Skip to main content

Kote Deklarasyon Modifye Mwen An?

Estati deklarasyon modifye ou a disponib 3 semèn apre ou soumèt Fòm 1040-X.

Ou ka tcheke estati deklarasyon modifye ou a pou ane fiskal sa a, ak 3 ane fiskal anvan yo.

Tcheke nan kont ou

Konekte nan Kont Endividyèl ou pou jwenn aksè nan:

  • Estati deklarasyon modifye
  • Estati ranbousman
  • Dosye enpo

Konekte oswa kreye yon kont (an anglè)

Tcheke san w pa konekte

W ap bezwen enfòmasyon sa yo:

  • Nimewo Sekirite Sosyal
  • Dat nesans
  • Kòd postal

Tcheke estati deklarasyon modifye a (an anglè)

Tan pwosesis pou deklarasyon modifye yo

Tanpri pèmèt 8 a 12 semèn pou nou trete deklarasyon modifye w la. Nan kèk ka, sa ka pran jiska 16 semèn.

Gade estati aktyèl pwosesis nou an (an anglè).

Si sa fè plis pase 12 semèn

Kèk deklarasyon modifye pran plis pase 12 semèn pou yo trete.

Yo ka bezwen fè yon lòt revizyon si deklarasyon an gen:

  • Erè
  • Enfòmasyon ki pa konplè
  • Yon siyati ki manke
  • Fòm 8379, Alokasyon pou Konjwen ki Afekte
  • Yo sispèk vòl idantite oswa fwod

Sa ka pran plis tan pou trete yon deklarasyon modifye si nou bezwen:

  • Voye l nan yon seksyon espesyalize
  • Jwenn otorizasyon nan inite fayit IRS la
  • Fè yon ajan revni revize epi apwouve l
  • Revize yon apèl oswa yon demann pou rekonsidere yon desizyon IRS

Si nou bezwen plis enfòmasyon pou trete deklarasyon modifye ou a, n ap kontakte ou.

Deklarasyon ou pa ka tcheke

Ou pa ka tcheke estati:

  • Deklarasyon biznis
  • Demann ak reklamasyon pou transfè nan ane anvan yo
  • Reklamasyon pou konjwen ki afekte
  • Fòm 1040 ki make kòm modifye oswa korije (olye de Fòm 1040-X)
  • Deklarasyon yo trete pa inite Egzamen, Fayit, oswa lòt inite Espesyalize yo

Ki gen rapò

Kesyon yo poze souvan sou deklarasyon modifye
Ranpli yon deklarasyon modifye
Fòm 1040-X, Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl Ozetazini ki Modifye