Itilize zouti sa a pou kalkile enpo sou revni federal ou vle pou anplwayè w la fè prelèvman sou chèk ou a. Sa rele prelèvman enpo (an anglè).

Gade kòman prelèvman w yo afekte ranbousman ou, sale nèt oswa enpo ou dwe.

Kòman li fonksyone

Itilize zouti sa pou w fè:

  • Kalkil prelèvman enpo sou revni federal ou
  • Gade kòman montan prelèvman ou yo afekte ranbousman w, salè nèt ou oswa enpo ou dwe
  • Chwazi yon estimasyon montan prelèvman k ap bon pou ou

Rezita yo depann de enfòmasyon ou bay yo.

Sa ou bezwen

Prepare sa yo:

  • Bilten salè tout travay (pa konjwen w tou)
  • Enfòmasyon sou lòt revni (travay sou kote, travay endepandan, envestisman, elatriye)
  • Dènye deklarasyon enpo

Enfòmasyon w yo pa anrejistre. Aprann plis Konsènan Sekirite

Pa itilize zouti sa a si:

Kesyon yo Poze Souvan sou Estimatè a (an anglè)



Apre ou fin itilize estimatè a

Itilize estimasyon ou pou w chanje montan prelèvman enpo ou sou Fòm W-4 la. Oswa kenbe menm montan an.

Si ou vle chanje montan prelèvman enpo ou:

  • Mete nouvo montan prelèvman enpo ou nan Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye a
  • Mande anplwayè a si li itilize yon sistèm otomatik pou soumèt Fòm W-4 la
  • Soumèt oswa bay anplwayè w la Fòm W-4 la

Si ou vle kenbe menm montan prelèvman enpo ou a:

  • Ou pa bezwen fè anyen lè sa.
  • Verifye prelèvman w lan ankò lè ou bezwen fè sa; fè sa chak ane avèk Estimatè a. Sa ape de ou rasire ou si montan prelèvman an bon pou sikonstans ou an.
     

Kilè pou ou verifye prelèvman ou

Verifye prelèvman enpo ou chak ane, espesyalman:

Lè ou gen yon gwo chanjman nan vi ou

  • Nouvo travay oswa lòt travay ki peye
  • Gwo chanjman revni
  • Maryaj
  • Timoun ki fèt oswa adopsyon
  • Achte kay

Si ou te chanje prelèvman enpo ou nan mitan ane a

  • Verifye prelèvman enpo ou nan fen ane a, epi ajiste avèk yon nouvo W-4 jan sa bezwen fèt

Si ou gen plis kesyon konsènan prelèvman ou, mande anplwayè w la oswa konseye w nan zafè enpo la.

Poukisa ou dwe verifye prelèvman Ou

Genyen plizyè rezon ki fè ou dwe verifye prelèvman ou:

  • Sa kapab anpeche ou genyen twò piti prelèvman enpo ki fèt ak jwenn yon fakti enpo oswa penalite sanzatann nan sezon fiskal la lòt ane.
  • Sa kapab pèmèt ou ajiste prelèvman enpo ou alavans, pou ou ka resevwa yon pi gwo pèman ak yon pi piti rannbousman nan sezon fiskal la.

Sekirite

Estimatè Prelèvman Enpo a pa mande enfòmasyon pèsonèl tankou non, nimewo Sekirite Sosyal, adrès oswa nimewo kont labank.

Nou pa anrejistre oswa konsève enfòmasyon ou mete nan estimatè a.

Gade Eskwokri nan Enpo/Alèt pou Konsomatè pou plis detay sou kòman pou pwoteje tèt ou kont eskwokri.