Sa moun yo ta dwe ak sa yo pa ta dwe fè si IRS la voye lèt nan bwat postal yo

Konsèy sou Taks pou COVID 2021-119, 16 dawou 2021

Chak ane IRS la voye lèt oswa avi pa lapòs bay kontribyab yo pou plizyè rezon. Nòmalman, se konsènan yon pwoblèm espesifik avèk deklarasyon enpo federal yon kontribyab oswa kont fiskal li. Yon avi ka konsène chanjman ki fèt nan kont yo oswa ka mande plis enfòmasyon. Li ka di yo tou yo genyen yon peman pou yo fè. Ane sa a, moun yo ka resevwa tou korespondans sou Peman Enpak Ekonomik yo oswa yon lèt akonpayman pou avans kredi enpo pou timoun.

Men kèk bagay yon moun ki resevwa lèt IRS la voye ba yo pa lapòs dwe fè ak pa dwe fè:

  • Pa inyore l. Majorite lèt ak avi IRS la konsène deklarasyon enpo federal ak kont fiskal. Chak avi konsène yon pwoblèm espesifik epi li genyen enstriksyon espesifik sou kisa ki pou fèt
     
  • Pa voye l jete. Kontribyab yo dwe konsève avi oswa lèt IRS la voye ba yo. Tankou avi ajisteman lè gen yon aksyon ki fèt sou kont fiskal kontribyab la, avi sou Peman Enpak Ekonomik yo, ak lèt konsènan peman avans kredi enpo pou timoun 2021 an. Yo ka bezwen refere yo ak sa yo lè y ap fè deklarasyon enpo 2021 yo a an 2022. Anjeneral, IRS la sijere pou kontribyab yo kenbe dosye yo pandan twa (3) lane apati dat yo te fè deklarasyon enpo a.
     
  • Pa panike. IRS ak ajans koleksyon prive otorize li yo voye lèt pa lapòs. Majorite fwa yo, tout sa kontribyab la bezwen fè se li lèt la byen epi fè sa yo di nan lèt la.
     
  • Pa reponn sof si yo mande pou ou fè sa. Dabitid, pa gen nesesite pou yon kontribyab reponn yon avi sof si yo mande pou fè sa. Yon lòt kote, kontribyab ki dwe yo ta dwe reponn avèk yon peman. IRS.gov gen enfòmasyon sou opsyon peman yo.
     
  • Aji lè ou dwe aji. Yon avi ka referans chanjman ki pou fèt nan kont yon kontribyab, taks li dwe yo, yon demann peman oswa yon pwoblèm espesifik nan yon deklarasyon enpo. Lè ou aji nan lè ou dwe aji, sa ka diminye chaj enterè ak pennalite yo.
     
  • Byen egzaminen enfòmasyon an. Si yon lèt se konsènan yon deklarasyon enpo ki chanje oswa ki korije, kontribyab la ta dwe egzaminen enfòmasyon an epi konpare li avèk deklarasyon orijinal la. Si kontribyab la dakò, yo ta dwe note koreksyon ki fèt yo nan kopi pèsonèl deklarasyon enpo yo a epi konsève li nan dosye li.
     
  • Reponn yon avi ki konteste. Si yon kontribyab pa dakò avèk IRS la, li ta dwe voye yon lèt pa lapòs k ap eksplike rezon ki fè li konteste avi a. Li dwe voye li an adrès ki sou talon kontak ki tache ak avi a. Kontribyab la dwe mete enfòmasyon ak dokiman pou IRS la analize lè l ap konsidere kontestasyon an.
     
  • Sonje, dabitid, pa gen nesesite pou rele IRS la. Si yon kontribyab dwe kontakte IRS la nan telefòn, yo dwe itilize nimewo ki nan kwen anlè adwat avi a. Kontribyab la dwe genyen yon kopi deklarasyon li a ak lèt la lè l ap rele ajans lan.
     
  • Evite anak. IRS la p ap janm kontakte yon kontribyab atravè medya sosyal oswa mesaj tèks. Dabitid, lè IRS ap kontakte w pou premye fwa, se pa lapòs. Kontribyab ki pa sèten si yo dwe IRS la lajan kapab gade enfòmasyon sou kont fiskal yo sou IRS.gov.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)