IRS prepare prèske 4 milyon ranbousman pou pèman konpansasyon chomaj ki depase yo

IR-2021-151, 13 Jiyè 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan te anonse jodia l ap bay yon lòt tou ranbousman nan semenn sa a bay prèske 4 milyon kontribyab ki te peye enpo yo depase sou konpansasyon chomaj yo te resevwa ane pase a.

Lwa Plan Sovtaj Ameriken 2021 an ki te vi lwa an mas, te retire jiska $10 200 nan konpansasyon chomaj 2020 an nan kalkil revni ki gen taks sou yo. Esklizyon an aplike pou endividi ak koup marye ki gen revni brit ajiste modifye ki te mwens pase $150 000.

Ranbousman pa depo dirèk yo ap kòmanse 14 jiyè epi ranbousman pa chèk yo ap kòmanse 16 jiyè. Anvan sa, IRS la te bay ranbousman pou esklizyon konpansasyon chomaj yo nan me ak jen, e l ap kontinye bay ranbousman yo pandan sezon lete a.

Pou ede kontribyab yo nan responsablite yo, IRS la ap revize Fòm 1040 ak Fòm 1040SR ki te soumèt anvan pwomilgasyon lwa a pou idantifye moun yo dwe yon ajisteman. Pou kontribyab ki te peye anplis yo, IRS la ap ranbouse sa yo peye anplis la, mete li sou lòt enpo ki gen pou peye oswa lòt dèt leta oswa federal yo dwe.

Pou tou sa a, IRS la te idantifye apeprè 4.6 milyon kontribyab yo ka dwe yon ajisteman. Nan kantite sa, apeprè 4 milyon kontribyab ap tann pou resevwa yon ranbousman. Mwayenn ranbousman an se $1 265, sa vle di, genyen k ap resevwa plis, genyen k ap resevwa mwens.

Majorite kontribyab yo p ap bezwen antreprann okenn aksyon e yo p ap bezwen rele IRS la. Sepandan, si kòm konsekans konpansasyon ki eskli a, kontribyab yo kalifye kounya pou dediksyon oswa kredi ki pa reklame nan deklarasyon orijinal la, yo ta dwe soumèt yon Fòm 1040-X, Etazini Amande. Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl.

Kontribyab yo ta dwe ranpli yon deklarasyon amande si yo:

  • pa t soumèt yon Anèks 8812 avèk deklarasyon orijinal la pou reklame Kredi Enpo pou Timoun Adisyonèl la epi kalifye kounya pou kredi a apre esklizyon konpansasyon chomaj la;
  • pa t soumèt yon Anèks EIC avèk deklarasyon orijinal la pou reklame Kredi Enpo sou Revni an (avèk depandan ki kalifye) epi kalifye kounya pou kredi a apre esklizyon konpansasyon chomaj la;
  • kalifye kounya pou tout lòt kredi ak/oswa dediksyon ki pa mansyone anba a. Rasire w ou mete tout fòm oswa anèks ki obligatwa.

Kontribyab yo pa bezwen ranpli yon deklarasyon amande si yo:

  • te deja ranpli yon deklarasyon enpo epi pa t reklame esklizyon chomaj la; IRS la ap detèmine montan taksab kòrèk pou konpansasyon chomaj la ak taks;
  • gen yon ajisteman, akoz esklizyon an, ki pral bay yon ogmantasyon nan tout kredi ki pa ranbousab oswa kredi ki ranbousab ki nan deklarasyon orijinal la;
  • pa t reklame kredi sa yo nan deklarasyon enpo yo men yo kalifye kounya lè yo aplike esklizyon chomaj la: Kredi Ranbousman Rekiperasyon an, Kredi sou Revni ki Antre ki pa gen depandan kalifye oswa Avans Kredi Enpo sou Prim nan. IRS la ap kalkile kredi a epi mete li sou tout pèman depase yo;
  • te ranpli yon deklarasyon konjwen antanke marye, viv nan yon rejim kominotè, epi te mete yon montan esklizyon ki mwesn pase sa ou gen dwa pou li a nan liy 8 nan Anèks 1 an.

Jeneralman, IRS ap voye lèt bay kontribyab yo nan 30 jou apre ajisteman an, pou enfòme yo sou ki kalite ajisteman ki te fèt (tankou ranbousman, peman dèt IRS oswa konpansasyon peman pou lòt dèt yo otorize) ak montan ajisteman an.