Sèvi ak Fòm 1040-ES pou ou kalkile epi peye estimasyon enpo ou.
Estimasyon enpo se metòd yo itilize pou peye enpo sou revni yo pa ka fè prelèvman (egzanp, lajan moun fè nan fè travay endependan, lajan enterè, dividand, lwaye, pansyon alimantè, elatriye). Ajoute sou sa, si w pa chwazi fè prelèvman volontè, ou dwe fè pèman estimasyon enpo ou sou lòt revni ki taksab, tankou konpansasyon chomaj ansanm ak pati ki taksab nan alokasyon sekirite sosyal ou yo.
Revizyon Aktyèl
Inovasyon ki fèk Parèt
Koreksyon nan montan dediksyon enpo sou revni leta ak lokal nan Fòm 1040-ES 2026 la (an anglè). -- 25-FEV-2026
Koreksyon nan adrès postal yo nan Fòm 1040-ES 2026 la (an anglè). -- 23-FEV_2026
Gen kèk fòm, enstriksyon, ak piblikasyon kontribyab yo itilize nan Pòtoriko yo te ranplase (an anglè) -- 14-MAS-2024
Sèvi ak yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) oswa Nimewo Idantifikasyon Endividyèl Kontribyab (ITIN) lè w ap peye enpo ou estime yo (an anglè) -- 28-JUNE-2021