Sèvis Defans Kontribyab: Èd pou kontribyab yo jere pwoblèm ak sousi IRS yo

Konsèy Taks IRS 2021-165, 8 Novanm 2021

Sèvis Defans Kontribyab la (TAS) se yon òganizasyon endepandan anndan IRS la k ap ede kontribyab yo epi k ap pwoteje dwa kontribyab yo.

Yo kapab ofri èd lè pwoblèm fiskal yo lakoz yon difikilte finansyè. Lè kontribyab la eseye epi li pa rive rezoud pwoblèm yo ak IRS la, oswa yon kontribyab panse yon sistèm IRS la, oswa yon pwosesis oswa yon pwosedi p ap fonksyone byen jan sa ta dwe ye. Si kontribyab yo kalifye pou yo jwenn asistans, sa ki toujou gratis, TAS (Sèvis Defans Kontribyab) ap fè tout sa ki posib pou ede yo.

TAS ka anmezi pou ede kontribyab yo si yo:

  • Ap fè fas ak difikilte finansyè
  • Ap eksperimante yon reta plis pase 30 jou pou yo rezoud yon pwoblèm sou kont fiskal yo
  • Pa t jwenn yon repons oswa yon rezolizyon pou pwoblèm nan oswa demann lan nan dat IRS te pwomèt sa ap fèt la

Kontribyab yo kapab dekouvri tou si TAS kapab ede yo avèk pwoblèm fiskal yo atravè Zouti Kalifyan TAS (an anglè) la.

Èd TAS la gratis, konfidansyèl epi bay pou reponn ak nesesite chak biznis oswa kontribyab yo. Genyen pou pi piti yon sèvis Defans Kontribyab Lokal (an anglè) nan chak eta, menm jan an pou Pòtoriko ak Distri Columbia a. Defansè yo pa depann de biwo IRS lokal la epi yo rapòte bay Defans Kontribyab Nasyonal la dirèk. Yo konnen sistèm fiskal la ak kòman pou yo navige ladan. Kontribyab kalifye yo ap resevwa sèvis pèsonèl nan men yon defansè konpetan.

Men kèk resous ki soti nan TAS (Sèvis Defans Kontribyab) ki kapab ede kontribyab yo jwenn repons yo bezwen yo:

Pou plis enfòmasyon oswa pou jwenn èd pou yon pwoblèm espesifik, kontribyab yo kapab vizite paj Sèvis Defans Kontribyab yo (an anglè) IRS.gov la, vizite www.taxpayeradvocate.irs.gov oswa rele 877-777-4778.

Abòne ak Konsèy Taks IRS yo (an angle)