Kredi Enpo pou Timoun nan ede fanmi ki gen timoun kalifye yo jwenn yon avantaj fiskal. Ou ka anmezi pou ou reklame kredi a menm si nòmalman ou pa fè yon deklarasyon enpo.

Kiyès ki Kalifye

Ou kapab reklame Kredi Enpo pou Timoun nan pou chak timoun kalifye ki genyen yon nimewo Sekirite Sosyal ki valid pou travay ozetazini.

Pou yon timoun kalifye pou ane fiskal 2023 an, jeneralman fòk depandan w lan:

  • Genyen mwens pase 17 lane nan fen ane a
  • Se pitit gason ou, pitit fi ou, bofis oswa bèlfi ou, timoun adoptif legal ou, frè ou, sè ou, bofrè ou, bèlsè ou, demi sè ou, demi frè ou, oswa desandan youn ladan yo (ekzanp, yon pitit pitit, nyès oswa neve)
  • Pa bay plis pase mwatye nan pwòp sipò finansye yo nan ane a
  • T ap viv avèk ou pandan plis pase mwatye ane a
  • Byen deklare antanke depandan ou nan deklarasyon enpo ou
  • Pa depoze yon deklarasyon konjwen avèk mari oswa madanm yo pou ane fiskal la oswa depoze li sèlman pou reklame yon ranbousman sou prelèvman enpo sou revni oswa enpo estime yo te peye
  • Te yon sitwayen ameriken, yon resòtisan oswa etranje rezidan ozetazini

Ou kalifye pou tout montan Kredi Enpo pou Timoun 2023 an pou chak timoun kalifye si ou reponn ak tout faktè elibilite yo epi revni anyèl ou pa depase $200,000 ($400,000 si ou ap fè yon deklarasyon konjwen).

Paran ak gadyen ki gen pi gwo revni yo ka kalifye pou reklame yon kredi pasyèl.

Itilize Asistan Enpo Entèraktif nou an pou verifye si ou kalifye (an anglè).

Kòman pou w Reklame Kredi Sa a

Ou kapab reklame Kredi Enpo pou Timoun nan pandan w ap mete timoun ou yo ak lòt depandan yo nan Fòm 1040, Deklarasyon Enpo Endividyèl Etazini epi tache avèk li yon Anèks 8812i, Kredi pou Timoun Kalifye ak Lòt Depandan (an anglè).

Enfòmasyon sou si Nou Verifye oswa Refize Demann Ou an:

Lòt Kredi Enpo pou Fanmi yo

Si ou kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan, ou ka kalifye tou pou kredi enpo sa yo:

Ou ka kalifye pou Kredi pou Lòt Depandan (an anglè) pou yon timoun oswa yon depandan ki pa yon "timoun kalifye" nan kad Kredi Enpo pou Timoun nan.

Resous