Dènye tou ITIN yo ap ekspire nan ane 2020; IRS ankouraje moun pou yo renouvle bonè pou yo pa jwenn reta nan ranbousman yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

    IR-2020-181, 17 Dawou 2020

    WACHINNTON — Pi plis pase 1 milyon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl gen pou ekspire nan fen ane 2020 an paske Sèvis Revni Entèn mete bout nan ITIN ki te delivre avan ane 2013 yo. IRS kontinye mande kontribyab taks ki afekte yo pou yo soumèt aplikasyon pou renouvèlman yo a bonè, konsa yo p ap jwenn reta nan ranbousman yo pou ane k ap vini an.

    Lè n konsidere Lwa sou Pwoteksyon Ameriken kont Ogmantasyon Taks (PATH) la, ITIN ki pat janm sèvi nan yon deklarasyon pou taks federal pa menm yon fwa menm pandan twa dènyè ane yo ni sa yo ki te bay avan ane 2013 yo, tout nèt ap ekspire. ITIN ane sila a yo ki gen 88 nan chif mitan yo ap ekspire nan dat 31 Desanm 2020. Epi ankò, ITIN yo ki gen chif 90, 91, 92, 94, 95, 96, 97, 98 oubyen 99 nan mitan yo, epi ki te livre anvan ane 2013, gen pou ekspire tou nan fen ane a.

    Se moun ki gen pou fè deklarasyon taks oubyen obligasyon pèman daprè lwa Ameriken yo, men ki pa ko gen dwa pou yo gen nimewo Sekirite Sosyal, ki sèvi ak ITIN. Moun ITIN yo ki gen kesyon sou sa dwe al konsilte paj enfòmasyon ITIN sou IRS.gov epi mete kèk minit apa pou yo ka chache konprann machaswiv yo.

    IRS kontinye ap fè jèfò pou edike nasyon an pataje enfòmasyon sa yo ak moun ITIN yo. Pou ede kontribyab taks yo, IRS ofri yon dividal materyèl ki ka enfòme (an anglè)PDF, tankou depliyan, fèy done, ki disponib ata nan sèt lang menm, tankou Anglè, Panyòl, Ris, Vyetnamyen, Koreyen, epi Kreyòl Ayisyen sou sitwèb IRS.gov.

    Ki moun ki pou renouvle ITIN

    • Kontribyab taks ki gen ITIN yo k ap ekspire epi ki konnen y ap anba obligasyon pou fè deklarasyon nan 2021 an dwe soumèt aplikasyon pou renouvèlman. Lòt muoun yo pa bezwen fè anyen menm. ITIN ki gen chif 88 nan mitan yo (Pa egzanp: 9NN-88-NNNN) oubyen ki gen chif 90, 91, 92, 94, 95, 96, 97, 98 oswa 99 (epi ki ranpli kondisyon nou bay piwo a la a) bezwen renouvle menm si kontribyab taks la te itilize nimewo a nan twa dènye ane ki sot pase yo. Byen ta nan sezon ete a, IRS pral kòmanse voye bay kontribyab taks ki afekte yo Avi CP-48, ki di Ou Dwe Renouvle Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl ou (ITIN) pou w ka fè deklarasyon taks Etazni w lan (an anglè). Avi a di konsa kontribyab taks yo ap bezwen aji pou renouvle ITIN yo a si y ap bezwen l pou yo antre l nan deklarasyon taks 2021 Etazini an. Kontribyab taks ki resevwa avi a, men ki te gentan fè pa pou renouvle ITIN yo a pa bezwen fè anyen ankò sof si gen yon lòt manm nan fanmi an ki afekte.
    • Pou n fè w sonje, ITIN ki gen nan mitan yo chif 83 pou jouk ale nan 87 gentan ekspire depi ane pase. Chif mitan 73 pou jouk ale nan 77, epi 81 ak 82 ekspire nan ane 2018. Chif mitan 70, 71, 72, epi 80 ekspire an 2017, epi chif mitan 78 ak 79 ekspire an 2016. Kontribyab taks ki gen nimewo sa yo epi ki pral bezwen fè deklarasyon nan ane 2021 ka renouvle nenpòt ki lè.

    Opsyon fanmi toujou disponib

    Kontribyab taks ki gen yon ITIN ki ekspire gen opsyon pou yo renouvle ITIN pou tout fanmi yo an menm tan. Sila yo ki resevwa yon lèt renouvèlman IRS voye ka chwazi pou renouvle ITIN pou tout fanmi an ansanm, menm si gen manm nan fanmi a ki gen ITIN ki gen chif mitan yo diferan ak sa ki te mansyone pou ekspirasyon yo. Manm fanmi yo se deklaran taks la, mari oubyen madanm li, ak nenpòt ki lòt moun yo mete sou papye deklarasyon yo pou di se depandan pa yo yo ye.

    Kòman pou w renouvle yon ITIN

    Pou w renouvle yon ITIN, yon kontribyab taks dwe ranpli Fòmilè W-7 epi soumèt tout dokiman ki obligatwa yo. Kontribyab taks yo ki soumèt Fòmilè W-7 pou yo ka renouvle ITIN yo pa anba obligasyon pou yo voye ansanm ak li dokiman deklarasyon pou taks federal. Men tou, fò kontribyab taks yo voye yon nòt kanmenm pou di rezon ki fè yo bezwen yon ITIN nan Fòmilè W-7 la. Gade enstriksyon sou Fòmilè W-7 la pou enfòmasyon nan tout ti detay.

    Mari, madanm ak depandan sèlman bezwen renouvle ITIN yo a si y ap fè deklarasyon endividyèl pou taks, oubyen si yo ba yo dwa pou benefisye kèk avantaj nan taks (egzanp, yon paran ki depandan vin fè deklaran prensipal la ka pran dwa pou l kouche non l nan deklarasyon an kòm kwa se limenm ki antèt kay la). Nan ka sa yo, dwe gen yon kopi deklarasyon pou taks federal la ki ale ansanm ak apllikasyon renouvèlman an nan Fòmilè W-7 la.

    Gen twa fason pou soumèt pake aplikasyon Fòmilè W-7 la. Kontribyab taks yo ka:

    • Poste fòmilè a, ansanm ak dokiman orijinal pou idantifikasyon yo oswa yon kopi sètifye kote se ajans lan ki te ba yo dokiman yo a ki sètifye l, voye nan adrès IRS ki afiche nan enstriksyon Fòmilè W-7 yo (an anglè)PDF. IRS ap etidye dokiman idantifikasyon yo epi voye yo tounen nan 60 jou.
    • Travay ansanm ak Ajan ki pou Aksepte Sètifikasyon (CAA yo) (an anglè) IRS otorize pou ede kontribyab taks yo ranpli dosye pou mande yon ITIN. CAA yo kabab verifye si tout dokiman idantifikasyon kontribyab taks prensipal ak sibòdone yo otantik, verifye si aplikasyon pou ITIN nan kòrèk, anvan pou yo soumèt yo voye bay IRS etidye epi verifye si paspò ak batistè kontribyab taks prensipal yo ak sibòdone yo otantik. Sa sove kontribyab taks yo pou yo pa oblije poste dokiman orijinal yo voye bay IRS.
    • Depi davans, rele epi pran randevou pou w ale oumenm menm nan Sant Asistans Kontribyab IRS (an anglè) la ki la pou verifye si pyès idantite yo otantik, olye w al poste voye bay IRS papye orijinal dokiman w yo. Chak manm nan fanmi an ki aplike pou ITIN oswa pou renouvèlman l dwe reponn prezan nan randevou a epi yo dwe genyen nan men yo Fòmilè W-7 yo a byen ranpli ansanm ak tout lòt dokiman obligatwa pou idantifikasyon. Gade paj Otantifikasyon TAC ITIN (an anglè) pou plis detay.

    Evite fè èrè ki pi fasil yo koulye a, konsa w ap evite reta nan ane k ap vini an

    Y ap trete kanmenm dosye Deklarasyon pou taks federal ki soumèt an 2021 menm si ITIN nan ekspire. Men, gen kèk kredi sou taks ak kèk egzanpsyon aplikan an p ap ka jwenn. Kontribyab taks yo gen pou resevwa yon avi pa lapòs k ap fè yo konnen si gen chanjman pou deklarasyon taks yo a oswa si yo bezwen renouvle ITIN yo. Renouvle ITIN nan renouvle, kredi ak egzanpsyon pou l jwenn yo ap tou restore, epi depi gen ranbousman ki pou fèt, l ap fèt.

    Lòt bagay ankò, yon plo èrè moun fè souvan ka ralanti pwosesis aplikasyon renouvèlman ITIN nan. Fòt sa yo parèt pi fò fwa konsa:

    • Dokiman idantifikasyon ki poste san yon Fòmilè W-7,
    • Enfòmasyon ki manke nan Fòmilè W-7 la, oswa
    • Dokiman pou apiye demann nan pa ase, tankou dokiman pou pwouve moun nan ap viv Ozetazini, oubyen dokiman ofisyèl ki pou bay prèv yon chanjman kèlkonk nan non yon moun.

    IRS mande tout aplikan pou yo gade fòmilè yo byen gade anvan yo voye l bay IRS. Pa bliye, IRS pa aksepte ankò okenn paspò san dat antre Ozetazini kòm sèl grenn pyès idantiffikasyon pou yon moun ki depandan si depandan an pa fè pati pèsonèl lame Ameriken nan lòt peyi. Paspò moun ki depandan an dwe genyen yon dat antre ki byen sele, san sa, l ap bezwen lòt pyès ki bay prèv l ap viv Ozetazini tankou:

    • Dosye medikal Ozetazini pou timoun ki poko gen 6 an,
    • Dosye lekòl Ozetazini pou depandan ki poko gen 18 an, epi
    • Dosye lekòl Ozetazini (si se etidyan), bòdwo lwaye, rapò eta kont li gen labank, bòdwo elektrisite, dlo kote non aplikan an, adrès li Ozetazini ekri nwa sou blan sou yo, si aplikan an gen plis pase 18 an.

    Pou l ka ofri plis sèvis ITIN, IRS ankouraje moun aplike nan Pwogram Pou Ajan Aksepte yo a

    Pou l ka ogmante disponibilite sèvis ITIN li nan tout peyi a, sitou nan kominote kote plis moun sèvi ak ITIN, IRS kontinye ap rekrite ak dilijans Ajan ki pou Sètifye Aseptasyon yo, epi aksepte resevwa aplikasyon tout ane a nèt san rete. Li ankouraje moun ki enterese yo pou yo voye je repase tout chanjman ak obligasyon pwogram tout CAA yo, epi soumèt aplikasyon pou travay nan pòs CAA.

    Pou plis enfòmasyon, ale sou page enfòmasyon ITIN nan sou IRS.gov.