Skip to main content

Anplwayè yo: Kredi Enpo pou Konje Fanmi ak Medikal Peye a gen plis valè kounye a

23 Septanm 2026 

Anplwayè ki bay anplwaye yo konje fanmi ak konje medikal peye ka kalifye pou Kredi pou Anplwayè ki Bay Konje Fanmi ak Konje Medikal Peye, ki te fèk amelyore dapre Rediksyon Enpo pou Fanmi k ap Travay yo (an anglè).

Kredi sa a pèmanan kounye a. Anplwayè ki elijib yo ka reklame yon kredi enpo jeneral pou biznis ki soti nan 12.5% rive 25% nan salè yo peye anplwaye ki kalifye yo pou jiska 12 semèn konje fanmi ak konje medikal pou chak ane fiskal.

Lòt amelyorasyon yo gen ladan:

  • Anplwayè yo ka reklame kredi a pou anplwaye ki gen omwen sis mwa sèvis, sa gen ladan anplwaye a tan pasyèl ki travay 20 èdtan oswa plis pa semèn.
  • Anplwayè yo ka reklame kredi a pou prim asirans ki kalifye yo peye oswa pou salè yo peye pandan konje a.
  • Konje yo bay dapre egzijans leta oswa lokal yo ka konte pou detèmine kalifikasyon pou kredi enpo federal sa a, men yo pa ka konte nan kalkil kredi a.