Kijan pou mwen aplike pou yon ITIN?

Ou kapab soumèt Fòm W-7, Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl Kontribyab SRE (IRS), avèk deklarasyon enpo federal ou a. Fòk ou ajoute tou dokiman orijinal oswa kopi agreye dokiman ki soti nan ajans ki bay dokiman an ki pwouve idantite ak estati etranje a.

Si ou kalifye pou yon eksepsyon, alòs soumèt Fòm W-7 la avèk prèv idantite w ak dokiman ki pwouve estati etranje w la ansanm avèk dokiman sipò yo pou eksepsyon an.

Ki kote pou aplike?

Opsyon 1

Voye pa lapòs Fòm W-7, deklarasyon enpo, prèv idantite ak dokiman Idantifikasyon w yo nan:

Internal Revenue Service
Austin Service Center

ITIN Operation
P.O. Box 149342
Austin, TX 78714-9342

W ap sèlman soumèt yon deklarasyon enpo nan adrès ki anlè a yon sèl fwa lè w soumèt Fòm W-7 la pou jwenn yon ITIN. Nan ane k ap vini yo, lè w gen yon ITIN, ou pral depoze yon taks sou revni jan enstriksyon ki nan fòm nan di l la.

Si w ap bezwen dokiman original ou yo pandan 14 semèn sa ap pran pou soumèt aplikasyon ITIN nan, ou ka prefere ale fè aplikasyon an an pèsòn nan yon Sant Asistans pou Kontribyab SRE (IRS Taxpayer Assistance Center) oswa AAS (CAA). Ou ka chwazi voye tou kopi agreye dokiman nan ajans lan nan plas dokiman orijinal yo. Y ap voye dokiman original ou te soumèt yo tounen pou ou nan adrès imèl ki nan Fòm W-7 ou a. Ou pa bezwen bay anvlòp pou yo voye dokiman yo tounen. Yo pèmèt aplikan yo mete yon mesajri prepeye oswa yon anvlòp lapòs pou yo voye dokiman yo pou yo pi rapid. Kidonk, SRE (IRS) ap voye dokiman yo tounen nan anvlòp Moun k ap aplike a te bay la. Si dokimann ou yo pa retounen nan 14 semèn, ou kapab kontakte IRS nan 800-908-9982 (sèlman pou moun Ozetazini) oswa si se entènasyonal, rele nan 267-941-1000 (se pa yon nimewo apèl gratis).

Osyon 2

Aplike pou yon ITIN an pèsòn atravè sèvis yon Ajan Sètifye pou Aksepte Aplikasyon . IRS otorize. Sa a pral evite w voye pa lapòs dokiman idantifikasyon w yo.

Osyon 3

Pran yon randevou nan yon Sant Asistans pou Kontribyab SRE (IRS) chwazi. Sa a pral evite tou w oblije voye pa lapòs dokiman idantifikasyon w yo.

Apre yo fin travay sou demann ou an, SRE (IRS) pral voye ITIN ou a pa lapòs.

Kilè pou mwen aplike?

Ou ka aplike pou yon ITIN nenpòt lè pandan ane a lè w gen yon oblihasyon pou soumèt oswa bay rapò. Pou pi piti, ou dwe konplete Fòm W-7 la lè w pare pou soumèt deklarasyon enpo federal ou avan dat limit yo prevwa pou soumisyon deklarasyon an. Si deklarasyon enpo ou anekse ak Fòm W-7 la ou soumèt apre dat limit pou deklarasyon an, ou ka gen pou w peye enterè ak/oswa penalite.

Konbyen tan l ap pran?

W ap resevwa yon lèt SRE (IRS) ap voye k ap ba w yon nimewo idantifikasyon fiskal anjeneral sou sèt semèn si w kalifye pou yon ITIN epi si aplikasyon w la konplè.

Kilès moun mwen ka rele pou m jwenn èd?

Ou ka rele SRE (IRS) nan nimewo pou apèl gratis la ki se 800-829-1040 si w Ozetazini oswa nan 267-941-1000 (ki pa yon nimewo pou apèl gratis) si w andeyò peyi Etazini. Sèvis sa a pèmèt ou tcheke estati aplikasyon w la sèt semèn apre w fin soumèt Fòm W-7 la ak deklarasyon enpo w la.