De (2) kredi taks ki ka ede kouvri pri Edikasyon siperyè

Konsèy Fiskal IRS 2022-38, 10 mas 2022

Edikasyon siperyè enpòtan anpil pou anpil moun e souvan li koute chè. Kit se fòmasyon travay espesyalize oswa yon diplòm avanse, gen anpil gwo depans ki asosye ak edikasyon siperyè. Gen de (2) kredi taks ki gen pou wè ak edikasyon (an anglè) ki la pou ede konpanse depans sa yo - Kredi Taks Opòtinite Ameriken (an anglè) an ak kredi Aprantisaj pou Tout Lavi (an anglè) an.

Kontribyab yo ki te peye pou etid siperyè an 2021 ka tcheke ekonomi taks sa yo lè yo fè deklarasyon taks yo. Si yon kontribyab, konjwen li, oswa depandan li peye kèk lòt kou apre lekòl segondè, li gendwa elijib pou yon avantaj fiskal. Pou reklame nenpòt kredi, kontribyab yo ap gen pou ranpli Fòm 8863, Kredi Edikasyon yo (an anglè), epi fè deklarasyon taks yo.

Kredi sa yo redwi montan taks yon moun dwe. Si kredi a diminye taks la pi piti pase zewo, kontribyab la gendwa menm resevwa yon ranbousman. Pou kapab elijib pou reklame youn nan kredi sa yo, yon kontribyab oswa yon depandan sipoze resevwa yon Fòm 1098-T nan men yon enstitisyon edikasyonèl ki kalifye. Gen eksepsyon pou kèk elèv.

Men kèk bagay kle kontribyab yo ta dwe konnen sou chak kredi sa yo.

Kredi taks opòtinite Ameriken an:

  • Gen yon valè maksimòm $2,500 pou chak etidyan ki kalifye.
  • Disponib sèlman pou premye kat ane yo nan yon fakilte oswa yon lekòl pwofesyonèl ki kalifye.
  • Pou etidyan k ap etidye pou diplòm oswa pou ka gen yon lòt kalifikasyon edikasyon ki rekonèt.
  • Pasyèlman ranbousab. Kontribyab yo ka jwenn jiska $1,000 ranbousman.

Kredi aprantisaj pou tout lavi a:

  • Gen yon valè maksimòm $2,000 pou chak deklarasyon taks, pa ane, kèlkeswa kantite etidyan ki kalifye a.
  • Disponib pou tout ane fòmasyon aprè lekòl segondè ak pou kou amelyorasyon oswa akizisyon konpetans pou travay.
  • Disponib pou yon kantite ane taks san limit.

Kontribyab yo ka itilize zouti Asistan Taks Entèraktif (an anglè) la ki sou sit IRS.gov la pou konnen si yo kalifye pou youn nan kredi sa yo.

Plis enfomasyon:

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)