Mizangad Pou Kontribyab Yo: Peryòd taks la se yon moman enpòtan pou anak sou telefòn

Konsèy Fiskal 2022-15, 27 Janvye 2022

Ak nouvo sezon taks la k ap kòmanse semèn sa a, IRS raple kontribyab yo pou yo konnen kriminèl yo kontinye fè apèl agresif pran pòz se ajan IRS nan espwa vòlè kòb kontribyab oubyen enfòmasyon pèsonèl.

Men kèk siy sou anak taks ak etap kontribyab yo ka poze si yo resevwa yon apèl fwod.

IRS pa p janm:

  • Rele w pou mande ou pèman prese prese sèvi ak yon metòd pèman espesifik tankou kat debit prepeye, kat kado oubyen transfè labank. An jeneral, IRS ap dabò voye yon fakti bay kèlkeswa kontribyab la ki dwe taks.
  • Menase pou imedyatman enplike lapolis lokal oubyen lòt kò ki fè respekte lalwa pou arete kontribyab la poutèt l pa peye
  • Mande pou peye taks san bay kontribyab yo opòtinite diskite oubyen konteste montan yo dwe a.
  • Rele san pou yon ranbousman taks.

Kontribyab ki resevwa apèl sa yo dwe:

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)