Douzèn Delwayal: Anakè yo itilize tout mwayen yo genyen nan asenal kominikasyon yo pou yo vòlè idantite ou, enfòmasyon finansyè pèsonèl ou, lajan ak plis ankò

IR-2022-121, 8 Jen 2022

WASHINGTON — Kominikasyon ki sispèk nan tout fòm li ki fèt nan entansyon pou twonpe, siprann oswa fè yon moun pè pou li kouri reponn san reflechi se nimewo 7 sou lis avètisman kont anak "Douzèn Delwayal" 2022 a, Sèvis Revni Entèn nan te anonse jodiya, kote l ap avèti moun yo pou yo veye fo apèl, mesaj tèks, mesaj imèl ak piblisite anliy yo pou pran konfyans yo oswa vòlè.

Kriminèl yo itilize metòd sa yo pandan plizyè ane e yo pèsiste paske yo mache ase de fwa pou yo ta kenbe anakè yo ladan yo. Yo twonpe viktim yo pou fè yo bay enfòmasyon finansyè pèsonèl ki sansib, lajan oswa lòt enfòmasyon. Sa kapab sèvi pou fè fo deklarasyon taks epi ale sou kont finansye yo, ak lòt ankò.

"Si yo siprann ou oswa fè w pè avèk yon apèl oswa mesaj tèks, gen anpil chans pou se yon anak, kidonk, fè anpil pridans," dapre sa Komisè IRS la Chuck Rettig te di. "Mwen ankouraje tout moun pou yo verifye yon imèl oswa lòt fòm kominikasyon ki sispèk san yo pa gen pou wè ak mesaj an kesyon an."

IRS la konpile lis Douzèn Delwayal anyèl la pou plis pase 20 lane kòm yon mwayen pou alète kontribyab yo ak kominote pwofesyonèl taks la sou anak yo ak eskwokri yo. Lis la pa yon dokiman legal oswa yon lis literal priyorite aplikasyon ajans lan. Li fèt pou li reveye konsyans yo sou yon varyete piblik ki ka pa toujou konsyan de evolisyon ki enplike administrasyon fiskal yo.

Antanke yon pati nan efò Somè Sekirite a avèk Eta yo ak Endistri taks peyi a, IRS la fè gwo pwogrè nan anpèchman ak rediksyon vòl idantite ki an rapò taks. Men sa rete yon gwo menas pou kontribyab ak pwofesyonèl taks ki pa pwoteje kòmsadwa nimewo Sekirite Sosyal yo (SSN) ak lòt enfòmasyon pèsonèl yo.

Pa ekzanp, kriminèl yo kapab soumèt yon fo deklarasyon taks byen rapid avèk yon SSN yo vòlè nan lespwa li pat deja parèt sou yon deklarasyon yo te soumèt. Moun yo souvan pa konnen si yo viktim vòl idantite jiskaske yo resevwa yon notifikasyon ki soti nan IRS la konsènan yon pwoblèm avèk deklarasyon taks yo a oswa yo rejte deklarasyon yo a paske SSN nan parèt sou yon deklarasyon yo soumèt deja.

Men kèk anak kouran IRS la kontinye ap wè. Kontribyab yo ta dwe pridan anpil avèk eskwokri sa yo, ki kontinye ap devlope ak chanje:

Anak mesaj tèks: Yo voye anak sa yo sou telefòn entèlijan kontribyab yo e yo kapab fè referans ak bagay tankou COVID-19 ak/oswa "pèman relans." Mesaj sa yo souvan genyen fo lyen ki di yo se sitwèb IRS oswa lòt zouti anliy. Apre Aksè Sekirize IRS, IRS pa itilize mesaj tèks pou diskite sou pwoblèm taks pèsonèl tankou sila yo ki enplike fakti oswa ranbousman. Epi tou, IRS la pap voye mesaj bay kontribyab la atravè platfòm medya sosyal yo.

Si yon kontribyab resevwa yon mesaj tèks oswa SMS ki sanble soti nan IRS oswa yon pwogram ki pwòch IRS la, kontribyab la ta dwe fè yon eskrinchòt mesaj tèks la epi voye eskrinchòt la nan yon imèl bay phishing@irs.gov avèk enfòmasyon annapre yo:

  • Dat, lè ak fizo orè yo te resevwa mesaj tèks la
  • Nimewo telefòn ki te resvwa mesaj tèks la
  • IRS la ap raple tout moun pou yo pa klike sou lyen yo oswa ouvri atachman ki nan mesaj tèks yo pat mande, ki sispèk oswa sanzatann keseswa ki sotii nan IRS la, nan ajans fiskal leta yo oswa lòt nan kominote taks la.

Anak nan imèl: IRS la pa inisye kontak avèk kontribyab yo pa imèl pou mande yo enfòmasyon pèsonèl oswa finansyè. IRS fè majorite kontak yo atravè lapòs nòmal. Si yon kontribyab resevwa yon imèl fwod li pat mande ki santi soti swa nan IRS la oswa nan yon pwogram ki pwòch IRS la, li dwe siyale li pandan l ap voye yon imèl kòm yon atachman nan phishing@irs.gov. Paj Siyale Eskwokri ak Anak Anliy yo sou IRS.gov la bay tout detay yo.

Anak nan telefòn: IRS la pa kite mesaj ki anrejistre, ki ijan oswa menasan. Nan anpil varyasyon anak nan telefòn nan, yo di viktim nan si li pa retounen rele, y ap voye yon manda pou premye arestasyon yo. Lòt menas vèbal yo se entèvasyon ajans ki la pou fè lalwa aplike yo, depòtasyon oswa revokasyon lisans.

Kriminèl yo kapab falsifye oswa sezi nimewo ID moun k ap rele a pou yo sanble parèt nenpòt kote nan peyi a, menm nan yon biwo IRS. Sa anpeche kontribyab yo verifye vrè nimewo moun k ap rele a. Moun k ap fè fwod yo sezi biwo cherif lokal yo tou, depatman eta veyikil a motè yo, ajans federal yo ak lòt ankò, pou yo konvenk kontribyab yo se yon apèl lejitim.

IRS la (ak ajans lakòlèk prive otorize li yo) pap janm:

  • Rele pou mande pèman imedya avèk yon metòd espesifik tankou yon kat debi prepeye, kat kado oswa viman. IRS la pa itilize metòd sa yo pou pèman taks.
  • Menase pou vini ak lapolis lokal la touswit oswa lòt gwoup ki la pou fè respekte lalwa pou arete kontribyab la paske li pa peye.
  • Mande pou peye taks yo san li pa bay kontribyab la opòtinite pou l poze kesyon oswa konteste montan li dwe a.
  • Mande nimewo kat debi oswa kat kredi nan telefòn.

Jeneralman, IRS la ap voye yon mesaj pa lapòs dabò bay tout kontribyab ki dwe taks. Tout pèman taks yo dwe fèt sèlman sou non Trezò Ameriken E chèk yo pa dwe janm fèt sou non yon tyès. Pou tout moun ki pa dwe taks epi ki pa okenn rezon pou yo panse yo dwe: Pa bay okenn enfòmasyon. Rakwoche touswit. Pou plis enfòmasyon, gade Avètisman IRS: Anakè yo pa janm chome; rete vijilan.