Konprann dwa kontribyab yo: Dwa pou yo peye pa plis pase montan kòrèk taks

Konsèy Fiskal IRS 2022-17, 1 Fevriye 2022

IRS angaje l pou l asire kontribyab pa peye plis pase montan kòrèk taks la (an anglè). Kontribyab gen dwa peye sèlman montan taks yo dwe legalman, enkli enterè ak penalite, ak pou IRS aplike tout pèman taks yo kòrèkteman. Sa se youn nan 10 dwa fondamantal tout moun konnen sou non Deklarasyon Dwa Kontribyab la.

Men kèk enfòmasyon enpòtan kontriyab la dwe konnen apwopo dwa pa peye plis pase montan kòrèk taks yo dwe. Yo kapab :

  • Fè yon deklarasyon si yo kwè yo peye depase taks yo (an anglè).
  • Kontakte IRS si yo kwè genyen yon erè sou yon nòt oubyen yon fakti.
  • Ranpli yon deklarasyon taks amande si yon erè remake aprè ranplisaj deklarasyon orijinal la.
  • Mande pou retire kèlkeswa montan ou dwe si li depase montan kòrèk dwe a.
  • Mande pou IRS efase nenpòt enterè sou kont lan si ajans la responsab erè kip a rezonab ak reta.
  • Soumèt yon pwopozisyon pou fè konpwoi sèvi ak Fòmilè 656-L (an anglè)PDF. Kontribyab itilize fòmilè sa a pou mande IRS aksepte mwens pase tout montan debi taks la. Kontribyab Yo fè sa si yo panse y opa dwe tout pòsyon ki debite a pa.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)