Resous pou katastwòf, pou ede kontribyab yo fè fas ak siklòn sezon ete yo

Konsèy fiskal IRS 2022-75, 16 me 2022

Rive sezon lete a rive a vle di tou sezon siklonik la kòmanse. Youn nan fason kontribyab yo ka prepare pou nenpòt ki kalite katastwòf natirèl se lè yo konnen byen sa pou yo fè ak dokiman enpòtan yo ak dokiman yo gendwa pèdi apre yon katastwòf.

Li bon tou pou kontribyab yo konnen ki jan pou yo tcheke si IRS ap bay ekstansyon pou fè deklarasyon oswa lòt asistans fiskal akòz enpak yon katastwòf Gouvènman federal deklare genyen. Pi ba a n ap jwenn lyen kontribyab yo ka itilize pou jwenn asistans IRS bay ki gen pou wè ak katastwòf:

Rekonstitye dosye apre yon katastwòf natirèl oswa yon pèt aksidantèl (an anglè)

Paj IRS.gov sa a ede moun k ap fè fas ak difikilte ki genyen pou rekonstitye dosye finansye yo apre yon katastwòf. Sa gendwa enpòtan anpil pou byen dokimante yon pèt dediktib sou taks, bay prèv plizyè tranzaksyon ki gen rapò ak taks oswa jwenn asistans federal, oswa ranbousman asirans.

Asistans fiskal nan ka kote gen katastwòf

Paj sa a gen lyen ki mennen nan resous k ap oryante kontribyab yo atravè enfòmasyon ki pral ede yo apre yon katastwòf. Paj sa a gen lyen tou ak nouvèl lokal yo ak kesyon yo poze souvan yo.

Nan kat kwen peyi a (an anglè)

Paj sa a mete aksan sou nouvèl espesifik nan zòn lokal yo. Sa gen ladann asistans pou katastwòf ak dispozisyon fiskal ki afekte sèten eta.

Kesyon yo poze souvan pou viktim katastwòf yo (an anglè)

Sou paj sa a, itilizatè yo ka konekte ak plizyè paj diferan ak kesyon yo poze souvan yo, chak grenn sou yon sijè byen espesifik, pou ede moun aprè yon katastwòf.

Piblikasyon 3067, Asistans pou Katastwòf IRS - Katastwòf Gouvènman Federal Deklare (an anglè)PDF

Piblikasyon sa a bay enfòmasyon pou moun ak biznis ki afekte nan yon katastwòf Gouvènman Federal deklare. Li kouvri asistans ki disponib pou viktim katastwòf yo tou.

Piblikasyon 584, Dokiman Travay pèt aksidan, katastwòf ak vòl (an anglè)

Dokiman travay sa a ede kontribyab endividyèl yo kalkile pèt yo sou pwopriyete pèsonèl yo, nan ka kote ta gen yon katastwòf, aksidan oswa vòl.

Piblikasyon 584-B, Dokiman travay pou aksidan nan biznis, katastwòf ak pèt ki gen pou wè ak vòl (an anglè)

Dokiman travay sa a ede biznis yo evalye pèt yo nan biznis ak pwopriyete ki jenere revni nan ka kote ta gen yon katastwòf, aksidan oswa vòl.

Piblikasyon 547, Aksidan, Katastwòf ak Vòl (an anglè)

Piblikasyon sa a eksplike tretman taks sou aksidan, vòl, ak pèt sou depo.

Plis enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)