Poukisa li enpòtan pou kontribyab yo konnen ak konprann bon kondisyon fiskal yo

IRS Tax Tip 2021-168, 15 Novanm 2021

Pandan kontribyab yo ap prepare yo pou sezon deklarasyon k ap vini an, li enpòtan pou yo konnen bon kondisyon fiskal yo (an anglè). Kondisyon fiskal yon kontribyab defini ki kalite fòm deklarasyon taks yo ta dwe itilize lè y ap depoze taks yo. Kondisyon fiskal la kapab afekte montan taks yo dwe, e li ka menm detèmine si yo genyen pou yo depoze yon deklarasyon taks tou.

Genyen senk kondisyon fiskal IRS. Jeneralman, yo depann de estati sivil kontribyab la 31 Desanm. Sepandan, plis pase yon kondisyon fiskal ka aplike nan kèk sitiyasyon. Si se ka sa a, kontribyab la kapab chwazi kondisyon fiskal k ap pèmèt yo peye pi piti montan taks la nòmalman.

Nan preparasyon ak depo yon deklarasyon taks, kondisyon fiskal la afekte:

  • Si kontribyab la gen egzijans pou li depoze yon deklarasyon taks
  • Si yo ta dwe depoze yon deklarasyon pou yo jwenn yon ranbousman
  • Montan dediksyon estanda yo
  • Si yo kapab reklame yon seri kredi
  • Montan taks yo ta dwe peye

Men senk (5) kondisyon fiskal yo:

  • Selibatè. Nòmalman estati sa se pou kontribyab ki pa marye, ki divòse oswa ki nan separasyon legal dapre yon dekrè separasyon oswa divòs ki gouvènen pa lwa leta a.
     
  • Marye k ap deklare konjwen. Si yon kontribyab marye, yo kapab depoze yon deklarasyon konjwen avèk konjwen yo. Lè yon konjwen mouri, lòt konjwen an kapab depoze yon deklarasyon konjwen pou ane sa nòmalman.
     
  • Marye k ap deklare separe. Koup ki marye yo kapab chwazi depoze deklarasyon taks separe. Lè yo fè sa, sa kapab fè yo dwe mwens taks pase si yo te depoze yon deklarasyon taks konjwen.
     
  • Chèf fwaye. Kontribyab ki pa marye yo ka anmezi pou yo depoze avèk estati sa a, men gen règleman espesyal ki aplike pou sa. Pa egzanp, kontribyab la te dwe peye plis pase mwatye pri pou antretyen kay la pou tèt yo ak yon moun kalifye k ap viv nan kay pandan mwatye ane a.
     
  • Vèf oswa vèv kalifye avèk timoun depandan. Estati sa ka aplik epou yon kontribyab si konjwen yo te mouri nan youn nan de (2) lane pase yo epi yo genyen yon timoun depandan. Gen lòt kondisyon ki aplike tou.

Plis Enfòmasyon: