Kesyon Moun Poze Souvan sou Endistri Mariwana a

Biznis mwen an se yon dispansè mariwana mwen jere yon fason ki konfòm ak sa eta (state) kote m rete a mande. Gouvènman federal pran sa pou yon aktivite ki ilegal. Èske sa vle di m gen menm obligasyon pou m deklare revni ak enpo pou anplwa tankou nenpòt ki lòt biznis?

Wi. Kèlkeswa kote revni w soti, li taksab. Kòd Revni Entèn § 61(a). Lakou Siprèm kanpe fèm depi lontan sou pozisyon depi w antre kòb, sous li te mèt ilegal, li taksab; li pa egzante pou l pa peye enpo. James v. Etazini, 366 U.S. 213, 218 (1961). Pa lontan sa, tribinal federal yo pa janm pa p soutni desizyon Sèvis Revni Entèn kòm kwa dispansè mariwana k ap fonksyone konfòm ak leta yo gen revni ki taksab. Egzanp, Olive v. Komisyonè, 792 F.3d 1146 (9yèm sik. 2015); Feinberg v. Komisyonè, 916 F.3d 1330 (10yèm sik. 2019); Beck v. Komisyonè, T.C. Memo. 2015-149 la. Menm jan an tou, biznis ilegal yo pa egzante pou yo pa peye obligasyon fiskal yo.

Si m pa ka peye tout montan m dwe a, èske gen plan pèman ki disponib ki koresponn ak bidjè m?

Si w pa ka peye tout kantite kòb ou dwe a yon sèl kou, ou ka kalifye pou youn nan plizyè opsyon ki disponib pou ede kontribyab yo peye balans yo moso pa moso oswa pou retade rekouvreman pou yon ti tan jouktan sitiyasyon finans ou vin pi bon. Ale sou lyen sa yo pou plis enfòmasyon sou:

  • Plan Pèman - Aplike pou yon plan pèman, konsa w a peye vèsman chak mwa pou w ka onore obligasyon kontribyab ou. Pi fò kontribyab yo ap kalifye pou aplike pou yon plan pèman anliy.
  • Retade Rekouvreman Pou Yon Ti Tan (an anglè) - Si w pa ka peye anyen menm nan dèt fiskal ou, ou ka mande IRS la pou l retade rekouvreman pou yon ti tan pou jouk sitiyasyon finans ou vin pi bon.

Ak ki kalite penalite oswa enpo anplis yon patisipan nan endistri mariwana ka genyen pou li peye si gen ajisteman ki fèt pandan y ap fè yon odit enpo sou revni?

Yon patisipan nan endistri mariwana anba menm penalite ak enpo anplis tankou tout lòt biznis. Yon lis penaliteak enpo anplis ki pa fin konplèt nèt ki ka aplike gen ladan li: enpo anplis daprè 6651 si yo soumèt deklarasyon oswa pèman yo fèt anreta; yon penalite pou moun ki pat arive peye enpo estime si yo pa fè ase pèman enpo estime; penalite ki lye ak egzaktitid; epi, nan ka gen fwod, kèk penalite daprè seksyon 6663. Gade Defansè Swen Sante Altènatif Komisyonè v., 151 T.C. 225 (2018) an jeneral.

Èske y ap pwopoze penalite daprè seksyon 6662 a si lè yon odit fini, IRS la pwopoze kèk ajisteman pou yon patisipan nan endistri mariwana?

Penalite yo, se ka pa ka y ap bay yo. Tribinal Fiskal la te bay yon penalitepou neglijans daprè seksyon 6662 a deja poutèt yon patisipan nan endistri mariwana ki pat rive kenbe kaye kontabilite ak dosye ki bon epi ki an òd. Al gade Komisyonè Olive v., 139 T.C. 19 (2012), aff'd, 792 F.3d 1146 (9yèm Sik. 2015). Tribinal Fiskal la te bay penalitedeja daprè seksyon 6662 a lè moun ki ap plenyen yo pat rive founi prèv ki montre yo te gen rezon valab ki fè te gen tout absans revni sa yo nan deklarasyon yo. Defansè Swen Sante Alternatif Komisyonè v., 151 T.C. 225 (2018); Gwoup Pasyan Richmonn Komisyonè v., T.C. Memo. 2020-52 a.

Biznis m ap jere a se mariwana l ap vann. Èske m ka reklame dediksyon pou m ka rive konnen ki kantite revni taksab m genyen?

Atik 280E Kòd Revni Entèn nan entèdi tout dediksyon oswa kredi pou tout kantite kòb ki peye oswa ki angage nan eksplwatasyon biznis kòmèsyal ki baze sou trafik ilegal ki kontwole nan anèks I oswa II selon sans sa genyen daprè lwa federal, Lwa Sibstans Kontwole yo. Sa valab pou biznis k ap vann mariwana menm si y ap fonksyone nan eta ki legalize lavant mariwana, paske trafike mariwana toujou rete yon aktivite ilegal daprè lwa federal sou sibstans kontwole yo. Etazini v. Kowoperasyon Achtè Kanabis nan Oklann, 532 U.S. 483 (2001). Nan sans sa a, atik 280E entèdi tout dediksyon oswa kredi pou yon biznis k ap vann osinon k ap trafike mariwana. Ti Otobis Nò Kalifòni. Asistan Enkòpore Komisyonè v., 153 T.C. 65 (2019).

Atik 280E a poutan pa entèdi yon patisipan nan endistri mariwana redui resèt brit li yo lè l ap fè pwòp kalkil li sou pri machandiz li yo pou l ka detèmine ki revni brit li genyen. Sèvis Revni Entèn lan pran pozisyon ki di kontribyab atik 280E afekte yo dwe kalkile pri machandiz yo vann yo daprè atik 471 Kòd Revni Entèn ak Règleman Ministè Finans ki asosye ak sa. An jeneral, sa vle di kontribyab ki vann mariwana yo ka redui nan resèt brit yo lè yo retire sa l te koute yo pou yo achte oubyen pou yo pwodui mariwana yo vann yo, epi pri yo koute a ap depann sou kalite biznis, biznis lan ye a. Pou plis detay, gade Konsèy Avoka An Chèf 201504011 (an Anglè)PDF (pibliye 1/23/2015).

Nan sans sa a, yon dispansè mariwana pa ka dedui, pa egzanp, depans ki fèt pou l fè reklam oswa pou l vann. Li ka, sepandan, redui resèt brit yo lè yo retire kòb machandiz la koute, jan yo fè kalkil la selon atik 471 Kòd Revni Entèn nan.

Ki sa pou m fè ak pèman kach ki depase $10,000 yo konsènan deklarasyon enfòmasyon yo?

Kòmès oswa Biznis, san wete biznis mariwana, dwe konfòme yo ak IRC § 6050I ansanm ak tout règleman ki ladann yo. Biznis sa yo dwe rapòte resèt kach yo fè ki depase $10,000 nan yon sèl tranzaksyon epi/oswa tranzaksyon ki lye ak sa yo.

Biznis lan (yo) bezwen tou:

  • Devlope règleman ak machaswiv rezonab ki konsevwa pou idantifye epi rapòte resèt lajan kach kòmsadwa.
  • Fè antre nan règleman ak machaswiv yo a egzijans ki pou fè yo jwenn epi verifye enfòmasyon sou kliyan pou asire ke enfòmasyon yo antre nan rapò yo kòrèk epi pa manke anyen.
  • Kenbe kopi tout fòmilè deklarasyon yo pou yon peryòd senk (5) an. Selon ki tip biznis li ye, gen lòt egzijans règlemantè ki ka egziste konsènan konbyen tan moun dwe kenbe kèk dokiman.

Ou ka jwenn plis enfòmasyon nan paj Konsènan Piblikasyon 1544, Deklare Pèman Lajan Kach ki Depase $10,000 (an anglè).

An 2019, apre vòt Farm Bill 2018 la, mwen te kòmanse yon biznis ki gen ladann grandi ak vann chanv legalman (ki gen THC .3% oswa mwens) nan eta ak nan lokalite mwen an. Mwen pa vann okenn lòt pwodwi Kanabis oswa mariwana. Èske depans mwen yo nan biznis sa a sijè a IRC § 280E? 

IRC § 280E pa aplike pou biznis ou an. IRC § 280E aplike pou biznis ki gen ladann trafik sibstans kontwole nan siyifikasyon Anèks I ak II nan Lwa sou Sibstans Kontwole (CSA), kote trafik sa a ilegal daprè lalwa federal oswa eta a. Yo te retire tou nan CSA a, kòm yon rezilta Farm Bill 2018 lan, yo te defini chanv pou rezon sa yo kòm "plant Kanabis sativa L. ak nenpòt pati nan plant sa a, ki gen ladan grenn yo ak tout derive, ekstrè, kanabinoyid (cannabinoids), izomè, asid, sèl, ak sèl izomè yo, ke y ap grandi ou pa, ak yon konsantrasyon tetrahydrocannabinol delta-9 ki pa plis pase 0.3 pousan sou yon baz pwa sèk." Kidonk, apre vòt Farm Bill 2018 la, chanv (avèk THC .3% oswa mwens) pa konsidere kòm yon sibstans ki nan anèks I ankò. Gade Règleman FDA sou Kanabis ak pwodwi ki sòti nan Kanabis, ki gen ladan Cannabidiol (CBD) (an anglè). An konsekans, biznis ou an ki ap grandi ak vann chanv ki gen .3% oswa mwens THC yo pa konsidere kòm trafik nan yon sibstans ki nan Anèks I, epi biznis la pa sijè a IRC § 280E.