Valide Deklarasyon Enpo ou Soumèt Anliy lan

Lè w prepare epi w depoze pwòp enpo ou anliy, ou dwe siyen epi valide deklarasyon enpo anliy ou a lè w antre Revni An Gwo Ajiste (AGI) ou te gen ane anvan an oswa PIN ou te Chwazi ou menm ane anvan an.

An jeneral, lojisyèl enpo a rantre enfòmasyon an otomatikman pou kontribyab ki te fè l deja yo. Si se premye fwa w ap itilize yon lojisyèl, w ap bezwen antre enfòmasyon yo poukont ou.

Gen plizyè fason ou kapab jwenn AGI ane pase w la:

Metòd prefere

Li toujou enpòtan pou w kenbe yon kopi deklarasyon taks ou.

  • Nan deklarasyon taks 2021 w lan, AGI w la nan liy 11 sou Fòm 1040 la.
    • Pou moun yo ki ap tann yo trete deklarasyon enpo 2021 yo a, mete $0 (zewo dola) pou AGI ane pase a, pou w asire w ke IRS la aksepte deklarasyon enpo 2022 ou a, pou li ka trete li.
  • Si ane pase, se yon preparatè taks ki te ede w, w ap bezwen l ba ou yon kopi deklarasyon enpo ane pase a.
  • Si se menm lojisyèl pou preparasyon enpo ane pase a w ap itilize, lojisyèl la deja genyen disponib pou ou deklarasyon ane pase w la.
  • Si se pa menm lojisyèl preparasyon enpo ane pase a w ap itilize, ou kapab ale nan lojisyèl ane pase a pou w jwenn yon kopi elektwonik deklarasyon ane pase w la.
  • Si se premye fwa w ap deklare epi w gen plis pase 16 lane, antre zewo pou AGI w la.
  • Si w gen yon PIN Pwoteksyon Idantite (IP) (pa mwayen CP01A oubyen  Zouti Jwenn yon IP PIN), ou ta dwe antre li lè lojisyèl la endike w pou w fè sa a. Sa ap sèvi pou verifye idantite w olye de AGI ane pase w la oswa PIN pa defo ane pase a. Ou ka chwazi antre nan pwogram IP PIN pa mwayen zouti anliy lan.

Lòt Metòd yo

Si w pa gen yon kopi deklarasyon taks ou a, ou ka jwenn AGI ou a nan youn nan zouti sèvis otomatik IRS yo:

  • Itilize kont anliy ou an pou w ka wè AGI w la touswit sou tablo "Tax Records" (Dosye Fiskal) la. Si ou se yon nouvo itilizatè,  prepare foto idantite w.
  • Itilize Resevwa Transkripsyon pa Lapòs Ou kapab fè demann yon transkripsyon tou pa lapòs lè ou rele sèvis transkripsyon pa telefòn otomatik nou an nan 800-908-9946. Tanpri fè yon ti tann 5 a 10 jou pou w jwenn li. Itilize sèlman liy aksè ki di "Adjusted Gross Income" (Revni An Gwo Ajiste) a.