Avètisman IRS: Anakè yo pa janm chome; rete vijilan

IR-2022-25, 3 fevriye, 2022

WACHINTON — Pandan nouvo ane a kòmanse, Sèvis Revni Entèn nan raple tout kontribyab yo pou yo pwoteje enfòmasyon pèsonèl ak finansye pandan tout ane a epi fè atansyon ak anakè ki ap fè tèt yo pase pou IRS, ansanm ak lòt plan, ki eseye pyeje moun nan lide pou fè dap piyanp sou lajan yo travay di pou yo pou yo fè a.

Aksyon sa yo ka enplike mesaj tèks anakè yo voye, dispozitif imèl ak apèl nan lide pou anake moun. Sezon fiskal sa, IRS ap alète moun yo tou pou yo pran anpil prekosyon lè yo wè siy fwod chomaj potansyèl.

"Ak sezon depo ki an kou an, se pi gwo peryòd vòlè idantite yo itilize pou yo kapab frape moun ak imèl ki sanble reyèl avèk tèks sou deklarasyon enpo yo ak ranbousman yo," daprè Chuck Rettig ki se Komisè IRS la. "Rete vijilan parapò ak anak sa yo ka anpeche moun viktim vòl idantite epi pwoteje enfòmasyon pèsònèl sansib yo genyen ke yo kapab itilize pou depoze deklarasyon enpo epi vòlè ranbousman yo."

IRS, ajans fiskal eta yo, ak endistri fiskal nasyon an - ap travay ansanm nan Inisyativ Somè Sekirite a (an anglè) – deja pran anpil mezi depi an 2015 pou pwoteje kontribyab yo, antrepriz yo ak sistèm taks la kont vòl idante. Asosye somè yo kontinye avèti moun pou yo rete vijilan parapò ak anak ak aksyon frekan sa yo sezon fiskal sa.

Anak nan tèks mesaj

Ane pase, te gen yon remonte nan tèks mesaj kote anakè ap fè tèt yo pase pou IRS. Yo voye anak sa yo sou telefòn entèlijan kontribyab yo epi yo fè referans ak/oubyen Kovid 19 oubyen "pèman relans yo". Mesaj sa yo souvan se yon seri fo lyen ki fè tèt yo pase pou sit entènèt IRS la ak lòt zouti anliy yo. Mizapa Aksè Sekirize IRS la , IRS pa itilize tèks mesaj pou li diskite pwoblèm fiskal pèsonèl pèsonn, pa egzanp pwoblèm ki enplike fakti oubyen ranbousman yo. IRS p ap janm viye mesaj pou kontribyab yo atravè platfòm medya sosyal yo.

Si yon kontribyab resevwa yon SMS/tèks ke yo pa t solisite ki sanble sòti nan swa IRS oubyen nan yon pwogram ki gen lyen sere ak IRS, kontribyab la dwe fè yon skrinchòt mesaj tèks la epi enkli skrinchòt sila nan yon imèl ou ap voye sou phishing@irs.gov ak enfòmasyon ki pral swiv yo:

  • Dat/lè/Fizo orè yo te resevwa mesaj la
  • Nimewo telefòn ki te resevwa mesaj la

IRS ap raple tout moun pou yo PA klike sou lyen ak pyès jwen ki nan tèks mesaj ki pa solisite, ki sispèk oubyen w pa t atann yo - kit yo ta sòti nan IRS, ansanm ajans fiskal eta a oubyen lò ajans nan kominote fiskal la.

Fwod chomaj

Pandan nouvo sezon fiskal la kòmanse a, IRS raple travayè yo pran prekosyon parapò ak revandikasyon chomaj oubyen lòt benefis pèman yo pa t janm aplike pou yo. Eta yo ap fè eksperyans yon ogmantasyon rekò nan reklamasyon chomaj ki makonnen ak fwod ke rezo krim òganize yo depoze ki ap itilize idantite moun yo vòlè yo. Kriminèl yo itilize sila yo vòlè yo pou yo ranmase benefis nan yon fason malonèt. .

Akoz avantaj chomaj yo se revni taksab, eta yo livre Fòmilè 1099-G, Pèman Gouvènman ki sèten yo, pou benefisyè yo ak IRS la pou yo repòte montan konpansasyon taksab yo resevwa yo ak kèlkeswa prelèvman an. Kèlkeswa travayè ki resevwa 1099-G ki gen fwod oubyen ki pa kòrèk dwe siyale li nan ajans etatik ki te livre l la epi fè demann yon Fòmilè 1099-G ki korije.

Pou detay sou kòman pou w siyale fwod la nan ajans mendèv eta a, jan pou w jwenn yon fòmilè 1099-G ki korije, jwenn yon lis kontak eta yo ak lòt pa ki pou fèt ki lye ak fwod chomaj, kontribyab yo kapab vizite paj Depatman Travay Ameriken an.

Payikilye yo ka viktim vòl idantite chomaj si yo te resevwa:

  • Kourye yon ajans gouvènmantal voye konsènan yon reklamasyon chomaj oubyen pèman yo pa t fè okenn deklarasyon pou yo. Sa gen ladan l, pèman sanzatann yo oubyen kat debi yo epi yo kapab sòti nan nenpòt eta.
  • Yon Fòmilè 1099-G IRS ki reklame avantaj chomaj yo pa t atann yo oubyen yo pa t resevwa. Kazye 1 sou fòmilè sa ka montre avantaj chomaj ke yo pa t resevwa oubyen yon montan ki depase dosye pou avantaj yo te vrèman resevwa yo. Fòmilè a nan li menm kapab petèt sòti nan yon eta yo pa t fè demann avantaj ladan li.

Yon avi anplwayè yo voye ki endike ke anplwayè a te resevwa yon demann enfòmasyon sou yon reklamasyon chomaj.

Anak amsonaj pa imèl

IRS pa inisye kontak ak kontribyab yo pa imèl pou li mande enfòmasyon pèsonèl ak finansye. IRS inisye majorite kontak li yo atravè yon kourye regilye ke Sèvis Postal livre.

Si yon kontribyab resevwa yon imèl ke yo pa t solisite ki sanble sòti swa nan IRS oubyen yon pwogram ki gen yon lyen sere ak IRS men ki gen fwod ladan l, siyale l lè w voye l antanke yon pyès jwent sou phishing@irs.gov. Paj Anak Anliy ak Rapò Amsonaj sou IRS.gov la founi detay ki konplè.

Gen sikonstans espesyal ki egziste kote IRS ap rele oubyen vini nan yon kay oubyen yon antrepriz. Pami vizit sa yo gen ladan l lè yon kontribyab gen yon fakti enpo ki an reta, yon deklarasyon enpo ki anreta, oubyen yon pèman enpo travay ki an reta. IRS ka vizite tout si nesesè vizite yon antrepriz nan kad yon envestigasyon sivil (pa egzanp yon odit oubyen yon koleksyon dosye) oubyen pandan yon envestigasyon kriminèl. IRS founi oryantasyon espesifik sou kòman pou w konnen si se IRS k ap frape pòt ou tout bon (an anglè).

Anak nan telefòn

IRS pa kite mesaj ijans oubyen ki chaje ak menas ki preyanrejistre. Nan yon bann varyasyon anak nan telefòn nan, yo di viktim yo si yo pa retounen apèl la, y ap voye yon manda pou arete yo. Lòt menas vèbal yo gen dan l entèvansyon ajans fòs lòd, depòtasyon oubyen revokasyon lisans yo.

Kriminèl yo kapab falsifye oubyen "fè izipasyon" nimewo idantifikasyon moun k ap rele a pou parèt nenpòt ki kote sou teritwa peyi a, sa ki gen ki gen ladan l yon Biwo IRS. Sa ki anpeche kontribyab yo verifye vrè nimewo telefòn nan. Moun ki ap fè fwod yo fè tèt yo pase tou pou biwo cherif lokal yo, depatman deta veyikil a motè yo, ajans federal yo, elatriye pou konvenk kontribyab yo ke apèl la lejitim.

IRS (ak ajans koleksyon prive li yo) p ap janm:

  • Rele pou mande pèman imedya pandan y ap itilize yon metòd pèman espesifik tankou yon kat debi prepeye, kat kado oubyen viman bankè. IRS pa itilize metòd sa yo pou pèman taks yo.
  • Menase pou vin ak lapolis lokal oubyen lòt gwoup fòs lòd prese prese pou arete kontribyab la paske l pa t peye..
  • Mande pou yo peye taks yo san yo pa bay kontribyab la opòtinite pou li kesyone oubyen fè apèl pou montan yo dwe a.
  • Mande nimewo kat kredi oubyen kat debi nan telefòn.

Jeneralman, IRS ap voye dabò yon fakti pa lapòs pou tout moun ki dwe enpo yo. Tout pèman taks yo dwe al jwenn Trezò Ameriken epi chèk yo pa dwe janm al jwenn tyès pati yo.

Pou tout moun ki pa dwe taks epi ki pa gen okenn rezon pou yo panse yo dwe taks:

Pou tout moun ki dwe taks oubyen ki panse yo dwe:

Gade enfòmasyon sou kont enpo anliy sou IRS.gov pou w wè montan reyè l ou dwe a. Kontribyab yo kapab revize opsyon pèman yo. Rele nimewo a sou avi fakti a oubyen

Asistans pou viktim vòl idantite yo

Malerezman anak ak aksyon sa yo souvan debouche sou vòl idantite. Pandan ke vòl idante ka gen anpil konsekans, IRS fokis sou vòl idantite ki lye ak taks.

Vòl idantite ki lye ak taks la rive lè yon moun itilize nimewo Sekirite Sosyal yon patikilye li vòlè (SSN) pou depoze yon deklarasyon enpo ki reklame yon ranbousman yon fason ki gen fwod. Kontribyab yo kapab pa okouran de aktivite sa jiskaske yo fè yon depo pa vwa elektwonik epi yo dekouvri ke yon deklarasyon te deja depoze ki itilize SSN yo a. Oubyen, SSN nan ka voye yon lèt pou yo ki di li idantifye yon deklarasyon sispèk ki itilize SSN yo a.

Si yon kontribyab aprann SSN li te itilize nan yon fason malonèt, oubyen yo konnen oubyen sispèk yo viktim yon vòl idanti ki lye ak taks, IRS rekòmande etap adisyonèl sila yo:

  • Patikilye yo dwe reponn prese prese tout avi IRS voye; rele nan nimewo yo voye pou ou a.
  • Kontribyab yo dwe ranpli Fòmilè 14039, Deklarasyon Vòl Idantite sou Sèman (an anglè)PDF, si yo rejte yon deklarasyon enpo ki fèt pa vwa elektwonik akoz yon deklarasyon ki an doub nan SSN yo a oubyen IRS te pase yon enstriksyon pou yo fè sa. Kontribyab yo ka itilize yon fòmilè ki pou ranpli sou IRS.gov, alòs, enprime epi mete fòmilè a nan deklarasyon papye yo a epi voye yo pa kourye selon enstriksyon yo.
  • Viktim vòl idantite ki lye ak taks la dwe kontinye peye taks li epi depoze deklarasyon enpo li, menm si li oblije fè sa sou papye.
  • Kontribyab ki te kontakte IRS nan yon peryòd avan sa konsènan yon vòl idantite ki gen rapò ak taks epi ki pa t jwenn yon rezolisyon dwe fè yon rapèl pou yon asistans espesyalize nan 800-908-4490.

Plis enfòmasyon disponib sou: IRS.gov/identitytheft oubyen IdentityTheft.gov (an anglè) Komisyon Komès Federal la.

Sit entènèt ofisyèl IRS la se IRS.gov. Moun yo dwe okouran de imitasyon sit entènèt ki fini pa .com. Sa aplike pou lòt zouti IRS yo tou, tankou Deklarasyon Gratis – yo tout fini ak .gov.

Pou plis enfòmasyon, vizite Alèt Konsomatè ak Anak Taks sou IRS.gov. Enfòmasyon adisyonèl sou anak taks disponib IRS social media sites sit medya sosyal IRS yo (an anglè), sa ki enkli videyo YouTube yo..

Plis Enfòmasyon: