Konsèy sou Enpo IRS 2026-66, 27 Out 2026
Kontribyab yo ka bay yon twazyèm pati (an anglè) otorizasyon pou ede yo avèk zafè enpo federal yo. Selon kalite otorizasyon an, moun sa a ka yon manm fanmi oswa yon zanmi, oswa yon pwofesyonèl enpo, yon avoka oswa yon biznis.
Gen diferan kalite otorizasyon pou twazyèm pati yo avèk wòl espesifik yo atribye ba yo. Anplis, kontribyab ki vle pou yon twazyèm pati reprezante yo dwe ba li pèmisyon fòmèl pou fè sa.
Diferan kalite otorizasyon pou twazyèm pati yo:
- Delegasyon Pouvwa (an anglè) – Pèmèt yon moun reprezante yon kontribyab lè l ap rezoud zafè enpo avèk IRS. Avèk otorizasyon sa a, reprezantan an dwe yon moun ki gen otorizasyon pou egzèse devan IRS (an anglè) epi Fòm 2848, Delegasyon Pouvwa ak Deklarasyon Reprezantan (an anglè) dwe ranpli. Yon POA (Delegasyon Pouvwa) ka fè plizyè bagay, tankou:
- Reprezante, defann, negosye epi siyen nan non kontribyab la
- Diskite sou reyalite yo ak aplikasyon lalwa
- Resevwa enfòmasyon sou enpo pou zafè yo ak ane/peryòd enpo kontribyab la presize yo
- Resevwa kopi avi ak kominikasyon IRS yo
- Otorizasyon pou Enfòmasyon sou Enpo (an anglè) – Deziyen yon moun pou revize oswa resevwa enfòmasyon konfidansyèl sou enpo yon kontribyab pou kalite enpo a pandan yon peryòd espesifik lè l sèvi avèk Fòm 8821.
- Twazyèm Pati Deziyen (an anglè) – Deziyen yon moun sou fòm enpo kontribyab la pou diskite deklarasyon enpo espesifik sa a ak ane enpo a avèk IRS.
- Divilgasyon Aloral (an anglè) – Otorize IRS pou li divilge enfòmasyon sou enpo kontribyab la bay yon moun kontribyab la fè patisipe nan yon apèl telefòn oswa yon reyinyon avèk IRS konsènan yon pwoblèm enpo espesifik.
Anile yon otorizasyon pou twazyèm pati
Yon kontribyab ka chwazi anile nenpòt otorizasyon nenpòt ki lè.
- Delegasyon Pouvwa a rete an vigè jiskaske kontribyab la anile otorizasyon an oswa reprezantan an retire l.
- Otorizasyon pou Enfòmasyon sou Enpo a rete an vigè jiskaske kontribyab la anile li oswa moun yo deziyen an retire l.
- Otorizasyon Twazyèm Pati Deziyen an anjeneral ekspire yon ane apre dat limit deklarasyon enpo a, san yo pa konte pwolongasyon yo.
- Divilgasyon aloral la, sof si yo endike yon lòt bagay, anile otomatikman lè konvèsasyon an fini. Si kontribyab la vle yon lòt divilgasyon aloral ki depase demann orijinal la, l ap bezwen yon nouvo otorizasyon.