IRS bay plis enfòmasyon nan plizyè lang; sa fè pati nan efò ak transfòmasyon kontinyèl pou elaji sèvis yo bay kontribyab yo

IR-2024-73, 15 Mas 2024

WASHINGTON — Jodia Sèvis Internal Revenue te raple moun ak biznis yo ke ajans lan kontinye ogmante kantite enfòmasyon ki disponib nan plizyè lang.

Pandan dat limit pou ranpli enpo a ap pwoche, IRS fè kontribyab yo sonje gen plizyè fason moun ka jwenn èd nan plizyè lang. Travay IRS nan domèn plizyè lang lan ap kontinye elaji, epi bay enfòmasyon nan plis lang fè pati travay transfòmasyon IRS anba Plan Operasyon Estratejik la, ki vin posib grasa resous adisyonèl Lwa sou Rediksyon Enflasyon an.

Komisyonè IRS la Danny Werfel di, “IRS pran angajman pou l fè plis amelyorasyon pou kontribyab yo nan yon pakèt domèn, tankou ogmante opsyon ki disponib pou kontribyab yo nan plizyè lang. Konprann enpo kapab ase difisil, kidonk li enpòtan pou IRS mete yon varyete enfòmasyon sou IRS.gov ak lòt materyèl nan lang yon kontribyab konnen pi byen. Sa fè pati pi gwo efò IRS fè pou rann enpo pi fasil pou tout kontribyab yo.”

Sou sit entènèt IRS la, anpil nan enfòmasyon yo deja tradui kounye a nan sèt lang anplis de angle. Kontribyab yo kapab tou senpleman chwazi lang yo pi pito a nan meni ki anlè paj la, tankou Panyòl, Vyetnamyen, Ris, Koreyen, Kreyòl Ayisyen, Chinwa Tradisyonèl ak Chinwa Senplifye.

Anplis de sa, yo ofri yon paj resous espesyal sou IRS.gov nan pi plis lang. Paj Lang (an anglè) yo bay kontribyab yo yon apèsi sou sijè kle ki gen rapò ak enfòmasyon sou enpo federal nan 21 lang. Sijè yo enkli:

  • Dwa w genyen antanke Kontribyab
  • Ki moun ki bezwen ranpli
  • Ranpli pou biznis ou
  • Jwenn èd pou prepare deklarasyon enpo w
  • Ranbousman

Fè konnen lang ou prefere a

Pandan IRS ap kontinye tradui plis enfòmasyon nan plizyè lang, kontribyab yo gen opsyon pou di IRS ki lang yo ta renmen itilize kounye a.

Barèm LEP (an anglè), ansanm ak enstriksyon yo (an anglè)PDF ki disponib nan plizyè lang, kontribyab yo ki ta prefere kominike ak IRS nan yon lòt lang ka ranpli youn ansanm ak yon deklarasyon enpo. Si sa disponib, IRS pral voye lèt, avi ak lòt enfòmasyon bay kontribyab sa a nan lang yo prefere a.

Angajman IRS anvè kontribyab ki pale plizyè lang se yon pati nan yon efò alontèm ki te kòmanse, sa gen plizyè ane, ki vin elaji pandan peryòd pandemi an epi entansifye nan kad travay transfòmasyon IRS aktyèl la. IRS fè efò pou sèvi tout kontribyab yo, kèlkeswa kote y ap viv, kèlkeswa lang yo pale.

Sèvis entèpretasyon

Si kontribyab yo pa ka jwenn repons pou kesyon enpo sou IRS.gov, kontribyab yo ka rele IRS oswa jwenn èd an pèsòn nan yon Sant Asistans pou Kontribyab IRS.

IRS ofri èd pa mwayen telefòn nan plis pase 350 lang ak sipò entèprèt pwofesyonèl. Pou asistans nan lang angle ak panyòl, kontribyab yo ta dwe rele 800-829-1040. Pou tout lòt lang, kontribyab yo ta dwe rele 833-553-9895.

Èd IRS bay nan telefòn:

Anplis de sa, plizyè santèn volontè pwogram IRS Èd Volontè bay konsènan Enpo sou Revni [Volunteer Income Tax Assistance (VITA)] ak pwogram Konsèy Enpo pou Moun Aje [Tax Counselling for the Elderly (TCE)] atravè peyi a gen aksè a sèvis OPI (Entèprèt nan Telefòn). VITA ak TCE ofri preprasyon deklarasyon enpo, ki senp, gratis, pou moun ki kalifye yo.

Lòt resous pou lang