Yo revize règleman pou aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl yo (ITIN)

IRS aktyalize pwosedi ki gen pou wè ak pwosesis pou aplike pou Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl yo (ITIN). Kontribyab yo ak reprezantan yo ta dwe ekzamine chanjman sa yo. W ap jwenn plis enfòmasyon nan seksyon Kesyon Moun Poze Souvan, anvan ou fè demann pou yon ITIN.

Ki règleman pou aplikasyon pou ITIN yo ki revize?

IRS te anonse chanjman nan pwosesis pou mande yon ITIN ki te mande pou gen revizyon nan règleman pou aplikasyon pou ITIN yo. Koulye a, chak aplikan pou ITIN:

Yon aplikan ki kalifye pou yon eksepsyon nan kritè pou soumèt yon deklarasyon taks fèt pou bay dokimantasyon ki pou sipòte eksepsyon an (konsilte enstriksyon pou Fòmilè W-7).

Poukisa IRS te revize pwosesis aplikasyon pou ITIN lan?

IRS revize pwosesis aplikasyon ITIN lan pou asire ke se ITIN lan ki itilize pou jere administrasyon taks yo.

Ki dokiman yo ka aksepte kòm pyès valid pou idantite ak estati etranje w?

IRS senplifye kantite dokiman ajans lan ap aksepte kòm pýès valid pou idantite ak kondisyon etranje moun ki bezwen yon ITIN. Gen 13 dokiman ki akseptab. Chak dokiman dwe aktyalize e yo dwe gen yon dat espirasyon. IRS ap akepte dokiman ki emèt nan 12 mwa apati lè aplikasyon an te soumèt, si okenn dat espirasyon pa endike. Dokiman yo dwe genyen tou, non ou ak foto w, e yo dwe bay prèv se etranje ou ye. Si w ap bezwen dokiman orijinal ou yo pou nenpòt rezon nan 60 jou apre ou fin soumèt aplikasyon pou ITIN ou an, ou ka swete aplike an pèsòn nan yon Sant Asistans pou Kontribyab IRS oswa CAA. Ou kapab chwazi tou pou ou soumèt kopi sètifye ki soti nan ajans livrezon an pito. Men yon lis sèl dokiman ki asektab:

  • Paspò (dokiman endepandan) *
  • Kat idantifikasyon nasyonal (kat la fèt pou montre foto, non, adrès ou, dat ou fèt ak dat espirasyon)
  • Lisans pou kondui nan Etazini
  • Batistè (dokiman sa a nesesè pou depandan ki gen mwens pase 18 lane)
  • Lisans chofè etranje
  • Kat idantifikasyon Eta Etazini
  • Kat anrejistreman elektè etranje
  • Kat idantifikasyon militè Etazini
  • Kat idantifikasyon militè etranje
  • Viza
  • Foto idantifikasyon pou Sitwayennte Ameriken ak Sèvis Imigrasyon (USCIS)
  • Dosye medikal (depandan sèlman – pou sa ki gen mwens pase 6 lane)
  • Dosye lekòl (depandan sèlman – pou sa ki gen mwens pase 14 lane si se etidyan li ye)

* Yon paspò, se sèl dokiman ki bay prèv idantite ak kondisyon etranje yon moun. Pou depandan yo, paspò a dwe genyen yon dat admisyon pou l kapab sèvi kòm dokiman endepandan, amwens ke depandan sa a soti nan peyi Kanada oswa Meksik, oswa yon depandan pèsonèl militè etazini ki nan misyon lòtbò dlo. Si pa gen yon paspò, se pou gen yon konbinezon 2 dokiman osnon plis pou kondisyon yo kapab respekte.

Ki dokiman ki akseptab kòm pyès valid rezidans pou depandan ki gen yon paspò ki pa gen dat admisyon?

Aplikan an ap gen pou soumèt (ansanm ak paspò li), pyès sila yo:

  • Si li gen mwens pase 6 lane: yon dosye medikal etazini, yon dosye lekòl etazini, oswa kat idantifikasyon eta ameriken ki genyen lis non aplikan yo ak adrès yo ozetazini, oswa yon viza ameriken.
  • Si li gen pou pi piti 6 lane men mwens pase 18 lane: yon dosye lekòl etazini, kat idantifikasyon eta ameriken, oswa lisans chofè ki genyen lis non aplikan yo ak adrès yo ozetazini, oswa yon viza ameriken.
  • Si li gen 18 lane oswa plis: yon dosye lekòl etazini, yon deklarasyon lwaye ki soti nan yon pwopriyete ameriken, fakti sèvis pou yon pwopriyete ameriken, oswa yon relve bankè ameriken, kat idantifikasyon ameriken oswa lisans chofè ki gen lis non aplikan yo ak adrès yo ozetazini, oswa yon viza ameriken.