Somè Sekirite: PIN pou Pwoteksyon Idantite yo se yon bon defans kont vòl idantite ki an rapò ak taks yo

IR-2022-140, 19 Jiyè 2022

WASHINGTON - Jodi a, patnè somè sekirite yo ankouraje pwofesyonèl taks yo pou yo fè plis efò pou kapab bay kliyan yo enfòmasyon konsènan PIN pwoteksyon idantite pwogram akseptasyon an pou ede yo pwoteje tèt yo kont vòl idantite ki gen rapò ak taks.

PIN Pwoteksyon Idantite a se yon gwo defans kont vòl idantite yo. IRS, ajans taks etatik yo ak endistri taks nasyon an ap travay men nan men ak Somè Sekirite (an anglè) – yo bezwen asistans nan men pwofesyonèl taks yo pou kapab fè kliyan yo konnen PIN pwoteksyon idantite yo disponib kounya pou nenpòt moun ki kapab verifye idantite yo.

Pataje enfòmasyon ki gen pou wè ak Pwogram Patisipasyon pou PIN Pwoteksyon Idantite a se premye nan yon seri somè chak semenn ki gen senk (5) pati, Patnè somè yo finanse pou kapab mete aksan sou etap kritik pwofesyonèl taks yo kapab franchi pou pwoteje done kliyan yo - ak biznis yo. Seri sa yo se yon efò pou mande pwofesyonèl taks yo pou yo fè plis efò pou yo sekirize sistèm yo ak pwoteje done kliyan yo pandan tout ane a. Nou ap bay alèt sa yo chak madi pandan 5 semèn pou kapab kowenside ak Fowòm Enpo IRS nan tout peyi a, ki fèt pou ede edike pwofesyonèl taks yo sou zafè sekirite ak lòt sijè ki enpòtan.

Chuck Rettig, komisyonèè IRS la fè konnen "Nimewo pwoteksyon idantite sa yo bay yon lòt nivo sekirite adisyonèl pou pwoteje moun yo kont fwod ki gen rapò ak itilizasyon enfòmasyon pèsonèl yo vòlè. "Aprè travay IRS reyalize yo, Pwogram PIN Pwoteksyon Idantite a disponib kounye a pou nenpòt ki moun ki kapab verifye idantite yo. Se poutèt sa nou mande pwofesyonèl taks yo pou you ankouraje kliyan yo pou yo pwoteje tèt yo ak pwogram PIN pwoteksyon idantite a."

Konsèy Komite Administrasyon Taks Elektwonik la, oswa ETAAC, te mete aksan, nan mwa ki pase a, sou enpòtans PIN Pwoteksyon Idantite genyen pou kontriybab yo ak pwofesyonèl taks yo.

Gwoup konsèy endepandan an deklare nan rapò anyèl li bay kongrè a: "PIN Pwoteksyon Idantite a se zouti sekirite nimewo en (1) ki disponib kounye a pou kontribyab yo nan IRS. "Zouti sa a se kle pou rann li pi difisil pou kriminèl yo fè fo deklarasyon taks sou non kontribyab la. Selon konpreyansyon nou, avantaj ogmantasyon itilizasyon PIN Sekirite yo anpil."

ETAAC rekòmande IRS tou pou li kontinye mete aksan sou PIN pwoteksyon idantite a epi fè pwomosyon pou li atravè yon efò konsyantizasyon piblik. IRS ap poze aksyon pou li fè sa, san li pa bliye konsyantize sou atik yo tankou Piblikasyon 5367, Pwogram Patisipasyon pou Pwoteksyon idantite Pwogram akseptasyon pou kontribyab yoPDF, an anglè ak an espanyòl, kote pwofesyonèl taks yo kapab enprime epi pataje ak kliyan yo enfòmasyon ki gen pou wè ak PIN Pwoteksyon idantite. Genyen postè kiespesyal ki disponib tou an anglèPDF  ak an espanyòlPDF .

Pou rezon sekirite, pwofesyonèl enpo yo pa kapab resevwa yon PIN Powteksyon Idantite nan non kliyan yo. Se kontribyab yo ki sipoze resevwa pwòp PIN Pwoteksyon Idantite pa yo.

Patnè somè yo mande kontribyab yo ak pwofesyonèl taks yo pou yo fè atansyon epi pwoteje IP PIN yo de vòl idantite. Kontribyab yo sipoze pateje IP PIN yo sèlman ak Founisè sèvis preparatè taks li fè konfyans. Pwofesyonèl taks yo pa dwe janm anrejistre IP PIN kliyan yo sou sistèm òdinatè yo. Konsa tou, IRS pa p janm sone, voye imèl oswa mesaj tèk bay ni kontribyab yo ni preparatè taks yo pou mande yo IP PIN.

Pwofesyonèl taks ki te fè fas ak yon vòl done kapab ede kliyan yo lè yo mande yo pou yo fè demann yon IP PIN byen rapid. Menmsi yon vòlè gentan fè yon fo deklarasyon, yon IP PIN ap toujou ofri pwoteksyon pou ane annapre yo epi anpeche kontribyab yo kontinye viktim vòl idantite ki gen pou wè ak enpo.

Men de twa bagay kontribyab yo sipoze konnen sou IP PIN:

  • Se yon kòd sis (6) chif kontribyab la ak IRS sèlman konnen.
  • Pwogram akseptasyon an volontè.
  • Yo dwe mete IP PIN nan, lè lojisyèl la mande sa, nan deklarasyon enpo elektwonik la oswa nan deklarasyon sou papye a akote liy siyati a.
  • IP PIN nan valid pou sèlman yon ane kalandè, kontribyab la sipoze fè demann yon nouvo IP PIN chak ane.
  • Se sèlman kontribyab yo ki kapab verifye idantite yo ki gen dwa resevwa yon IP PIN.
  • Itilizatè IP PIN yo pa ta dwe janm pataje nimewo yo a ak pèsòn, sèlman bay IRS la ak founisè preparasyon enpo yo fè konfyans lan. IRS la p ap janm rele, voye imèl oswa mesaj tèks pou mande IP PIN nan.

Pou resevwa yon IP PIN, pi bon opsyon an se zouti anliy IRS Jwenn yon IP PIN, li. Kontribyab yo sipoze valide idantite yo atravè yon pwosesis otantifikasyon sekirize pou kapab aksede ak zouti a ak IP PIN yo. Avan menm ou eseye aksede ak powsesis rigourez sa a, tcheke Aksè Sekirize: Kòman pou Enskri pou Kèk Zouti Èd Pèsonèl Anliy yo.

Si yon kontribyab pa ta an mezi pou li valide idantite li anliy epi revni li pi piti pase $73,000 pou yon patikilye oswa pi ba pase $146,000 pou yon koup ki marye ki fè deklarasyon konjwen, yo gendwa ranpli Fòm 15227, Aplikasyon pou yon Nimewo Idandifikasyon Pèsonèl pou Pwoteksyon Idantite (an anglè)PDF. IRS la ap sone nimewo telefòn kontribyab la te bay nan Fòm 15227 la pou valide idantite li. Sepandan, pou rezon sekirite, IRS ap bay yon IP PIN pou Pwochen sezon deklarasyon taks la. IP PIN nan p ap kapab itilize pou sezon deklarasyon taks ki an kou an.

Kontribyab ki pa kapab valide idantite yo anliy, oswa nan telefòn ak yon anplwaye IRS lè yo fin soumèt Fòm 15227 la, oswa ki pa kalifye pou yon Fòm 15227 gendwa sone IRS pou kapab pran yon randevou nan yon sant asistans pou kontribyab. Y ap bezwen pote yon pyès idantite ki gen foto gouvènman an ba yo ak yon lòt dokiman idantifikasyon pou pwouve idantite yo. Depi verifikasyon an fin fèt, kontribyab la ap gen pou li resevwa yon IP PIN atravè Sèvis Postal Peyi Etazini nan twa (3) semèn.

Pwosesis IP PIN pou yon moun ki konfime li viktim vòl idantite pa chanje. Viktim sa yo ap resevwa yon IP PIN otomatikman chak ane.

Resous adisyonèl

Pwofesyonèl taks yo kapab resevwa èd tou ki gen pou wè ak rekòmandasyon sekirite yo, y ap gade dokiman sa yo ki te revize sa pa gen twò lontan Piblikasyon 4557, Mezi sekirite pou anrejistre done kontribyab yo (an anglè)PDF, ak Enfòmasyon sekirite pou ti biznis: Baz yo (an anglè)PDF pa Enstiti nansyonal Nòmalizasyon ak Teknoloji (National Institute of Standards and Technology) Paj Santral vòl idantite IRS la gen bon jan enòmasyon tou pou pwofesyonèl taks yo, patikilye yo.

Piblikasyon 5293, Gid Resous pou Sekirite Done pou Pwofesyonèl Taks yo (an anglè)PDF, bay yon ansanm done ki gen pou wè ak vòl enfòmasyon ki disponib sou sit IRS.gov la. Menm jan an tou, pwofesyonèl taks yo sipoze rete konekte ak IRS atravè yon enskripsyon nan nouvèl elektwonik pou pwofesyonèl taks yo (an anglè) ak Rezo Sosyal yo (an anglè).

Pou plis enfòmasyon, ale sou IRS.gov.