Lè kontribyab yo byen jere dosye yo pandan ane a, sa ede yo evite fristrasyon nan peryòd fiskal la

Konsèy Fiskal IRS 2022-183, 30 novanm 2022

Nan moman preparasyon yon deklarasyon enpo, sa ka fristran lè moun ki pa jere dosye yo pèdi pami yon pil relve, resi ak dokiman finans. Lè yo konnen sa pou yo konsève ak pandan konbyen tan pou yo konsève li, moun yo kapab devlope yon sistèm bon jesyon dosye (an anglè) pou tout ane a epi fè deklarasyon pi fasil.

Bon jesyon dosye kapab ede kontribyab yo konprann sitiyasyon yo lè yo resevwa lèt oswa avi ki soti nan IRS la.

Bon done yo ede:

  • Idantifye sous revni yo. Kontribyab yo ka resevwa lajan oswa pwopriyete apati plizyè sous. Done yo ka idantifye sous revni yo epi ede separe revni ki soti nan biznis ak revni ki pa soti nan biznis epi revni ki gen taks sou li ak revni ki pa gen taks sou li.
  • Swiv depans yo. Kontribyab yo kapab itilize done yo pou idantifye depans yo kapab reklame rediksyon pou yo. Sa ap detèmine si yo dwe detaye dediksyon yo nan deklarasyon an. Li kapab ede dekouvri tou, dediksyon oswa kredi yo neglije.
  • Prepare deklarasyon enpo yo. Bon done yo ede kontribyab yo fè deklarasyon enpo yo rapid epi byen. Nan ane a, yo ta dwe ajoute done fiskal yo nan dosye yo jan yo resevwa yo a pou preparasyon deklarasyon enpo a ka pi fasil.
  • Soutni eleman ki deklare nan deklarasyon enpo yo. Done ki byen òganize yo rann li pi fasil pou prepare yon deklarasyon enpo epi li ede jwenn repons si deklarasyon an seleksyone pou yo egzamine l oswa si kontribyab la resevwa yon avi IRS la.

Anjeneral, kontribyab yo sipoze konsève done yo pandan twa (3) lane apati dat yo te fè deklarasyon enpo a. Kontribyab yo ta dwe kreye yon sistèm k ap konsève tout enfòmasyon enpòtan yo ansanm. Yo kapab itilize yon pwogram lojisyèl pou jesyon done elektwonik. Yo kapab ranje dokiman papye yo tou, nan dosye ki gen etikèt yo.

Done pou konsève yo se:

  • Done sou enpo yo. Sa gen ladan deklarasyon salè ak rantre ki soti nan men tout anplwayè oswa debitè pami yo, aplikasyon oswa kat pèman, tankou Fòm W-2, 1099-K, 1099-Misc, 1099-NEC. Lòt done yo se deklarasyon enterè ak dividand bank yo, kèk pèman gouvènman an tankou alokasyon chomaj, lòt dokiman revni yo ak done tranzaksyon monnen vityèl yo. Kontribyab yo ta dwe kenbe resi yo tou, chèk ki anile, ak lòt dokiman yo ki pwouve revni, yon dediksyon, oswa yon kredi ki deklare nan deklarasyon enpo yo. 
  • Lèt , Avi IRS yo ak deklarasyon enpo ane anvan yo. Kontribyab yo ta dwe konsève kopi deklarasyon enpo ane anvan yo ak avi oswa lèt IRS voye ba yo. Sa yo gen ladan avi ajisteman yo lè yo poze aksyon sou kont kontribyab la. 
  • Done sou pwopriyete yo. Kontribyab yo ta dwe konsève done sou pwopriyete yo genyen oswa vann tou. Yo dwe konsève done sa yo pou detèmine kalkil baz yo pou gen oswa pèt.
  • Revni ak depans nan biznis. Kontribyab pwofesyonèl yo ta dwe jwenn yon metòd jesyon done ki byen reflete revni brit yo ak depans yo. Kontribyab ki gen anplwaye yo dwe konsève tout done enpo sou travay yo pandan kat (4) lane pou pipiti apre enpo a dwe oswa peye, nan yon dat annapre.
  • Asirans sante. Kontribyab yo ta dwe konsève done kouvèti asirans swen sante pa yo ak pa manm fanmi yo. Si y ap reklame kredi enpo sou prim nan, y ap bezwen enfòmasyon sou tout pèman avans kredi yo resevwa atravè Mache Asirans Sante a ak prim yo te peye yo.

Pou plis enfòmasyon sou kisa pou w fè pou preparasyon depo enpo yo, kontribyab yo ta dwe vizite paj Prepare Nou ki sou IRS.gov la.

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)