Pou viktim gwo dife Kolorado yo, IRS pwolonje dat limit pou reyalize deklarasyon enpo 2021 jiska 16 me.

IR-2022-01, 3 janvye 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn anonse jodi a, moun ki viktim dife sovaj fen semèn sa a nan Kolorado ap gen jiska 16 me 2022 pou yo reyalize divès deklarasyon enpo pou pwòp tèt pa yo ak pou biznis yo epi peye taks yo kòmsadwa.

IRS deside pemèt tout kontribiyab ki viktim de dife sovaj ki te komanse 30 desanm 2021 a nan kèk pati nan Kolorado benefisye alèjman fiskal. Desizyon sa a pran tou suit aprè deklarasyon konsènan katastwòf Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) te fè a. Kounye a, alèjman fiskal sa a disponib pou tout kontribiyab ki afekte ki abite oswa ki gen biznis nan Konte Bouldè (Boulder), men IRS pral pemèt tout lòt zòn nan Kolorado FEMA deziyen benefisye menm alèjman sa a tou. Lis zòn ki elijib yo ap toujou disponib sou paj disaster relief la.

Alèjman fiskal la repòte divès dat limit ki gen pou wè ak deklarasyon ak peman enpo ki ta sipoze rive apati de 30 desanm. Sa vin pemèt tout moun ak biznis ki afekte yo gen jiska 16 me pou reyalize deklarasyon enpo yo epi peye nenpòt taks ki te fèt pou peye pandan peryòd sa a. Sa gen nan li deklarasyon endividyèl enpo sou revni 2021 yo ki te dwe fèt 18 avril, menm jan ak divès deklarasyon enpo pou biznis 2021 ki te dwe fèt kòmsadwa 15 mas ak 18 avril . Sa vle di kounye a, kontribyab ki afekte yo ap gen jiska 16 me pou yo vèse kontribisyon IRA 2021 yo.

Anplis de sa, agrikiltè ki fè chwa pou yo sispann peye enpo estime yo epi ki te fè deklarasyon taks yo kòmsadwa anvan premye (1ye) mas pral gen jiska 16 me 2022 kounye a pou yo reyalize deklarasyon enpo 2021 yo epi peye nenpòt taks yo dwe.

Dat limit 16 me a aplikab tou nan sa ki gen pou wè ak peman enpo estime sou revni chak trimès ki dwe fèt 18 janvye ak 18 avril. Sa vle di, kontribyab endividyèl yo ka chwazi pa peye enpo estime pou katriyèm trimès la 18 janvye 2022 jan sa ta dwe fèt la, yo gendwa pito chwazi enkli li nan deklarasyon enpo 2021 yo ap reyalize 16 me a oswa avan dat sa a.

Pewòl chak trimès ak deklarasyon enpo endirèk ki te dwe reyalize kòmsadwa 31 janvye ak 2 me 2022, ap vin gen pou reyalize kounye a 16 me tou. Penalite sou pewòl ak depo taks endirèk yo ki te sipoze fèt 30 desanm oswa aprè ak oubyen avan 14 janvye ap gen pou diminye ofiramezi vèsman yo ap fèt nan zòn 14 janvye 2022 yo.

Paj Asistans pou Katastwòf ak Alèjman Ijans pou Patikilye yo ak Biznis yo (an anglè) gen detay sou lòt deklarasyon enpo, peman taks ak sa ki gen pou wè ak enpo ki ka pemèt ou benefisye pi plis delè toujou.

IRS ap pemèt tout kontribyab ki gen adrès IRS nan zòn katastwòf la benefisye alèjman fiskal sou deklarasyon ak penalite otomatikman. Sa vle di, kontribyab yo pap bezwen kontakte ajans lan pou yo kapab benefisye alèjman fiskal la. Sepandan, si yon kontribyab ki afekte ta resevwa yon avi pou sanksyone reta sou deklarasyon oswa reta sou peman nan men IRS ki gen dat limit inisyal oswa dat limit pwolonje pou deklarasyon, peman oswa depo yo ki tonbe nan peryòd pwolongasyon an, kontribyab la ap gen pou li rele nan nimewo ki nan avi a pou ka fè retire penalite a.

IRS pral travay ak tout kontribyab ki abite andeyò zòn katastwòf la men ki gen dosye ki nesesè pou respekte yon dat limit ki fèt pandan peryòd pwolongasyon an ki nan zòn ki afekte a. Kontribyab ki kalifye pou benefisye alèjman fiskal la ki abite andeyò zòn katastwòf la ap gen pou kontakte IRS nan nimewo 866-562-5227 . Sa gen ladan tou travayè k ap bay sipò yo nan aktivite sa yo ki afilye ak yon gouvènman ki rekonèt oswa yon òganizasyon filantwopik.

Moun ak biznis yo ki nan yon zòn katastwòf ki deklare pa gouvènman federal e ki te sibi pèt ki gen rapò ak katastwòf la men ki pat gen asirans oswa ki pat ranbousab, ka chwazi pou yo reklame yo swa nan deklarasyon k ap reyalize nan ane pèt la te fèt la, oswa nan deklarasyon ane anvan an. Asire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA a – 4634DR – nan nenpòt reklamasyon pèt. Gade Piblikasyon 547 (an anglè) pou plis detay.

Alèjman fiskal la fè pati yon repons federal kowòdone ki gen pou wè ak domaj dife sovaj sa yo te koze epi li chita sou evalyasyon domaj lokal FEMA fè yo. Pou jwenn enfòmasyon sou sa ki gen pou wè ak rekiperasyon aprè katastwòf, vizite DisasterAssistance.gov (an anglè)