Kontribyab ki bezwen deklarasyon ane ki pase a genyen plizyè opsyon

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy sou Taks SRE 2020-139, 20 Oktòb 2020

Èd disponib pou kontribyab ki bezwen enfòmasyon sou taks pou ane anvan yo, men ki pa t genyen kopi deklarasyon yo. Gen opsyon pou ede kontribyab yo jwenn enfòmasyon yo bezwen.

Jeneralman, kontribyab yo dwe kenbe kopi deklarasyon yo ak tout dokiman pandan omwen twa (3) lane apre yo fin deklare. Si kontribyab yo pa t kenbe dokiman sa yo, men kèk bagay yo kapab fè:

Adrese founisè lojisyèl ak preparatè taks

Sila yo ki bezwen kopi deklarasyon enpo yo dwe wè avèk founisè lojisyèl yo oswa preparatè taks yo anvan. Deklarasyon enpo ane anvan yo disponib nan SRE (IRS) a pou yon frè.

Jwenn yon Transkripsyon

Kontribyab yo ki pa kapab jwenn kopi yon deklarasyon ane anvan an kapab fè demann yon transkripsyon enpo nan SER (IRS) la. Pou pwoteje idantite kontribyab yo, dokiman sa a kache enfòmasyon ki ka revele idantite tankou non yo, adrès yo ak nimewo Sekirite Sosyal yo. Tout done finansyè yo, avèk ladan li salè bri ajiste moun ki fè deklarasyon an, konplètman vizib. Sa yo gratis e disponib pandan ane fiskal ki pi resan an apre SER (IRS) la fini ak pwosesis deklarasyon an. Moun yo ka jwenn yo tou pou twa (3) dènye ane yo.

Kontribyab ki mande transkripsyon yo dwe bay tan pou yo jwenn li. Men twa (3) fason yo kapab jwenn transkripsyon yo:

Mande SER (IRS) la yon kopi deklarasyon enpo

Si sa nesesè, kontribyab yo ka mande yon kopi deklarasyon enpo pandan y ap konplete epi voye Fòm 4506 (an anglè) nan adrès SER (IRS) ki nan lis ki nan fòm nan. Genyen yon frè $50 pou chak kopi e sa yo disponib pou ane fiskal aktyèl la ak pou jiska sis (6) lane anvan.

Abone ak Konsèy sou Taks SER (IRS) la (an anglè)