IR-2025-21, 3 Fevriye 2025
WASHINGTON — Jodia Sèvis Revni Entèn te raple kontribyab yo ke chwazi bon pwofesyonèl enpo se esansyèl pou ede yo evite vòl idantite ki gen rapò avèk enpo ak domaj finansye.
Pandan pifò preparatè deklarasyon enpo yo se moun yo ka fè konfyans epi yo bay bon kalite sèvis, gen kèk ki enplike nan fwòd, vòl idantite ak èskrokri. Kontribyab yo dwe konprann ki moun y ap anboche a epi poze bon kesyon anvan yo ba li enfòmasyon pèsonèl ak finansye sansib yo.
Sonje byen: kontribiyab yo responsab legalman pou presizyon deklarasyon enpo sou revni yo, menmsi yon lòt moun prepare li.
Zouti IRS ki disponib pou ede kontribyab yo chwazi avèk sajès
IRS bay resous enpòtan pou ede kontribyab yo pran bon desizyon.
- Anyè pou Preparatè Deklarasyon Enpo Federal ki gen Espesyalizasyon ak Kalifikasyon Seleksyone (an anglè) ka ede kontribyab yo jwenn yon pwofesyonèl enpo ki satisfè nòm eleve yo.
- Genyen tou yon paj dedye sou IRS.gov ki ofri konsèy pou Chwazi yon pwofesyonèl enpo, ki enkli konsèy sou chwazi yon preparatè ki gen bon repitasyon, ki jan pou evite preparatè ki pa gen etik ak divès kalite preparatè enpo ki disponib. Kontribyab yo ta dwe konsidere bezwen inik yo pou detèmine ki kalite preparatè ki pi bon pou yo.
Preparasyon enpo gratis
IRS ofri opsyon free filing pou ranpli elektwonikman. Moun ak fanmi ki kalifye yo ka jwenn èd gratis tou pou prepare deklarasyon enpo yo nan men volontè IRS sètifye nan sit Volontè Asistans Enpo sou Revni (VITA) oswa Konsèy Enpo pou Moun Aje (TCE) . Anjeneral, kontribyab yo ka kalifye pou sèvis VITA si yo touche $67 000 oswa mwens. Sit TCE yo ofri èd enpo gratis, men ak èd priyorite pou moun ki gen 60 an daj oswa plis. Pou jwenn sit èd enpo gratis ki pi pre a, sèvi ak Zouti Lokalizatè VITA (an anglè) oswa rele 800-906-9887.
Move siy yo
Li enpòtan pou kontribyab yo rekonèt move siy lè y ap chwazi yon pwofesyonèl enpo.
Preparatè “Fantom” - Pran prekosyon ak nenpòt moun ki pap siyen deklarasyon enpo a kòm preparatè ki peye epi ki mande kontribyab la siyen epi ranpli deklarasyon an yo menm. IRS egzije preparatè enpo yo pou yo siyen deklarasyon an e si yo pa fè sa se yon move siy epi sa ka siyale fwòd. Preparatè "fantom" sa yo ka ap chèche fè yon pwofi rapid epi pwomèt gwo ranbousman oswa chaje frè ki baze sou kantite lajan ranbousman an.
Preparatè "fantom" malonèt sa yo souvan enprime deklarasyon an epi fè kontribyab la siyen epi poste li bay IRS. Pou deklarasyon ki ranpli elektwonikman, yon preparatè "fantom" ap prepare deklarasyon enpo a men li refize siyen l dijitalman kòm preparatè yo peye a. Kontribyab yo ta dwe evite kalite konpòtman malonèt sa a paske li ka endike fwòd.
Idantite ki valab pou preparatè enpo- Kontribyab yo ta dwe toujou chwazi yon preparatè enpo ki gen yon Nimewo Idantifikasyon Preparatè Enpo (PTIN) (an anglè) ki valab. Dapre lalwa, nenpòt moun yo peye pou prepare oswa ede nan prepare deklarasyon enpo federal yo dwe gen yon PTIN valab. Preparatè yo peye yo dwe siyen epi mete PTIN yo sou nenpòt deklarasyon enpo yo prepare.
Konsèy pou w chwazi yon preparatè deklarasyon enpo
Men kèk konsèy adisyonèl pou konsidere lè w ap chwazi yon pwofesyonèl enpo.
- Chèche yon preparatè ki disponib pandan tout ane a. Kesyon yo ka parèt sou yon deklarasyon enpo apre sezon ranpli a fini epi li itil pou kontakte preparatè a lè sa nesesè.
- Revize istwa preparatè a lè w sèvi avèk sit entènèt Better Business Bureau a. Chèche aksyon disiplinè ak estati lisans pou preparatè ki gen kalifikasyon yo. Pou CPA, tcheke sitwèb State Board of Accountancy a, epi pou avoka tcheke avèk State Bar Association. Pou ajan ki enskri yo ale sou IRS.gov epi chèche “verifye estati ajan ki enskri” oswa tcheke sou IRS Anyè pou Preparatè Deklarasyon Enpo Federal yo (an anglè).
- Pale sou frè sèvis yo davans. Evite preparatè deklarasyon enpo ki baze frè yo sou yon pousantaj nan ranbousman an oswa ki ofri pou depoze tout oswa yon pati nan ranbousman an nan pwòp kont li. Fè atansyon ak moun k ap di yo ka jwenn pi gwo ranbousman pase konpetitè yo.
- Jwenn yon founisè otorize IRS e-file. Yo kalifye pou prepare, transmèt ak trete deklarasyon elektwonik. Ranpli elektwonikman epi chwazi depo dirèk ka pèmèt ranbousman pi vit, souvan nan 21 jou.
- Bay dosye ak resi. Preparatè yo fè konfyans yo pral mande dokiman apwopriye epi poze kesyon pou detèmine revni total kliyan an, dediksyon, kredi enpo ak lòt detay ki enpòtan. Pa anboche yon preparatè ki soumèt yon deklarasyon enpo sou fòm elektwonik lè l sèvi avèk yon souch peye olye de yon Fòm W-2. Sa kont règ IRS e-file.
- Konprann espesyalizasyon ak kalifikasyon preparatè a. Avoka, CPA ak ajan ki enskri yo ka reprezante nenpòt kliyan devan IRS nan nenpòt sitiyasyon. Patisipan nan Pwogram Anyèl Sezon Ranpli an (an anglè) ka reprezante kontribyab yo nan sitiyasyon limite si yo te prepare epi siyen deklarasyon enpo w la .
- Pa janm siyen yon deklarasyon vid oswa enkonplè. Kontribyab yo responsab pou ranpli yon deklarasyon enpo konplè e kòrèk.
- Analize deklarasyon enpo a ak anpil atansyon anvan ou siyen l. Asire w ke w poze kesyon si yon bagay pa klè oswa si li pa kòrèk. Nenpòt ranbousman ta dwe ale dirèkteman pou kontribyab la – pa nan kont labank preparatè a. Verifye woutaj la ak nimewo kont labank ki sou fòm deklarasyon konplè a epi asire w li egzak.
Rapòte move konduit preparatè enpo
Kontribyab yo ka rapòte move konduit preparatè ki sispèk yo (an anglè) bay IRS lè yo sèvi avèk Fòm 14157, Plent: Preparatè Deklarasyon Enpo (an anglè) PDF. Si yon kontribyab sispèk yon preparatè deklarasyon enpo te ranpli oswa chanje deklarasyon yo san konsantman kontribyab yo, li ta dwe ranpli Fòm 14157-A, Fwòd Preparatè Enpo oswa Afidavi pou Move Konduit (an anglè) PDF.