Resevwa yon PIN pou pwoteksyon idantite (IP PIN)

Yon PIN pou pwoteksyon idantite (IP PIN) se yon nimewo ki gen sis (6) chif ki anpeche yon lòt moun itilize nimewo Sekirite Sosyal ou (SSN) oswa nimewo idantifikasyon kontribyab pèsonèl ou (ITIN) pou li ranpli yon deklarasyon enpo. Se oumenm ak IRS la sèlman ki konnen IP PIN nan. Li ede nou verifye idantite ou lè w ap ranpli deklarasyon enpo sou òdinatè oswa sou papye.

Si w pako genyen yon IP PIN, ou ka resevwa yon IP PIN nan yon demach pou ou pwoteje tèt ou kont vòl idantite fiscal,menm si ou pa oblije ranpli yon deklarasyon enpo.

Ki moun ki kalifye pou jwenn yon IP PIN

Nenpòt moun ki gen yon nimewo sekirite sosyal (SSN) oswa yon nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (ITIN) epi ki kapab verifye idantite li kalifye pou enskri nan pwogram IP PIN lan. Paran ak gadyen legal yo kapab mande tou yon IP PIN pou moun ki sou kont yo.

Kòman pou ou resevwa yon IP PIN

  • Mwayen pi rapid pou resevwa yon IP PIN se lè ou mande youn atravè Kont Sou Entènèt ou a, nan seksyon IP PIN sou paj pwofil ou a. Si w poko genyen yon kont sou IRS.gov, ou dwe enskri pou w valide idantite w.
  • Nòt: Si ou menm oswa moun ki sou kont ou a gen mwens pase 18 an epi ou ta renmen mande yon kòd IP PIN, ou dwe itilize youn nan opsyon enskripsyon altènatif yo.

Jwenn yon IP PIN

Si ou pa kapab enskri sou entènèt

Si ou vle yon kòd IP PIN men ou pa ka kreye yon kont sou entènèt avèk siksè, gen lòt altènativ.

Nòt: Lè w sèvi ak yon lòt metòd olye de kont sou entènèt la, sa pran plis tan pou yo ba w yon kòd IP PIN.

Si revni brit ajiste ou nan dènye deklarasyon ou depoze a pi ba pase $84 000 pou Patikilye oswa $168 000 pou moun ki marye k ap deklare ansanm epi w pa kapab kreye yon kont anliy, Ou ka soumèt Fòm 15227, Aplikasyon pou yon nimewo idantifikasyon pèsonèl pou pwoteksyon idantite (an anglè). Ou dwe gen:

  • Yon nimewo Sekirite Sosyal oswa Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl valid
  • Yon revni brit ajiste nan dènye deklarasyon ou depoze a ki pi ba pase $84 000 pou Patikilye oswa $168 000 pou moun ki marye k ap deklare ak konjwen yo.
  • Aksè ak yon telefòn

Nou pral sèvi ak nimewo telefòn yo bay sou Fòm 15227 la pou rele w epi valide idantite w. Yon fwa nou verifye idantite w, w ap resevwa IP PIN ou atravè Sèvis Postal Etazini an anjeneral nan kat a sis semèn. Lè sa a, w ap resevwa IP PIN ou chak ane pa lapòs.

Si ou pa kapab verifye idantite w sou entènèt oubyen avèk pwosesis Fòm 15227 la, oubyen si ou pa kalifye pou ranpli Fòm 15227 la, ou ka pran yon randevou pou yon reyinyon an pèsòn nan yon Sant Asistans pou Kontribyab lokal.

Si w ap enskri an pèsòn pou yon kòd IP PIN, w ap bezwen pote:

  • Yon fòm idantifikasyon ak foto ki soti nan gouvènman federal la oswa nan eta a.
  • Yon lòt fòm idantifikasyon.

Si w ap enskri an pèsòn pou yon IP PIN pou yon moun ki sou kont ou , w ap bezwen pote:

  • Yon fòm idantifikasyon ak foto ki soti nan gouvènman federal la oswa nan eta a, epi yon lòt fòm idantifikasyon pou tèt ou.
  • De fòm idantifikasyon pou moun ki sou kont ou a, tankou yon sètifika nesans ak yon kat sekirite sosyal.

Yon lis konplè dokiman akseptab ki ka itilize pou pwouve idantite ou oswa idantite moun ki sou kont ou a disponib sou paj kesyon yo poze souvan sou IP PIN nan #4 ak kesyon #5 la (an anglè).

Depi nou fin verifye idantite w, w ap resevwa IP PIN ou an atravè Sèvis Postal Etazini an nan twa (3) semèn, jan sa ye dabitid. Epi w ap kontinye resevwa IP PIN ou an chak ane pa lapòs.

Enfòmasyon enpòtan sou kòd IP PIN yo

  • Yon kòd IP PIN valab pou yon ane civil.
  • Chak ane gen yon nouvo IP PIN ki jenere pou kont ou an.
  • Si IRS te enskri w nan pwogram IP PIN lan paske ou te yon viktim vòl idantite ki gen rapò ak enpo, nou pral voye yon Avi CP01A (an anglè) ba ou pa lapòs ak nouvo IP PIN ou chak ane.
  • Yon fwa ou fin chwazi epi ou jwenn yon IP PIN sou entènèt, ou pral bezwen rekipere IP PIN ou sou entènèt chak ane kalandriye a paske nou p ap voye yon Avi CP01A pa lapòs.
  • IP PIN nan jeneralman disponib nan kont sou entènèt ou a apati mitan janvye jiska mitan novanm.
  • Lè ou konekte sou kont entènèt ou a, kòd IP PIN ou a, ap parèt nan onglet Pwofil la.
  • Ou dwe itilize yon IP PIN chak fwa w ap depoze yon deklarasyon enpo pandan ane a, ansanm avèk deklarasyon ane anvan yo tou.
  • Kesyon yo poze souvan sou nimewo idantifikasyon pèsonèl pou pwoteksyon idantite a (an anglè)

Itilize yon IP PIN pou deklare

Antre IP PIN sis (6) chif la lè lojisyèl enpo w lan mande w li oswa bay pwofesyonèl fiskal ou fè konfyans lan k ap prepare deklarasyon enpo w la li. IP PIN nan itilize nan Fòm 1040, 1040-NR, 1040-PR, 1040-SR, ak 1040-SS sèlman.

Ou dwe mete yon IP PIN ki kòrèk nan deklarasyon enpo elektwonik la oswa sou papye a pou evite rejè ak reta. Yon IP PIN ki pa kòrèk oswa ki manke ap lakoz yo rejte deklarasyon elektwonik ou a oswa retade deklarasyon sou papye w la jiskaske yo kapab verifye li.

Pa devwale IP PIN ou an bay pèsòn. Se pwofesyonèl fiskal ou a sèlman ki ka konnen li e se sèlman lè ou pare pou siyen ak soumèt deklarasyon w lan. IRS la p ap janm mande IP PIN ou. Apèl telefòn,imèl oswa mesaj tèks k ap mande IP PIN ou se anak.

IP PIN ki pèdi yo

Revize Rekipere IP PIN ou a pou plis detay. Pa soumèt yon Fòm 15227 pou fè demann yon nouvo IP PIN.