Kijan pou enskri pou zouti anliy èd otomatik IRS yo

IRS la pèmèt ou jwenn aksè nan pifò zouti fiskal yo ak yon sèl kont ak menm koneksyon ak modpas la.

Kreye yon nouvo kont (pou sèvis IRS yo sof pou sistèm PTIN ak FIRE yo)

IRS itilize ID.me, ki se yon founisè sèvis teknolojik, pou bay sèvis verifikasyon idantite ak koneksyon. Si w gen yon kont ID.me nan yon ajans gouvènman Eta oswa nan yon ajans federal, ou ka konekte san w pa menm bezwen verifye idantite w ankò. Si ou se yon nouvo itilizatè, w ap oblije kreye yon nouvo kont ID.me. Pwosesis verifikasyon idantite sa a aplikab pou sèvis IRS yo tankou Kont AnliyJwenn Relve AnliyAkò Pèman AnliyJwenn yon PIN Pwoteksyon Idantite (IP PIN)Kont Fiskal pwofesyonèl (an anglè), Sèvis elektwonik yoSoumèt Fòm 2848 ak 8821 anliy (an anglè), ak Kont fiskal biznis.

R: Pou verifye idantite w ak ID.me, w ap bezwen prezante foto yon dokiman idantite tankou yon pèmi kondui oswa, kat idantite nasyonal ou a oswa paspò ou.

W ap gen pou ou prezante tou, yon foto pwòp tèt ou oswa chwazi pale nan videyo avèk yon ajan ID.me an dirèk. Si w ta bezwen èd pou verifye idantite w oswa pou ou soumèt yon fichye sipò, ou ka ale sou sit èd ID.me IRS la (an anglè).

Si w ap itilize teknoloji asistans tankou yon lektè ekran, oswa si w gen pwoblèm pou ou pran foto, ou ka bezwen èdpou w konplete pwosesis la. W ap jwenn plis enfòmasyon nan gid aksè nou an.

Si w pa ka fè foto tèt ou oswa pase opsyon oto-sèvis la, w ap jwenn yon ajan pou w pale nan video pou verifye idantite w anvan menm ou jwenn aksè ak zouti IRS yo. 

R: Si ou se yon nouvo itilizatè, ou dwe kreye yon kont ID.me epi verifye idantite w pou w ka jwenn aksè ak yon sèvis IRS espesifik sou entènèt. Si w gen pwoblèm pou verifye idantite w ak ID.me w ap jwenn èd sou sit èd ID.me (an anglè) an.

R: Non. Sistèm ID.me an pa aksesib pou okenn moun ki poko gen 18 lane. Pou w wè lòt posibilite ki genyen pou sèvis w ap eseye jwenn nan, seleksyone “E si mwen pa kapab verifye idantite mwen?” ki sou paj koneksyon an epi klike sou lyen “lòt opsyon” an pou w wè altènativ ki espesyal pa rapò ak sèvis sa.

R: Wi, si ou genyen yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN), ou kapab kreye yon kont epi konekte avèk ID.me pou w jwenn aksè nan sèvis IRS yo.

R:

Kòd Erè 2001– Si w wè kòd erè 2001, ou ta dwe konfime ke non ou te itilize pou anrejistre ak ID.me a koresponn ak non legal ou jan yo te rapòte li bay Administrasyon Sekirite Sosyal la. Swiv etap ki nan atik èd ID.me a "Aktyalize non legal ou (an anglè)" pou revize ak mete non w ajou.

Kòd erè -8028 - Si w wè kòd erè -8028, yon kondisyon sekirite ap anpeche w jwenn aksè nan sèvis anliy IRS sa a. Ou p ap kapab itilize sèvis anliy sa a nan moman sa a.

Chwazi gade altènativ ou yo sou paj erè a pou jwenn lòt opsyon pou w ka konplete tranzaksyon w lan.

R: Wi, antanke yon founisè sèvis otantifikasyon ki sètifye selon nòm federal yo, ID.me konsève enfòmasyon ou yo. Tout done sèlfi, videyo, epi biyometrik efase otomatikman pou itilizatè k ap verifye pou IRS la, eksepte pou aktivite ki sispèk oswa fwod. Pou enfòmasyon sou kòman pou w jere enfòmasyon pèsonèl ou avèk ID.me, ale sou Sit Èd IRS ID.me an (an anglè).

ID.me p ap pataje, ni vann, ni lwe oswa fè biznis ak enfòmasyon pèsonèl ou oubyen enfòmasyon sansib yo ak lòt pati, y ap itilize sèlman pou kapab verifye idantite w ak kalifikasyon w. ID.me respekte prensip konfidansyalite ak règleman sekirite ki strik, epi li reponn ak Piblikasyon espesyal NIST 800-63-3 Gid Idantite Dijital. Li plis detay sou fason ID.me pwoteje enfòmasyon konfidansyèl ou yo, nan Deklarasyon Dwa sou Vi Prive (an anglè) ID.me an ak tout politik sou vi prive ID.me an (an anglè)

    Sekirize Kont Ou

    Si w sispèk gen tantativ koneksyon sispèk, konekte sou kont ou an epi chanje modpas ou a.

    Rapèl: Itilize yon modpas ki solid, inik pou tout kont ou yo. Pa retounen itilize ansyen modpas oswa divilge yo bay pyès pèsonn pou okenn rezon.

    Deklare Aktivite Sispèk

    Nou p ap janm rele oswa voye imèl oswa mesaj tèks pou mande w bay enfòmasyon oswa konekte pou jwenn yon relve oswa mete pwofil ou ajou. Deklare eskwokri si ou pa sèten sou otantisite nenpòt kominikasyon san ou pa t fè demann pou sa, sof kourye ki soti Ozetazini, ki ta fè kwè se IRS la.