IRS: Viktim tanpèt Kalifòni yo kalifye pou alèjman fiskal; Yo pwolonje dat limit 18 avril lan ak lòt dat yo jiska 15 me

Mizajou 6/8/23: Deklarasyon IRS (an anglè) konsènan avi sou dèt yo voye pa lapòs nan Kalifòni yo.

Mizajou 2/24/23: dat limit 15 me pou enpo a pwolonje jiska 16 oktòb

Mizajou 1/11/23: Yo te mete kominike sa ajou pou li ka gen ladan li konte Alameda, Contra Costa, Fresno, Kings, Lake, Madera, Mono, San Benito, San Francisco, ak Tulare yo.

IR-2023-03, 10 janvye 2023

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn lan te anonse jodi a ke viktim tanpèt Kalifòni yo genyen pou kounya jiska 15 me 2023, pou yo fè plizyè deklarasyon ak pèman enpo federal pou patikilye ak pou biznis yo.

IRS la ap ofri asistans bay nenpòt zòn Ajans Federa l pou Jesyon Ijans (FEMA) lan deziyen. Sa vle di ke patikilye yo ak fanmi yo ki abite oswa genyen yon biznis nan konte Alameda, Colusa, Contra Costa, El Dorado, Fresno, Glenn, Humboldt, Kings, Lake, Los Angeles, Madera, Marin, Mariposa, Mendocino, Merced, Mono, Monterey, Napa, Orange, Placer, Riverside, Sacramento, San Benito, San Bernardino, San Diego, San Francisco, San Joaquin, San Luis Obispo, San Mateo, Santa Barbara, Santa Clara, Santa Cruz, Solano, Sonoma, Stanislaus, Sutter, Tehama, Tulare, Ventura, Yolo ak Yuba yo, kalifye pou soulajman enpo. Gen yon lis lokalite yo ki ajou e ki toujou disponib sou paj Alèjman Fiskal nan Sitiyasyon Katastwòf yo IRS.gov la.

Alèjman fiskal la te ranvwaye dat limit plizyè kalite pèman ak deklarasyon enpo ki te fèt apati 8 janvye 2023. O final, kontribiyab yo ak biznis ki afekte yo ap gen jiska 15 me 2023, pou peye epi deklare tout enpo yo te dwe deja pandan peryòd sa.

Sa a vle di, deklarasyon enpo sou revni 2022 kontribyab yo te dwe pou 18 avril, ansanm ak deklarasyon 2022 nòmalman biznis yo dwe peye zòn 15 mas ak 18 avril. Pami kèk lòt bagay, sa vle di kontribyab ki kalifye yo ap gen jiska 15 Me 2022 pou yo fè vèsman nan kont epay sante yo ak kont IRA yo.

Anplis de sa, kiltivatè yo ki chwazi pou yo sispann fè pèman enpo estime yo e ki nòmalman fè deklarasyon yo zòn 1ye Mas ap gen kounye a jiska 15 me 2023, pou yo fè deklarasyon enpo 2022 yo epi pou yo peye nenpòt enpo yo te dwe. Dat limit 15 me 2023 a, valab tou pou pèman enpo estime chak trimès yo, ke nòmalman yo dwe peye zòn 17 janvye 2023 ak 18 avril 2023. Sa vle di ke kontribyab yo ka sote pèman enpo estime yo te dwe fè pou katriyèm trimès la, ke te dwe fè nòmalman 17 janvye 2023, epi mete li de preferans ak deklarasyon 2022 yo ap fè sou oswa anvan 15 Me.

Dat limit 15 me an, aplike tou pou pewòl chak trimès la ak deklarasyon enpo endirèk ke w dwe peye nan dat 31 janvye ak 30 avril 2023 yo. Anplis de sa, penalite sou pewòl yo ak depo pou enpo endirèk ke w dwe peye 8 janvye 2023 oswa apre, epi anvan 23 janvye 2023 yo, ap diminye tan ke w peye enpo yo anvan 23 janvye 2023.

Paj Asistans pou Katastwòf ak Sekou Ijans pou Patikilye yo ak Biznis (an anglè) yo gen plis detay sou lòt deklarasyon yo, pèman yo ak aksyon ki an rapò ak enpo ki kalifye pou resevwa pwolonjman tan.

IRS la bay otomatikman tout kontribyab ki gen yon adrès IRS ki anrejistre nan yon zòn ki viktim katastwòf yon alèjman pou deklarasyon ak penalite. Kidonk, kontribyab yo pa bezwen kontakte ajans lan pou yo resevwa soulajman sa a. Sepandan, si IRS la voye yon avi penalite sou reta deklarasyon oswa reta pèman bay yon kontribyab ki afekte ki te gen yon deklarasyon enpo orijinal oswa pwolonje, yon pèman oswa yon depo li dwe e ke dat pou li peye a ap tonbe anndan peryòd yo pwolonje a, kontribiyab la ta dwe rele nimewo ki sou avi a pou yo ka diminye penalite a.

Anplis de sa, IRS la pral travay ak tout kontribyab ki pap viv anndan zòn katastwòf la men dosye ki nesesè pou kontribiyab la respekte dat limit lan ki ap bout pandan peryòd yo te pwolonje a, nan zòn ki afekte a. Kontribyab ki kalifye pou sekou yo e ki pa abite anndan zòn katastwòf la bezwen kontakte IRS la nan 866-562-5227. Sa enplike tou travayè k ap ede nan aktivite sekou yo e ki afilye ak yon òganizasyon gouvènman rekonèt oswa òganizasyon filantwopik.

Biznis ak patikilye yo ki nan yon zòn katastwòf ke gouvènman fedaral la deklare e ki sibi pèt ki gen rapò ak katastwòf ke asirans lan pa kouvri oswa bay ranbousman pou yo, ka deside reklame yo swa sou deklarasyon pou ane pèt la te fèt la (nan ka sa a, deklarasyon ane 2023 ke nou ap depoze nòmalman ane pwochèn), oswa deklarasyon pou ane ki sot pase a (2022, nòmalman ke nou fè pou sezon enpo sa a). Asire w ke ou ekri nimewo deklarasyon FEMA a – 3591-EM − sou nenpòt deklarasyon ki fèt pou reklamasyon yon pèt. Gade Piblikasyon 547 (an anglè) pou plis detay.

Alèjman fiskal la fè pati de yon repons federal kowòdone pou dega tanpèt sa yo te lakòz epi li baze sou evalyasyon dega lokal FEMA te fè. Pou resevwa enfòmasyon sou rekiperasyon apre dezas, vizite DisasterAssistance.gov (an anglè).