Sèvis Defansè Kontribyab la se yon òganizasyon endepandan nan IRS e se vwa w nan IRS. Travay nou se asire n yo trete chak kontribyab san patipri, epi w konnen ak konprann dwa w antanke yon kontribyab (an anglè). Nou ofri èd gratis pou gide w nan pwosesis rezoud pwoblèm enpo w pa kapab rezoud poukont ou, ki souvan chaje ak konfizyon. Sonje byen, pi move bagay ou ka fè se pa fè anyen ditou.

TAS ka ede w si w pa ka rezoud pwoblèm ou ak IRS epi:

  • Pwoblèm ou an lakòz difikilte finansye pou ou, pou fanmi w oswa pou biznis ou.
  • W ap fè fas (oswa biznis ou ap fè fas a) ak yon menas imedyat aksyon defavorab.
  • Ou te eseye kontakte IRS plizyè fwa men pèsonn pa reponn ou, oswa IRS pa reponn nan dat yo te pwomèt la.

Chak eta gen omwen yon Defansè Kontribyab Lokal ki endepandan de biwo IRS lokal la epi ki rapòte dirèkteman bay Defansè Nasyonal Kontribyab la. Chwazi eta ou anba l la pou w jwenn nimewo telefòn ak adrès biwo Sèvis Defansè Kontribayb ki pi pre w la.

Èske w ap viv aletranje?

Kounye a kontribyab entènasyonal yo pral kontakte TAS nan +15.15.56.GO.TAS/+15.15.56.46.827 oswa pa imel nan tas.international@irs.gov. Liy la pwograme pou l dirije otomatikman moun ki rele a Hawaii oswa Pòtoriko selon peyi orijin moun kap rele a.

 

 

Si w kalifye pou èd nou, n ap fè tout sa nou kapab pou rezoud pwoblèm ou an. Y ap ba w yon defansè k ap la avèk ou chak fwa.