Lis verifikasyon planifikasyon maryaj: gato, bag, flè... Fòm taks?

Konsèy fiskal IRS 2022-77, 18 me 2022

Sezon maryaj ete a ap rive sou nou byen vit. Planifikasyon maryaj souvan fantigan men, reflechi sou ki jan maryaj la pral afekte sitiyasyon fiskal koup la pa oblije fatigan tou. Men kèk bagay koup yo ta dwe panse sou yo pandan y ap prepare pou gran jou a.

Chanjman non ak adrès

Moun ki chanje non yo apre yo fin marye ta sipoze rapòte li bay Administrasyon Sekirite Sosyal (SSA) la pi vit posib. Non ki sou deklarasyon taks yon moun dwe koresponn ak sa ki nan dosye SSA a. Si se pa sa, sa gendwa retade nenpòt ki ranbousman taks. Pou mete enfòmasyon yo ajou, kontribyab yo sipoze ranpli Fòm SS-5, Aplikasyon pou yon Kat Sekirite Sosyal. Li disponib sou sit SSA.gov (an anglè) la, lè w rele nan 800-772-1213 oswa ale nan yon biwo lokal SSA.

Si maryaj la lakoz chanjman adrès, IRS ak sèvis postal gouvènman ameiken an sipoze enfòme de sa. Pou fè sa, moun nan sipoze voye Fòm 8822 IRS, Chanjman Adrès (an anglè) la ale. Kontribyab yo ta dwe ale sou sit USPS.com (an anglè) nan, oswa nan biwo postal ki nan zòn lakay yo a, pou kapab notifye lapòs, yon fason pou yo kapab fè li resevwa kourye li yo nan nouvèl adrès li a.

Tcheke prelèvman yo de (2) fwa

Lè de moun fin marye, you ta zipoze anvizaje chanje modalite prelèvman yo. Koup ki fèk marye yo dwe bay patwon yo yon nouvo Fòm W-4, Otorizasyon pou fè prelèvman sou anplwaye nan 10 jou. Si tou de konjwen yo ap travay, yo gendwa vin fè pati de yon fouchèt fiskal ki pi wo, oswa taks adisyonèl Medicare (an anglè)  gendwa vin afekte yo. Yo kapab itilize Estimatè Prelèvman Taks la ki sou sit IRS.gov la, l ap kapab ede ranpli yon nouvo Fòm W-4. Kontribyab yo ta dwe revize Piblikasyon 505, Prelèvman Taks ak Estimasyon Taks (an anglè) pou plis enfòmasyon.

Estati Deklarasyon yo

Moun ki marye yo ka chwazi pou yo fè deklarasyon taks federal yo ansanm oswa separeman chak ane. Pou pifò koup, fè deklarasyon konjwen fè plis sans, men chak koup ta dwe revize pwòp sitiyasyon pa yo. Si yon koup marye apati de 31 desanm, lalwa di yo marye pou tout ane a nan sa ki gen pou wè ak taks.

Plis enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)