Opsyon pou ranpli gratis ak èd enpo

Konsèy enpo IRS 2025-22, 1 avril 2025

Kontribyab k ap chèche èd enpo gen plizyè opsyon pou ranpli gratis ak prepare deklarasyon yo.

Èd IRS an pèsòn pou moun aje yo ak kontribyab ki gen ti revni

Kontribyab ki elijib yo ka prepare enpo yo an pèsòn gratis atravè de pwogram sa yo:

  • Konsèy Enpo pou Moun Aje – Pwogram TCE bay kontribiyab ki gen laj 60 an oswa plis priyorite. TCE espesyalize nan kesyon sou pansyon ak pwoblèm ki gen rapò avèk retrèt inik pou moun aje yo.
  • Volontè Asistans pou Enpo sou Revni – Anjeneral, pwogram VITA a se pou moun ki fè $67 000 oswa mwens, moun ki enfim ak kontribyab ki limite nan pale anglè.

Kontribyab yo ka ale nan paj preparasyon enpo gratis IRS nan IRS.gov epi sèvi ak zouti ki disponib pou lokalize sit yo pou jwenn yon sit TCE oswa VITA toupre.

IRS Direct File

Kontribyab ki kalifye nan 25 eta yo ka ranpli enpo federal sou entènèt an sekirite, fasil epi gratis, dirèkteman avèk IRS lè l itiliize Direct File (an anglè).

Se yon sèvis anliy ki ofri èd gide an Anglè ak Panyòl pou prepare ak ranpli deklarasyon enpo federal sou telefòn entelijan, tablèt oswa òdinatè. Kontribyab yo ka menm enpòte sèten done ki soti nan kont IRS yo a. Tcheke fèy enfòmasyon (an anglè) sa a pou w konnen ki moun ki ka sèvi ak Direct File la.

IRS Free File

  • Anpil moun ka ranpli enpo yo gratis ak IRS Free File. Pwogram nan ofri lojisyèl preparasyon enpo sou entènèt pou kontribyab ki gen yon revni $84 000 oswa mwens an 2024.
  • Atravè pwogram sa a, ki se yon patenarya piblik-prive ant IRS ak Free File Alliance, dirijan founisè lojisyèl enpo yo fè pwodwi sou entènèt yo disponib gratis. Ane sa a, gen sèt pwodwi an anglè ak youn an panyòl.
  • Chak patnè Free File IRS fikse pwòp estanda kalifikasyon pa l ki baze sou revni, laj ak rezidans eta a. Kontribyab yo ka navige chak òf oswa sèvi ak zouti Find a Trusted Partner Tool (Jwenn yon Patnè ou Fè Konfyans) pou jwenn bon pwodwi.
  • Lojisyèl pwogram nan sipòte fòm ki pi komen yo ka ranpli elektwonikman, tankou Fòm 1040-SR pou moun aje ki gen plis pase 65 an.
  • Founisè pwogram yo ofri tou preparasyon pou deklarasyon enpo sou revni leta, gen kèk ki gratis ak kèk pou yon frè. Kontribyab yo ka sèvi ak zouti rechèch la pou jwenn bon pwodwi leta a.
  • Tout pwodwi pwogram yo aktive pou aparèy mobil pou kontribyab yo ka sèvi ak telefòn entelijan oswa tablèt pou fè deklarasyon enpo yo.

Free File fòm ranpli yo

Pandan IRS Free File gen yon rediksyon revni, nenpòt moun ka sèvi ak Free File Fòm ranpli yo. Fòm ranpli yo pa gen preparasyon gide, kidonk kontribyab yo dwe konfòtab pou ranpli pwòp fòm enpo yo.

Sèten veteran ka sèvi ak MilTax

Lojisyèl sou entènèt MilTax (an anglè) disponib pou sèten veteran, kèlkeswa revni, epi yo ofri atravè Depatman Defans lan. MilTax pèmèt kontribyab ki elijib yo prepare epi ranpli deklarasyon enpo sou revni federal yo ak jiska twa deklarasyon enpo sou revni leta yo gratis.

Abòne nan konsèy enpo IRS (an anglè)