Sa kontribyab yo ta dwe fè si IRS la voye yon lèt vòl idantite ba yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-56, 12 avril 2022

Lè yon vòlè vòlè nimewo Sekirite Sosyal yon moun, yo kapab sèvi avèk li pou yo fè yon fo deklarasyon taks. Sa se yon vòl idantite ki gen rapò ak taks. IRS la eskane deklarasyon taks yo pou si genyen fwod. Si yo idantifye yon deklarasyon taks ki sispèk, y ap retire li pou yo ekzamine pi plis. Epi IRS la ap voye yon lèt bay kontribyab la pou fè li konnen li ka viktim vòl idantite. Yo p ap trete deklarasyon taks ki sispèk la jiskaske kontribyab la reponn lèt la.

Men kèk lèt sou fwod nan idantite IRS ka voye bay kontribyab yo:

Kontribyab yo ta dwe swiv etap yo nan lèt la ekzakteman.

Si IRS la voye yon lèt sou vòl idantite bay kontribyab la, kontribyab la ta dwe swiv etap yo ki nan lèt la. Lèt sa ap bay tout enfòmasyon IRS la bezwen . Pa gen nesesite pou kontribyab la soumèt yon Fòm 14039, Deklarasyon Vòl Idantite.

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)