Deklarasyon Dwa Kontribyab la: Dis (10) dwa chak kontribyab

Konsèy sou Taks IRS 2021-112, 3 dawou 2021

Kontribyab yo nan amerik la gen dwa yo lè yo entèraji avèk IRS la. Yo konnen dis (10) dwa sa yo ansanm sou non Deklarasyon Dwa Kontribyab la.

Dwa sa yo kouvri yon varyete sijè ak pwoblèm epi li ekspoze sa kontribyab ka atann nan ka yo bezwen travay avèk IRS la sou yon zafè fiskal pèsonèl. Tankou lè yon kontribyab ap fè yon deklarasyon enpo, peye enpo, reponn yon lèt, sibi yon odit oswa fè apèl yon desizyon IRS la.

Men dwa ki site nan Deklarasyon Dwa Kontribyab la

  1. Dwa pou Ou Enfòme
     
  2. Dwa pou Jwenn Sèvis kalite
     
  3. Dwa pou ou Pa Peye Plis pase Montan Kòrèk Enpo a
     
  4. Dwa pou Konteste Pozisyon IRS la epi pou Yo Tande w
     
  5. Dwa pou Fè Apèl yon Desizyon IRS la nan yon Fowòm Endepandan
     
  6. Dwa pou Finalite
     
  7. Dwa pou Vi Prive
     
  8. Dwa pou Konfidansyalite
     
  9. Dwa pou Reprezante
     
  10. Dwa pou yon Sistèm Fiskal Ekitab epi Jis

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)