Kèk konsiderasyon fiskal pou moun k ap separe oswa divòse

Konsèy Fiskal IRS 2022-92, 15 Jen 2022

Lè moun yo ap fè yon separasyon oswa divòs legal, chanjman nan estati relasyon yo a afekte sitiyasyon fiskal yo tou. IRS konsidere yon koup marye dwe fè deklarasyon jiskaske yo jwenn yon dekrè final pou divòs oswa separasyon.

Mizajou sou prelèvman

Lè yon moun vin divòse oswa separe, dabitid yo bezwen deklare yon nouvo Fòm W-4 bay patwon travay yo pou yo reklame bon prelèvman an. Si yo resevwa pansyon, yo ka genyen pou yo fè pèman estimasyon taks. Zouti Estimatè Prelèvman Taks la sou IRS.gov kapab ede moun yo kalkile si se prelèvman montan ki kòrèk la y ap fè.

Konprann tretman taks pansyon alimantè a ak mentnans separasyon an

Montan yo peye bay yon konjwen oswa yon ansyen konjwen nan kad yon dekrè divòs, yon dekrè mentnans separasyon, oswa yon akò separasyon alekri ka pèman pansyon oswa pèman mentnans separasyon pou rezon taks federal. Gen pèman pansyon oswa mentnans separasyon konjwen k ap peye a ka dedui, epi konjwen ki benefisyè a dwe mete li kòm revni.

Sepandan, endividi yo pa ka dedui pèman pansyon oswa mentnans separasyon ki fèt nan kad yon akò divòs oswa separasyon ki te ekzekite apre 2018 oswa anvan 2019 men ki te modifye annapre si modifikasyon an di nwa sou blan abwogasyon dediksyon an pou pèman pansyon yo aplike a modifikasyon an. Pèman pansyon oswa mentnans separasyon yo resevwa nan kad yon akò konsa pa nan revni konjwen ki benefisyè a.

Detèminen kiyès k ap deklare yon timoun depandan si n ap depoze deklarasyon separe

Jeneralman, paran ki gen gad timoun nan kapab deklare timoun sa sou deklarasyon taks li. Si paran yo pataje gad la egal ego epi yo pa fè deklarasyon konjwen, y ap genyen pou yo deside ki paran k ap deklare timoun nan. Genyen prensip depataj yo (an anglè) si paran yo pa rive antann yo. Moun k ap peye a pa ka dedui pèman pansyon alimantè timoun nan e moun k ap benefisye a pap peye taks pou yo.

Deklare transfè pwopriyete, si nesesè

Dabitid, yo pa rekonèt benefis oswa pèt sou transfè pwopriyete ant konjwen yo, oswa ant ansyen konjwen si transfè a se akoz yon divòs. Moun yo ka genyen pou yo deklare tranzaksyon an sou yon deklarasyon taks sou don.

Konsiderasyon kondisyon fiskal

Koup ki nan pwosesis divòs ki toujou marye nan fen ane a trete tankou yo marye pou ane a e yo dwe detèmine kondisyon fiskal yo. Zouti Ki Kondisyon Fiskal Mwen (an anglè) sou IRS.gov kapab ede moun yo jwenn ki kondisyon ki koresponn ak sitiyasyon yo a.

Men kondisyon moun k ap separe oswa ki apenn divòse ta dwe konsidere:

  • Moun ki marye ki fè deklarasyon ansanm. Yon koup marye k ap depoze deklarasyon konjwen deklare revni konbine yo epi dedui depans dediktib konbine yo nan yon sèl deklarasyon. Pou anpil koup, yo peye mwens taks nan deklare ansanm pase lè yo deklare apa.
  • Marye k ap deklare apa. Si konjwen yo fè deklarasyon taks apa, yo chak deklare pwòp revni pa yo, dediksyon yo, ak kredi sou deklarasyon pèsonèl yo. Chak konjwen responsab pou taks li dwe sou pwòp deklarasyon pa li. Moun yo ta dwe panse ak si deklare apa oswa ansanm ap pi bon pou yo.
  • Chèf fwaye. Kèk moun ki separe ka kalifye pou yo deklare antanke chèf fwaye si tout sa yo aplike:
    • Konjwen yo pa t ap viv lakay yo pandan sis (6) dènye mwa pase yo.
    • Yo te peye plis pase mwatye depans pou antretyen kay yo a pou ane a.
    • Kay yo a te kay prensipal timoun depandan yo a pandan plis pase mwatye ane a.
  • Selibatè. Depi yo fin bay dekrè final divòs la oswa mentnans separasyon an, kontribyab la ap deklare antanke selibatè kòmanse pou ane yo te bay li a, sof si kontribyab la kalifye pou li deklare antanke chèf fwaye oswa li remarye nan fen ane a.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)