Kontribyab yo kapab pwoteje tèt yo kont anakè yo lè yo konnen kòman IRS la kominike

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Mizajou 24 Jiyè 2023:  IRS la mete fen nan vizit san anons biwo revni an bay kontribyab yo; gwo chanjman pou mete fen nan konfizyon, ogmante sekirite nan kad gwo efò transfòmasyon ajans lan (an anglè)

Konsèy sou Taks IRS 2021-124, 24 dawou 2021

Si IRS la rele yon kontribyab, li pa ta dwe yon sipriz paske jeneralman, ajans lan ap voye yon avi oswa yon lèt anvan. Konprann kòman IRS la kominike kapab ede kontribyab yo pwoteje tèt yo kont anakè ki vle pase pou anplwaye IRS nan objektif pou vòlè enfòmasyon pèsonèl.

Men kèk fè sou kòman IRS la kominike avèk kontribyab yo:

  • Nòmalman, IRS la pa kontakte kontribyab yo premye fwa pa imèl. Pa reponn yon imèl yon moun ki di li nan IRS la voye paske adrès imèl IRS la kapab fo. Imèl anplwaye IRS yo voye yo fini avèk IRS.gov.
  • Ajans lan pa voye mesaj tèks oswa kontakte moun atravè medya sosyal. Anakè yo ap fè tèt yo pase pou òganis ak ajan gouvènman lejitim sou medya sosyal yo epi y ap eseye kontakte kontribyab yo.
  • Lè IRS la bezwen kontakte yon kontribyab, nòmalman, premye kontak la se yon lèt li voye nan Sèvis Postal Etazini. Sosyete ki ede peye dèt yo voye fo òf pou ede peye dèt pa lapòs. Souvan, anakè yo ap di yo avize kontribyab la deja pa lapòs Etazini.
  • Selon sitiyasyon an, anplwaye IRS la ka rele oswa vizite kontribyab la anvan. Nan kèk ka, IRS la ap voye yon lèt oswa yon avi alekri bay kontribyab la anvan, men li pa toujou konsa. Kontribyab yo kapab chèche avi IRS yo lè yo vizite Konprann Avi oswa Lèt IRS Ou a. Men, se pa tout avi IRS yo y ap jwenn sou sit sa epi senpleman paske yon moun refere ak yon avi IRS nan yon imèl, yon apèl telefòn, mesaj tèks, oswa medya sosyal, pa vle di demann lan lejitim.
  • Ajan revni IRS yo oswa ofisye ki responsab konfòmite fiskal yo ka rele yon kontribyab oswa yon pwofesyonèl enpo apre li fin voye yon avi pa lapòs pou konfime yon randevou oswa pou diskite sou eleman yon odit ki pwograme. IRS la ankouraje kontribyab yo pou yo gade, Kòman w ap Konnen si se IRS vrèman k ap Rele w oswa k ap Frape Pòt ou: Koleksyon (an anglè).
  • Kolektè dèt prive yo kapab rele kontribyab yo pou koleksyon kèk dèt fiskal ki pa aktif k ap tann pou peye, men se sèlman apre kontribyab la ak reprezantan li an fin resevwa yon avi alekri. Yo pa dwe konfonn koleksyon dèt prive ak sosyete k ap ede peye dèt k ap rele, voye avi pa Lapòs Etazini oswa pa imèl bay kontribyab yo avèk òf pou alèjman dèt. Kontribyab yo ta dwe kontakte IRS la konsènan retounen deklare enpo yo kòmsadwa.
  • Ajan ak ofisye revni IRS yo gen abitid rann kontribyab yo vizit lakay yo oswa kote y ap travay sanzatann pou diskite sou dèt fiskal yo, deklarasyon enpo an reta oswa reta yon biznis pran nan vèsman enpo li. Ofisye revni IRS yo ap mande kontribyab la pou li peye enpo li dwe yo. Men, kontribyab yo dwe sonje se sèlman nan Trezò Etazini y ap mande peman sa.
  • Lè yon moun IRS vizite yo, kontribyab yo dwe toujou mande idantifikasyon. Reprezantan IRS yo kapab toujou bay de (2) fòm idantifikasyon ofisyèl: yon komisyon pòch (a pocket commission) ak yon Sètifika Verifikasyon Idantite Pèsonèl (an anglè).

Plis Enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)