Kredi Enpo pou Timoun: Nouvo fonksyonalite aktyalize adrès la disponib sou pòtal anliy IRS la; fè lòt chanjman apati 30 dawou pou peman septanm yo

IR-2021-171, 30 dawou 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan lanse yon nouvo fonksyonalite k ap pèmèt tout fanmi resevwa peman mansyèl Kredi Enpo pou Timoun yo pou yo kapab aktyalize adrès bwat postal yo rapid epi fasil pandan y ap itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, yo kapab jwenn sou IRS.gov sèlman. Fonksyonalite sa ap ede anpil fanmi ki chwazi resevwa peman yo sou fòm papye chèk evite reta nan voye chèk yo oswa menm fè retounen yon chèk kòm yon chèk ki pa ka livre.

Tout fanmi kapab fè voye chèk septanm ak lòt chèk yo nan nouvo adrès yo a lè yo itilize pòtal la pou fè yon demann chanjman adrès. Pou chanjman an fèt an septanm, moun yo bezwen ranpli demann nan anvan minwi Lè Oriyan, 30 dawou. Fanmi yo kapab toujou fè chanjman yo apre dat sa, men yo p ap reponn demann yo a anvan pwochen peman mansyèl ki pwograme a.

Si ou itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou w chanje adrès bwat postal ou, IRS la ap itilize nouvo adrès bwat postal ou a pou tout lòt korespondans IRS yo, pou fonksyonalite chanjman adrès la kapab itil kontribyab k ap resevwa peman pa depo dirèk yo. Pa ekzanp, IRS la voye yon rezime deklarasyon (Lèt 6419) nan fen ane a pa lapòs bay tout kontribyab ki te resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo nan 2021 an epi lè yo genyen adrès aktyèl yo nan dosye yo nan IRS la sa ap garanti deklarasyon an livre rapid.

Fanmi yo ap bezwen Lèt 6419 la pou yo ranpli deklarasyon enpo sou revni federal pou 2021 yo a rapid epi kòrèk lòt ane. Sa enpòtan, paske, pou majorite fanmi yo, peman avans y ap resevwa nan 2021 an kouvri mwatye tout kredi a sèlman. Y ap reklame pòsyon ki rete a nan deklarasyon enpo pou 2021 an.

Fonksyonalite chanjman adrès la se yonn nan yon seri sèvis k ap ogmante ki disponib sou Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan. Pòtal sa, ki disponib sou IRS.gov sèlman, deja pèmèt fanmi yo verifye kalififikasyon yo pou peman yo epi depi yo chwazi fè sa, y ap kapab:

  • Soti nan papye chèk pou pase nan depo dirèk;
  • Chanje kont kote peman yo depoze dirèk la; oswa

Kanpe peman mansyèl yo pou rès ane 2021 an.

Nenpòt nan chanjman sa yo ki fèt anvan minwi Lè Oriyan, 30 dawou, ap aplike pou peman 15 septanm ap pou peman mansyèl annapre yo, ki pwograme pou fèt 15 oktòb, 15 novanm, ak 15 desanm.

Gen lòt amelyorasyon ki planifye pou fèt nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan

Pita ane sa a, fanmi yo ap kapab itilize zouti Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan tou pou yo:

  • Mete oswa retire timoun yo nan majorite sitiyasyon yo;
  • Sinyale yon chanjman eta sivil yo; oswa
  • Sinyale yon gwo chanjman nan revni yo.

Dènye enfòmasyon pou peman Kredi Enpo pou Timoun yo sou IRS.gov

IRS la te kreye yon paj espesyal pou avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 ki la pou bay tout dènye enfòmasyon sou kredi ak peman avans yo. Pou plis enfòmasyon, vizite IRS.gov/childtaxcredit2021.

Paj wèb la afiche kounyea yon seri kesyon yo poze souvan ki aktyalize ak nouvo Piblikasyon 5549, Gid pou Itilizatè IRS: Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun (an anglè)PDF. Li gen lyen ki ouvri pòtal la dirèk, ansanm avèk de (2) lòt zouti anliy — Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an ak Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan — ak lòt resous ki itil.