Kontribyab yo sipoze konnen ki sèvis y ap jwenn lè yo chwazi yon preparatè taks

Konsèy Fiskal IRS 2022-144, 20 Septanm 2022

Nou nan pi bon moman pou fè deklarasyon, men kontribyab k ap prese pou fè deklarasyon enpo yo sipoze fè atansyon lè y ap  chwazi yon pwofesyonèl taks. Nenpòt ki moun kapab touche pou yo prepare deklarasyon taks pou ou si yo gen yon nimewo idantifikasyon pwofesyonèl taks IRS. Sepandan, pwofesyonèl taks yo gen divès nivo konpetans, edikasyon ak ekspètiz.

Se bezwen kontribyab la k ap detèmine ki preparatè taks k ap pi bon pou li. Pifò preparatè taks yo bay bonjan sèvis fiskal e yo pwofesyonèl. Sepandan, chak ane, gen kèk kontribyab ki pase move moman anba men preparatè taks ki pa fyab epi ki pa gen etik. Sa ki pi enpòtan an se kontribyab la ki responsab pou enfòmasyon ki nan deklarasyon taks li, menm si se pa li menm ki te prepare li.

Pou kapab chwazi yon pwofesyonèl taks k ap kapab repon ak bezwen yo genyen yo, kontribyab yo ta dwe:

  • Tcheke Repètwa Pwofesyonèl Taks Federal IRS la (an anglè). Repètwa sa a pèmèt ou fè rechèch preparatè taks yo epi klase yo selon kalifikasyon espesifik yo.
  • Tcheke istorik pwofesyonèl la nan Biwo Pibon Biznis (Better Busines Bureau). Kontribyab la ta dwe verifye si yo pa t pran okenn mezi disiplinè kont pwofesyonèl deklarasyon taks yo. Pou CPA yo, kontribyab yo sipoze verifye sa ak Konsèy Kontab Eta a. Pou avoka yo, yo sipoze verifye sa ak Asosyasyon Bawo Eta a. Pou ajan awole yo, yo kapab verifye estati ajan an (an anglè) sou IRS.gov.
  • Poze kesyon sou frè yo. Kontribyab yo sipoze kouri lwen pwofesyonèl taks ki baze frè travay yo sou pousantaj ranbousman an, oswa ki mande pou depoze tout oswa yon pati nan ranbousman an sou kont finansye pèsonèl yo. Yo ta dwe mefye yo de pwofesyonèl taks ki pretann yo ka pèmèt yo jwenn yon pi gwo ranbousman pase sa lòt preparatè yo ka pèmèt ou jwenn. 
  • Poze kesyon pou konnen si pwofesyonèl la ap itilize deklarasyon elektwonik.  Kontribyab yo sipoze asire yo preparatè a ap itilize posiblite deklarasyon elektwonik lan pou fè deklarasyon enpo yo.
  • Asire ou pwofesyonèl la disponib. Gen kèk pwofesyonèl ki travay pa sezon sèlman. Kontribyab la sipoze chèche konnen si pwofesyonèl taks la ap toujou disponib aprè dat limit pou depoze deklarasyon an fin pase. Kontribyab yo sipoze fè sa paske yo gendwa bezwen pou preparatè taks la reponn kesyon ki gen pou wè ak preparasyon deklarasyon taks la.
  • Asire ou pwofesyonèl taks la siyen mete nimewo idantifikasyon pwofesyonèl taks li. Pwofesyonèl taks ki touche pou yo bay sèvis yo dwe genyen yon PTIN pou prepare deklarasyon taks. Pwofesyonèl yo sipoze siyen deklarasyon taks yo epi mete PTIN yo.
  • Konnen kalifikasyon pwofesyonèl la. Ajan anwole yo (an anglè), CPA yo ak avoka gen dwa pou egzèse ki ilimite epi yo kapab reprezante kontribyab la sou nenpòt dosye fiskal devan IRS la. Sepandan, preparatè deklarasyon taks yo ki te patisipe nan Pwogram Sezon Deklarasyon Taks Anyèl (an anglè) IRS la gen dwa egzèse ki limite. Se yo menm ki te sipoze prepare epi siyen deklarasyon taks la pou yo kapab reprezante kontribyab la sèlman pou Sèvis Defans Kontribyab (an anglè) ak aktivite sèvis kliyan yo, sèlman devan nenpòt ki evalyasyon deklarasyon taks.

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)