Konprann kredi pou timoun ak depandan an

Konsèy Fiskal IRS 2022-33, 2 mas 2022

Kontribyab k ap peye yon moun pou okipe pitit li yo oswa yon lòt manm nan fanmi an yon fason pou yo ka al travay, gendwa kalifye pou resevwa kredi pou timoun ak depandan an, san sa pa gen anyen pou wè ak revni yo.

Pou ane fiskal 2021, maksimòm depans ki kalifye pou kredi sa a se $8,000 pou yon sèl timoun epi $16,000 pou de timoun oswa pi plis. An fonksyon de revni kontribyab yo, yo gendwa benefisye jiska 50% nan frè sa yo (an anglè).

Nan kad kredi sa a, IRS baze sou kritè sa yo pou detèmine si yon moun kalifye.

  • Yon depandan kontribyab la ki poko gen 13 an lè l ap resevwa swen an.
  • Konjwen kontribyab la gen pwoblèm fizik oswa mantal ki anpeche li okipe tèt li, epi l ap viv ak kontribyab la pandan plis pase mwatye nan ane a.
  • Yon moun ki gen pwoblèm fizik ak mantal ki anpeche li okipe tèt li epi k ap viv ak kontribyab la pandan si mwa pou pi piti:
    1. Moun ki kalifye a te depandan kontribyab la oswa
    2. Li t ap ka konsidere antanke depandan kontribyab la sof akoz de pwen sa yo: 
      • Moun ki kalifye a te resevwa yon revni brit $4,300 oswa pi plis
      • Moun ki kalifye a te reyalize yon deklarasyon konjwen
      • Yon lòt moun gendwa reklame kontribyab la oswa konjwen li antanke depandan, sizoka yo te reyalize yon deklarasyon konjwen.

Kontribyab yo ka itilize Asistan Taks Entèraktif (an anglè) la sou sit IRS.gov la pou yo kapab detèmine si yo elijib pou reklame kredi sa a.

Plis enfomasyon: