lis konplè ki gen tout konvansyon fiskal ki an vigè yo. Pou ou reklame nenpòt ki avantaj trete taks, ou sipoze bay peyè a yon Fòm W-8 BEN ki valid - ak yon nimewo idantifikasyon kontribyab Ameriken - Si revni jwèt aza a pa gen rapò dirèk ak komès oswa biznis Ozetazini. Deklarasyon Fòm W-8 BEN nan pa fèt nan IRS. Vizite Piblikasyon 515, Prelèvman Taks sou Etranje ki pa Rezidan ak Antite Etranje yo (an anglè) ak Piblikasyon 901, Konvansyon Fiskal Ameriken yo (an anglè) pou plis enfòmasyon. Deklarasyon Kont Finans Aletranje yo 1. Mwen t ap li ti liv 1040 lan, nan seksyon ki pale de Anèks B a mwen wè yo pale de rapòte nimewo kont bankè etranje mwen bay IRS la. Èske koze sa a konsène mwen epi èske gen aksyon mwen sipoze poze? (mizajou 2 dawout 2022) Si ou genyen yon enterè finansye oswa sinyati nan men yon otorite nan yon kont finansye aletranje, sa ki gen ladan yon kont bankè, kont koutaj, fon mityèl, fidisi, oswa lòt kalite kont finansye etranje, lwa sou sekrè bankè gendwa egzije ou pou ou rapòte kont sa a chak ane bay Sèvis Revni Entèn (IRS) lè ou ranpli Rapò FinCEN 114, Deklarasyon Kont Bank ak Finans Aletranje (FBAR) (an anglè) (sa yo te rele avan TD F 90-22.1). Anplis de sa, Sitwayen ameriken yo ak rezidan ki gen byen finansye espesifik aletranje yo ki gen yon valè global ki depase $50,000 sipoze rapòte yo bay IRS la nan Fòm 8938, Deklarasyon Byen Finansye Espesifik ki Aletranje yo (an anglè), atache nan deklarasyon taks federal yo. Pou pli enfòmasyon konsènan deklarasyon espesifik byen finansye aletranje yo, gade Enfòmasyon sou FATCA pou Patikilye yo (an anglè). Egzijans pou ranpli Fòm 8938 an pa ranplase oswa afekte yon lòt fason obligasyon kontribyab la genyen pou li ranpli Deklarasyon 114 FinCEN nan, Deklarasyon Kont Bank ak Finans Aletranje (FBAR) (sa yo te rele avan TD F 90-22.1) Pou yon tablo konparezon sou egzijans de deklarasyon kont aletranje sa yo, gade Konparezon Egzijans Fòm 8938 ak FBAR yo (an anglè). Moun ki fè deklarasyon, apati de premye jiyè 2013, sipoze fè deklarasyon FBAR atravè Sistèm Deklarasyon Elektwonik BSA (an anglè). Si ou pa an mezi pou ou fè sa elektwonikman, moun k ap fè deklarasyon an kapab fè demann yon egzanpsyon, lè li kontakte liy telefòn asistans FinCEN nan ki se 800-949-2732 oswa 313-234-6146 (apèl la pa gratis pou moun k ap rele ki p ap viv ozetazini.). Asistans pou ede konplete FBAR a disponib lendi - vandredi sòti 8 è nan maten pou rive 4 è 30 nan aprè midi. Lè ès 866-270-0733 (apèl gratis si w ap viv Ozetazini.) oswa 313-234-6146 (apèl la pa gratis pou moun ki pap viv Ozetazini). Ou kapab voye kesyon ou genyen sou FBAR a nan fbarquestions@irs.gov. Moun k ap fè deklarasyon k ap vi aletranje gendwa kontakte anbasad ak konsila yo pou kapab jwen èd. Pou kesyon konsènan sistèm deklarasyon elektwonik la, sone biwo ki bay asistans pou dekalarasyon elektwonik BSA a nan 866-346-9478, opsyon 1 (lendi - vandredi, 8 a.m. pou 6 p.m. Lè ès) oswa voye yon imèl nan bsaefilinghelp@fincen.gov. Vizite Rapò Kont Finansye ak Labank Aletranje yo (FBAR) (an anglè), Lwa sou Respè Obligasyon Fiskal Kont Aletranje yo (FATCA) (an anglè), ak Enfòmasyon sou FATCA pou Patikilye yo (an anglè) pou plis enfòmasyon. Kesyon yo Plis Poze Souvan pou Etranje Rezidan Ozetazini ak Sitwayen Ameriken K ap Viv Aletranje yo 1. Mwen se yon sitwayen ameriken. Si mwen ta deloje, mwen al viv Kanada, epi mwen ap travay la antanke rezidan pèmanan, èske mwen ap oblije peyi ni Ozetazini ni kanada? Antanke yon sitwayen ameriken k ap viv Okanada ou: Gen obligasyon pou ou fè yon deklarasyon taks chak ane, epi ou gendwa gen obligasyon pou ou deklare kèk enfòmasyon lè sa aplikab. (pa egzanp Fòm 3520, Deklarasyon Anyèl pou Deklare Tranzaksyon avèk Fidisi Aletranje yo ak Resi yon Seri Don Aletranje (an anglè); Deklarasyon 114 FinCEN, Deklarasyon Kont Etranje ak Kont Fninansye yo (FBAR) (an anglè) (Sa yo te rele avan TD F 90-22.1); Fòm 8938, Deklarasyon Byen Finansye Espesifik Ki aletranje (an anglè)). Ou sipoze deklare tou revni ou jenere nan kat kwen mond lan nan deklarasyon enpo sou revni ou si ou reponn ak ekzijan revni minimòm ki gen pou wè ak estati deklarasyon ou ak laj ou. Ou sipoze konatkte gouvènman Kanadyen an pou kapab detèmine si wi oswa non ou gen obligasyon pou ou fè yon deklarasyon enpo kanadyen epi peye taks Kanadaa. Ou gendwa benefisye posiblite pou chwazi eskli nan deklarasyon enpo sou revni ou kèk oswa tout revni ou touche ki jenere aletranje yo, si ou reponn ak kèk egzijans, oswa pou ou reklame yon kredi taks aletranje si ou te peye enpo Okanada. Pou plis detay, tanpri, ale nan Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen Ameriken ak Etranje Rezidan Aletranje (an anglè), ak Piblikasyon 597, Enfòmasyon sou Konvansyon Fiskal sou Revni Etazini-Kanada a (an anglè). 2. Èske Plan pansyon Kanadyen yo ak avantaj sekirite sosyal pou moun ki aje yo taksab? Si se wi, tanpri endike mwen ki kote mwen sipoze rantre yo nan Fòm 1040 lan. Taks sou pèman ou resevwa ki sòti nan pwogram retrèt kanada yo fèt menm jan Ozetazini. Sistèm Sekirite Sosyal la benefisye tretman espesyal gras ak yon trete taks ant Etazin ak Gouvènman Kanadyen an. Fason revni sa a takse depann de Rezidans benefisyè a. Tretman taks espesyal sa a aplikap pou pèman ki sòti nan pwogram retrèt kanadyen sa yo: Plan Pansyon Kanadyen (CPP), Plan Pansyon Kebekwa (QPP), ak Sekirite Pou Poun Ki Aje (OAS). Si benefisyèe a ap viv Ozetazini, avantaj yo: taksab sèlman Ozetazini, trete tankou Ozetazini Avantaj Sekirite Sosyal Ozetazini pou sa ki gen pou wè ak taks, epi deklare nan Fòm 1040, Ozetazini Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl (oswa Fòm 1040-SR) nan liy kote Avantaj Sekirite sosyal Ameriken yo t ap rapòte a. Si benefisyè a se yon Sitwayen ameriken oswa yon Rezidan Pèmanan Legal (ki gen green card li) ki ap viv kanada, avantaj yo ap taksab sèlman kanada. Remak: Ale nan Sijè taks 423, Sekirite Sosyal ak Ekivalan Avantaj Retrèt Wout Tren (an anglè), pou plis enfòmasyon sou fason pou detèmine montan ki taksab nan avantaj ou yo. Pou plis detay, tanpri, ale nan Piblikasyon 519, Ozetazini Gid Fiskal pou Etranje (an anglè), Piblikasyon 597, Enfòmasyon sou trete taks ant Etazini ak Kanada (an anglè), ak Piblikasyon 915, Sekirite Sosyal ak Ekivalan Avantaj Retrèt Wout Tren (an anglè). 3. Kisa ki Revni ki Fèt Aletranje? Èske se revni yon etranje peye pou yon travay aletranje oswa èske li se revni yon konpayi ameriken peye pou travay aletranje? (mizajou 2 dawout 2022) Revni salaryal la peye jeneralman pou sèvis pèsonèl ki bay, tankou salè, ak frè pwofesyonèl pou sèvis pèsonèl. Revni Salaryal ki Fèt Aletranje se revni ou resevwa pou sèvis ou bay nan youn oswa plizyè peyi etranje. Pou ou ka kalifye pou ekzanpsyon sou revni ki fèt aletranje a: Adrès fiskal ou sipoze nan yon peyi etranje; epi Ou sipoze reyisi swa tès rezidans bona Fide a oswa tès prezans fizik la. Sa pa gen anyen pou wè ak si ou touche revni an nan men yon anplwayè ameriken oswa etranje. Ale sou Ekzanpsyon pou Revni ou Touche Aletranje - Kisa ki Revni Salaryal Aletranje (an anglè) ak Fòm 2555, Revni ki Fèt Aletranje (an anglè) pou plis enfòmasyon. 4. Mwen ap vin nan yon peyi etranje. Kijan pou mwen fè pou m jwenn Nimewo Sekirite Sosyal pou depandan mwen genyen ki kalifye pou yon kat Sekirite Sosyal? (mizajou 2 dawout 2022) W ap gen pou ou kontakte Administrasyon Sekirite sosyal la, paske IRS la pa reyalize Nimewo Sekirite Sosyal (SSN yo) Itilize Fòm SS-5FS Aplikasyon Pou yon Kat Nimewo Sekirite Sosyal (an anglè)PDF, ou kapab jwenn li epi ranpli li ak Administrasyon Sekirite Sosyal la (an anglè). 5. Antanke yon etranje ki pa rezidan, Mwen pa sijè ak prelèvman Sekirite Sosyal ak Medicare. Pa erè, anplwayè mwen an prelve enpo sa yo nan salè mwen. Ki sa mwen sipoze fè pou mwen kapab jwenn ranbousman taks sekirite sosyal ak Medicare yo (mizajou 2 dawout 2022) Si enpo Sekirite Sosyal ak Medicare yo te prelve pa erè nan salè ou touche ki pa t sijè ak taks sa a, ou sipoze kontakte anplwayè ou an premye pou ranbousman. Si ou pa anmezi pou ou resevwa yon ranbousman nan men anplwayè ou, fè yon reklamasyon ranbousman nan Sèvis Revni Entèn nan Fòm 843, Reklamasyon Ranbousman ak Demann Rediksyon (an anglè). Vizite seksyon “Enpo sekirite Sosyal ak Medicare” chapit 8 nan Piblikasyon 519, U.S. Gid Fiskal pou Etranje (an anglè), pou plis enfòmasyon. 6. Èske ou se yon etidyan etranje ki pa rezidan ki gen yon visa F-1 oswa J-1, epi w ap travay pou yon konpayi ameriken ki fè obligasyon prelèvman taks federal nan chèk pèman yo? Yon anplwayè gendwa gen egzijans pou li fè prelèvman taks federal sou revni sou chèk pèman an. Salè ak lòt konpansasyon yo peye yon etranje ki pa rezidan pou sèvis yo rann kòm yon anplwaye anjeneral soumèt yo anba yon prelèvman gradyèl nan menm pousantaj ak etranje rezidan ak sitwayen ameriken yo, sof si ta gen esklizyon espesifikman tèm “salè” a nan kad lalwa oswa konvansyon fiskal. Etranje ki pa rezidan yo sipoze swiv enstriksyon yo lè yo ap konplete Fòm W-4, Sètifika Alokasyon Prelèvman Anplwaye a. Tanpri, ale nan Piblikasyon 519, Gid Fiskal Pou Etranje (an anglè), pou enstriksyon pou konplete Fòm W-4 la. Etranje ki pa rezidan yo k ap reklame konpansasyon pou yon egzanpsyon prelèvman gras ak yon trete taks sipoze ranpli Fòm 8233, Ekzanpsyon Prelèman sou Konpansasyon pou Sèvis Pèsonèl Endepandan (ak Kèk Depandan) yon Rezidan ki pa Etranje (an anglè). Pou plis detay, tanpri ale nan Piblikasyon 515, Prelèvman Taks sou Etranje ki pa Rezidan ak Antite Etranje yo (an anglè). 7. Mwen se yon sitwayen amerike k ap travay pou yon konpayi etranje. Èske salè gen nan salè oswa depans mwen yo ki pa sijè ak taks? Lè w ap prepare deklarasyon taks sou revni ameriken ou, Sitwayen ameriken yo ak rezidan k ap travay aletranje yo sipoze deklare kòrèkteman revni yo epi kalkile dediksyon yo ak kredi yo. Yo takse rezidan etranje sou revni global yo, menm jan ak sitwayen ameriken yo. Ou sipoze deklare salè ou sou liy ki kòrèk la nan Fòm 1040 ou an. Gen kèk kontribyab ki gendwa kalifye pou eskli yon montan limite nan revni yo touche aletranje yo epi an menm tan reklame egzanpsyon oswa dediksyon ou lojman. Pou kalifye: Adrès fiskal ou sipoze nan yon peyi etranje; epi an menm tan: Ou sipoze yon sitwayen ameriken ki se yon rezidan Bona Fide youn oswa plizyè peyi etranje, pandan yon peryòd sanzentèwonp ki gen ladan li yon ane fiskal an antye ; Ou sipoze yon rezidan etranje ki se sitwayen yon peyi kote Etazini gen trete taks sou revni ki an vigè epi ki se yon rezidan Bona Fide youn oswa plizyè peyi etranje, pandan yon peryòd inentèwonpi ki gen ladan li yon ane fiskal an antye, oswa Ou se yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan etranje ki prezan fizikman nan youn oswa plizyè peyi etranje pou pi piti 330 jou okonplè pandan nenpòt peryòd 12 mwa youn apre lòt. Kontribyab yo gendwa elijib pou reklame yon kredi taks etranje si yo te gen obligasyon pou yo peye enpo aletranje pou nan peyi etranje a si yo pa ta elijib pou egzanpsyon ki gen pou wè ak revni sa. Kontribyab yo gendwa kalifye tou fè dediksyon yo fè pandan yo pa nan rezidans abityèl yo (transpò, alimantasyon ak lojman), men se pa kont revni ki eskli. Pou plis detay, tanpri, ale nan Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen ak Rezidan Etranje Lòtbò (an anglè), Piblikasyon 463, Vwayaj, Distraksyon, Don ak Depans pou Machin (an anglè), ak Piblikasyon 514, Kredi Taks Etranje pou Patikilye (an anglè). 8. Ki jan mwen ap fè konnen si Etazini genyen yon konvansyon fiskal an vigè ak yon lòt peyi? IRS la mete disponib lis peyi yo ki gen trete taks ki an vigè ak Etazini. Tanpri, ale nan Piblikasyon 901, Konvansyon Fiskal Ameriken yo (an anglè), pou plis enfòmasyon konsènan Konvansyon Fiskal Amerikeni yo. Vizite paj Tete Fiskal Ameriken yo soti nan A pou rive nan Z (an anglè). 9. Èske mwen oublije reyisi tès prezans fizik 330 jou a oswa genyen yon viza travay pou rezidan pou mwen kapab elijib pou egzanpsyon revni salarayl ki fèt aletranje a? (mizajou 2 dawout 2022) Pou reklame ekzanpsyon revni ki fèt aletranje ak keseswa se egzanpsyon pou lojman oswa dediksyon pou lojman: Ou sipoze gen revni ni jenere aletranje, Adrès fiskal ou sipoze nan yon peyi etranje, epi Ou sipoze nan youn nan kategori sila yo: Ou se yon sitwayen ameriken ki se yon rezidan Bona Fide youn oswa plizyè peyi etranje, pandan yon peryòd inentèwonpi ki gen ladan li yon ane fiskal an antye, ou se yon rezidan etranje ki se sitwayen yon peyi kote Etazini gen trete taks sou revni ki an vigè epi ki se yon rezidan Bona Fide youn oswa plizyè peyi etranje, pandan yon peryòd inentèwonpi ki gen ladan li yon ane fiskal an antye, oswa Ou se yon sitwayen oswa yon rezidan etranje ki prezan fizikman nan youn oswa plizyè peyi etranje pou pi piti 330 jou okonplè pandan nenpòt peryòd 12 mwa youn apre lòt. Lwa fiskal peyi etazini pa egzije espesifikman pou yon rezidan etranje gen viza oswa viza travay, men ou sipoze respekte lwa lalwa peyi etranje a. Ale sou Egzanpsyon Pou Revni ki Jenere Aletranje, Piblikasyon 54, Gid Fiskal Sitwayen Ameriken ak Etranje Rezidan ki Aletranje (an anglè) ak Fòm 2555, Revni ki Fèt Aletranje (an anglè), pou plis enfòmasyon. 10. Èske gen yon sit entènèt ki genyen to chanj yo pou kapab konvèti deviz etranjè yo an dola ameriken? (mizajou 2 dawout 2022) Sèvis Revni Entèn nan pa genyen sit ofisyèl ki bay to chanj. Jeneralman, li aksepte tout to echnaj ki pibliye yo itilize anpil. Vizite Monnen Etranjè ak To Echanj Monnen Etranjè yo (an anglè) ak Mwayèn Anyèl To Echanj Monnen Etranjè yo pou plis enfòmasyon.