Kisa Dwa a pou Sèvis de Kalite a vle di pou kontribyab yo

Konsèy Fiskal IRS 2023-32, 13 Mas 2023

Tout kontribyab yo ta dwe konnen dwa yo, sitou lè yo ap travay ak IRS la sou yon dosye fiskal. Anplwaye IRS yo tou ta dwe abitye epi konnen, obsève ak pwoteje dwa kontribyab yo. Deklarasyon Dwa Kontribyab la site epi defini 10 dwa fondamantal tout kontribyab genyen. W ap jwenn nan lis sa, Dwa pou Sèvis de Kalite. Ann analize Dwa a Sèvis de Kalite ak kisa sa vle di pou kontribyab yo

Kontribyab yo genyen dwa pou:

  • Resevwa yon asistans rapid, koutwa epi pwofesyonèl nan men IRS la.
  • Yo pale avèk yo nan yon mannyè yo ka konprann fasil.
  • Resevwa kominikasyon ki klè e konprann fasil nan men IRS la.
  • Pale avèk yon sipèvizè konsènan sèvis ki pa apwopriye.

Men kèk bagay kontribyab yo ka atann Lè yo ap travay ak IRS la:

  • Reprezantan IRS yo ap koute ou objektivman. Yo pral konsidere tout enfòmasyon ki enpòtan yo anvan yo bay kontribyab la yon repons.
  • Reprezantan IRS yo pral reponn kesyon yo san pèdi tan, avèk presizyon e de fason apwofondi, epi yo pral bay kontribyab la enfòmasyon sou rekou ak dwa apèl ki aplikab yo.
  • Nan koleksyon enpo, reprezantan IRS yo ap trete moun yo ak koutwazi.
  • Lè l ap kontakte kontribyab yo, IRS la fè sa dabitid sèlman ant 8 A.M. a 9 P.M.
  • Reprezantan IRS yo p ap kontakte anplwayè kontribyab la si yo konnen anplwayè a pa aksepte kalite kontak sa yo.
  • Reprezantan IRS yo p ap fè apèl telefòn agresif pou fè menas arestasyon oswa tan nan prizon.
  • Reprezantan IRS yo dwe bay kontribyab la enfòmasyon sou fason li ka jwenn èd nan men Sèvis Defans pou Kontribyab la nan tout avi mank règleman yo.
  • Si yon moun kalifye pou asistans nan men yon klinik pou kontribyab ki gen ti revni yo, (an anglè) IRS la ap bay enfòmasyon sou opsyon pou asistans jiridik yo.

Kontribyab yo ka jwenn repons pou majorite kesyon yo sou IRS.gov. Kontribyab yo kapab kontakte IRS la dirèkteman tou, lè yo rele nimewo ki nan kwen anlè adwat tout avi yo ak lèt yo.

Plis enfòmasyon

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)