Avèk yon sèl kont, menm non itilizatè ak modpas, IRS ba ou aksè nan pifò zouti taks yo. Kreye yon nouvo kont pou sèvis IRS yo (eksepsyon fèt pou PTIN (Nimewo Idantifikasyon Fiskal Preparatè, Preparer Tax Identification Number), ak sistèm FIRE (Depo Deklarasyon Enfòmasyon pa vwa Elektwonik, Filing Information Return Electronically)) Pou verifikasyon idantite ak sèvis koneksyon yo, IRS itilize ID.me, ki se yon founisè sèvis otantifikasyon, pou bay sèvis verifikasyon idantite ak koneksyon. Si w gen yon kont ID.me nan yon gouvènman Eta oswa nan yon ajans federal, ou ka konekte san w pa menm bezwen verifye idantite w ankò. Si ou se yon nouvo itilizatè, w ap oblije kreye yon nouvo kont ID.me. Pwosesis verifikasyon idantite sa a aplikab pou sèvis IRS yo tankou Kont Anliy, Jwenn Relve sou Entènèt, Akò Pèman sou Entènèt, Jwenn yon PIN Pwoteksyon Idantite (IP PIN), Kont Taks Pro (an anglè), ak Soumèt Fòm 2848 ak 8821 sou Entènèt (an anglè). Itilizatè ki la deja yok a kontinye konekte avèk yon non itilizatè IRS ki aktif epi yo pa bezwen antreprann okenn aksyon nan moman sa a. K: Kijan pou mwen verifye idantite m? R: Pou verifye idantite w ak ID.me, w ap bezwen prezante foto yon dokiman idantite tankou yon pèmi kondui oswa, kat idantite nasyonal ou a oswa paspò ou. W ap gen pou ou prezante tou, yon foto pwòp tèt ou oswa chwazi pale nan videyo avèk yon ajan ID.me an dirèk apati yon telefòn entèlijan oswa ak yon wèbkam yon òdinatè. Si w ta bezwen èd pou verifye idantite w oswa pou ou soumèt yon fichye sipò, ou ka ale sou sit èd ID.me IRS la (an anglè). Si w ap itilize teknoloji asistans tankou yon lektè ekran, oswa si w gen pwoblèm pou ou pran foto, ou ka bezwen èdpou w konplete pwosesis la. W ap jwenn plis enfòmasyon nan gid aksè nou an. Si w pa ka fè foto tèt ou oswa pase opsyon oto-sèvis la, w ap jwenn yon ajan pou w pale nan video pou verifye idantite w anvan menm ou jwenn aksè ak zouti IRS yo. Nouvo kont ID.me ou a pral pèmèt ou verifye idantite w pou pèsonn lòt moun pa ka aksede ak kont IRS ou sou entènèt. K: Mwen pa ka verifye idantite mwen. Kisa mwen dwe fè? R: Si ou se yon nouvo itilizatè, ou dwe kreye yon kont ID.me epi verifye idantite w pou w ka jwenn aksè ak yon sèvis IRS espesifik sou entènèt. Si w gen pwoblèm pou verifye idantite w ak ID.me w ap jwenn èd sou sit èd ID.me (an anglè) an. K: Mwen poko gen 18 lane. Èske mwen ka kreye yon kont? R: Non. Sistèm ID.me an pa aksesib pou okenn moun ki poko gen 18 lane. Pou w wè lòt posibilite ki genyen pou sèvis w ap eseye jwenn nan, seleksyone “E si mwen pa kapab verifye idantite mwen?” ki sou paj koneksyon an epi klike soul yen “lòt opsyon” an pou w wè altènativ ki espesyal pa rapò ak sèvis sa. K: Mwen gen yon ITIN. Èske mwen ka kreye yon kont? (mizajou 20 desanm 2022) R: Wi, si ou genyen yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN), ou kapab kreye yon kont epi konekte avèk ID.me pou w jwenn aksè nan sèvis IRS yo. K: Mwen resevwa yon mesaj ki di "Gen yon pwoblèm ki anpeche w aksede a sèvis sa a." Kisa sa vle di? R: Apre nou fin verifye idantite w, ou ka jwenn yon mesaj IRS ki di “Gen yon pwoblèm ki anpeche w aksede a sèvis sa a.” Si w ta jwenn mesaj sa a, tanpri eseye konekte ankò pita. Si w kontinye resevwa mesaj sa a, sa vle di ou p ap kapab itilize sèvis sou entènèt la. Chwazi "jwenn altènativ ou yo" sou paj erè a pou w ka gen plis detay sou altènativ ki egziste pou konplete tranzaksyon w la. K: Èske ID.me kenbe enfòmasyon mwen yo? R: Wi, antanke yon founisè sèvis otantifikasyon ki sètifye selon nòm federal yo, ID.me konsève enfòmasyon ou yo. Tout done sèlfi, videyo, epi biyometrik efase otomatikman pou itilizatè k ap verifye pou IRS la, eksepte pou aktivite ki sispèk oswa fwod. Pou enfòmasyon sou kòman pou w jere enfòmasyon pèsonèl ou avèk ID.me, ale sou Sit Èd IRS ID.me an (an anglè). ID.me p ap pataje, ni vann, ni lwe oswa fè biznis ak enfòmasyon pèsonèl ou oubyen enfòmasyon sansib yo ak lòt pati, y ap itilize sèlman pou kapab verifye idantite w ak kalifikasyon w. ID.me respekte prensip konfidansyalite ak règleman sekirite ki strik, epi li reponn ak Piblikasyon espesyal NIST 800-63-3 Gid Idantite Dijital. Li plis detay sou fason ID.me pwoteje enfòmasyon konfidansyèl ou yo, nan Deklarasyon Dwa sou Vi Prive (an anglè) ID.me an ak tout politik sou vi prive ID.me an (an anglè). Sekirize Kont Ou Si w sispèk gen tantativ ki fèt pou lòt moun itilize non itilizatè IRS ou pou monte sou kont ou, konekte sou kont ou epi chwazi " Pwofil (Profile)" pou chanje modpas ou. Rapèl: Itilize yon modpas ki solid, inik pou tout kont ou yo. Pa retounen itilize ansyen modpas oswa divilge yo bay pèsonn pou okenn rezon. Deklare Aktivite Sispèk Nou p ap janm rele oswa voye imèl oswa mesaj tèks pou mande w bay enfòmasyon oswa konekte pou jwenn yon transkripsyon oswa mete pwofil ou ajou. Deklare èskwokri si ou pa sèten sou otantisite nenpòt kominikasyon san ou pa t fè demann pou sa, sof kourye ki soti Ozetazini, ki ta fè kwè se IRS la.