Konprann dwa kontribyab yo: Dwa pou konteste yon desizyon IRS nan yon fowòm endepandan

Konsèy Fiskal IRS 2022-82, 26 me 2022

Kontribyab yo gen dwa pou konteste yon desizyon IRS nan yon fowòm endepandan. Sa a se youn nan dis dwa debaz yo - yo konnen yo sou non Deklarasyon Dwa Kontribyab yo - tout kontribyab genyen lè yo ap fè tranzaksyon ak IRS.

Biwo Endepandan pou Apèl (an anglè) IRS ki okipe li de dosye yon kontribyab, dwe diferan de biwo IRS ki te evalye dosye sa a okòmansman an. Anjeneral, antite k ap jere kontestasyon yo p ap diskite sou yon dosye ak IRS sizoka kominikasyon sa yo gendwa konpwomèt endepandans Antite k ap jere kontestasyon yo.

Men kèk detay enpòtan sou dwa pou konteste yon desizyon nan yon fowòm endepandan:

  • Yon ensifizans reglemantè se yon lèt IRS ki pwopoze taks adisyonèl.  Kontribyab ki resevwa avi sa a epi ki te fè yon rekèt nan lè li dwe fè li a, devan Tribinal Fiskal Gouvènman Ameriken an, kapab konteste ajisteman yo pwopoze a anvan yo vin gen obligasyon pou peye taks la.
  • Kontribyab yo gen dwa pou benefisye yon sèvis administratif kontestasyon san patipri epi ki jis,  sou pifò desizyon IRS yo, ki gen ladan anpil nan penalite yo.
  • Kontribyab yo gen dwa pou yo resevwa yon repons alekri konsènan desizyon Biwo Apèl la.
  • Lè kontribyab yo pa dakò ak desizyon IRS yo, yo ka al gade nan Piblikasyon 5, Dwa Apèl Ou yo ak Fason Pou Prepare yon Kontestasyon Si Ou Pa Dakò (an anglè)PDF, pou jwenn detay sou fason pou fè apèl.
  • Anjeneral, kontribyab yo ka solisite yon pwosè ranbousman nan yon tribinal distri peyi Etazini oswa nan Tribinal pou Reklamasyon Federal nan peyi Etazini si:
    • Yo te peye taks la nèt epi IRS te refize reklamasyon ranbousman taks yo.
    • Yo pa poze okenn aksyon sou reklamasyon ranbousman an nan sis (6) mwa.
    • Gen pi piti pase dezan depi IRS te voye yon avi ki refize ranbousman an ba yo pa lapòs

Plis enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)