Chwazi yon preparatè enpo ki gen bon repitasyon enpòtan anpil pou sekirite fiskal

Konsèy Fiskal IRS 2023-127, Dec. 14, 2023

Pandan moun yo ap pare pou sezon deklarasyon enpo a, li enpòtan pou yo chwazi preparatè deklarasyon enpo ki gen ladrès, ki edike e ki konpetan pou prepare fòm enpo yo byen. Se kontribyab yo ki responsab pou tout enfòmasyon ki nan deklarasyon enpo yo a, kèlkeswa moun ki prepare l la.

Gen anpil kalite preparatè enpo, tankou kontab piblik sètifye (CPA), ajan ki enskri, avoka ak lòt moun. Yon kontribyab ta dwe chwazi yon preparatè enpo ki pi bon pou bezwen li yo.

Men kèk konsèy pou ede moun chwazi yon preparatè.

Tcheke Lis Preparatè IRS la

Kontribyab yo ka jwenn yon ajan ki inskri, yon CPA, avoka oswa yon patisipan nan Pwogram Anyèl Sezon Deklarasyon an (an anglè) avèk Lis Preparatè IRS la (an anglè)

Lis pou ede w chwazi yon profesyonèl enpo

Anvan w chwazi yon preparatè:

  • Tcheke istwa preparatè a avèk Better Business Bureau. Kontribyab yo kapab verifye estati yon ajan ki enskri (an anglè) sou IRS.gov.
  • Mande konbyen sa koute. Kontribyab yo ta dwe evite moun k ap prepare deklarasyon enpo ki baze frè yo sou yon pousantaj nan ranbousman an oswa ki ofri depoze tout oswa yon pati nan ranbousman an nan kont finansye preparatè a. Kontribyab yo ta dwe sispèk preparatè ki di yo ka fè yo jwenn pi gwo ranbousman pase lòt moun k ap prepare enpo yo.
  • Mande si preparatè a gen entansyon itilize opsyon deklarasyon-elektwonik. Fason ki pi rapid pou jwenn yon ranbousman enpo se pa mwayen deklarasyon elektwonik epi chwazi depo dirèk.
  • Chwazi yon konpayi oswa yon moun ki gen bon repitasyon. Preparatè yo ka bezwen reponn kesyon sou deklarasyon enpo a plizyè mwa oswa menm plizyè ane apre.
  • Asire w preparatè a siyen deklarasyon enpo a epi li gen ladan l Nimewo Idantifikasyon Enpo pou Preparatè a. Moun ki touche pou prepare deklarasyon enpo yo dwe gen yon PTIN epi mete l nan nenpòt deklarasyon enpo yo prepare yo.
  • Konsidere kaifikasyon moun nan. Sèlman avoka, CPA ak ajan ki enskri yo ka reprezante kontribyab yo devan IRS nan zafè enpo. Lòt moun k ap prepare deklarasyon enpo ki patisipe nan Pwogram Sezon Anyèl Depoze IRS yo gen dwa limite pou reprezante kontribyab pandan odit deklarasyon yo te prepare yo.

Fè atansyon ak preparatè fwòd yo

Preparatè enpo fwòd se yon bagay ki rive souvan. Men kèk alèt pou evite preparatè enpo ki pa onèt.

IRS pran angajman pou l mennen ankèt sou preparatè yo peye pou prepare deklarasyon enpo ki aji mal. Kontribyab yo ka depoze yon plent (an anglè) si move konduit yon preparatè deklarasyon enpo oswa move pratik preparasyon enpo te afekte yo finansyèman.

Plis enfòmasyon:

Abòne w a Konsèy Enpo IRS yo (an anglè)