Pou viktim tònad Kentucky yo, IRS pwolonje dat limit pou deklarasyon enpo 2021 jiska 16 me

Mizajou 12/17/21: Mizajou nòt pou laprès sa a te fèt nan objektif pou kapab enkli Krisyann (Christian), At (Hart), Ikman (Hickman), Logann (Logan), Lyon, ak konte Owayo (Ohio).

IR-2021-248, 14 desanm 2021

WACHINTONN (WASHINGTON) — Sèvis Revni Entèn anonse Jodi a, moun ki viktim tònad wikenn sa a nan Kentèki (Kentucky) ap gen jiska 16 me 2022 pou yo reyalize divès deklarasyon enpo pou pwòp tèt pa yo ak pou biznis yo epi peye taks yo kòmsadwa.

IRS deside pemèt tout kontribiyab ki victim de tanpèt, tònad ak inondasyon ki te kòmanse 10 desanm nan kèk pati nan Kentucky benefisye alèjman fiskal. Desizyon sa a pran tousuit aprè deklarasyon katastwòf Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) te fè a. Kounye a, alèjman fiskal sa a disponib pou kontribyab ki afekte yo ki abite oswa ki gen yon biznis nan konte Kaldwèl (Caldwell), Krisyann (Christian), Foultonn (Fulton), Greviz (Graves), At (Hart), Ikmann (Hickman), Opkins (Hopkins), Logann (Logan), Lyon, Machal (Marshall), Mòlenbèg (Muhlenberg), Owayo (Ohio), Teylò (Taylor) ak Warenn (Warren). Men, IRS pral pemèt tout lòt zòn nan Kentèki oswa nan eta vwazen yo FEMA deziyen benefisye alèjman fiskal sa a. Lis zòn ki elijib yo ap toujou disponib sou paj alèjman pou katastwòf la.

Alèjman fiskal la repòte divès dat limit ki gen pou wè ak deklarasyon ak peman enpo ki ta sipoze rive apati de 10 desanm. Sa vin pemèt tout moun ak biznis ki afekte yo gen jiska 16 me pou fè deklarasyon enpo yo epi peye nenpòt taks ki te fèt pou peye pandan peryòd sa a. Sa gen nan li deklarasyon endividyèl enpo sou revni 2021 yo ki te dwe fèt 18 avril, menm jan ak divès deklarasyon enpo biznis 2021 ki te dwe fèt kòmsadwa 15 mas ak 18 avril . Sa vle di, kontribyab ki afekte yo ap gen jiska 16 me pou yo vèse kontribisyon IRA 2021 yo.

Anplis de sa, agrikiltè ki chwazi pou yo sispann peye enpo estime yo epi ki fè deklarasyon taks yo kòmsadwa anvan premye (1ye) mas pral gen jiska 16 me 2022 konnya pou reyalize deklarasyon enpo 2021 yo epi peye nenpòt taks yo dwe.

Dat limit 16 me a aplikab tou nan sa ki gen pou wè ak peman enpo estime sou revni chak trimès ki dwe fèt 18 janvye ak 18 avril. Sa vle di ke kontribyab endividyèl yo ka chwazi pa peye enpo estime pou katriyèm trimès la 18 janvye 2022, jan sa ta dwe fèt la, yo gen dwa pito chwazi enkli li nan deklarasyon enpo 2021 yo depoze 16 me a oswa avan sa. Menm jan an tou, pewòl chak trimès ak deklarasyon enpo endirèk ki te dwe reyalize kòmsadwa 31 janvye ak 2 me 2022, ap vin gen pou reyalize kounye a 16 me tou.

Penalite sou pewòl ak depo taks endirèk yo ki ta sipoze fèt aprè oswa 10 desanm ak avan 27 desanm yo pral diminye ofiramezi vèsman yo ap fèt nan zòn 27 desanm 2021 yo.

Paj alèjman pou katastwòf IRS (an anglè) la gen detay sou lòt deklarasyon enpo, peman taks ak ak sa ki gen pou wè ak enpo ki ka pemèt ou benefisye pi plis delè toujou.

IRS ap pemèt tout kontribyab ki gen adrès IRS nan zòn katastwòf la benefisye alèjman fiskal sou deklarasyon ak penalite otomatikman. Sa vle di, kontribyab yo pap bezwen kontakte ajans lan pou yo kapab benefisye alèjman fiskal la. Sepandan, si yon kontribyab ki afekte ta resevwa yon avi pou sanksyone reta sou deklarasyon oswa reta sou peman nan men IRS ki gen dat limit inisyal oswa dat limit pwolonje pou deklarasyon, peman oswa depo yo ki tonbe nan peryòd pwolongasyon an, kontribyab la ap gen pou li rele nan nimewo ki nan avi a pou ka fè retire penalite a.

IRS pral travay ak tout kontribyab ki abite andeyò zòn katastwòf la men ki gen dosye ki nesesè pou respekte yon dat limit ki fèt pandan peryòd pwolongasyon an ki nan zòn ki afekte a. Kontribyab ki kalifye pou benefisye alèjman fiskal la ki abite andeyò zòn katastwòf la ap gen pou kontakte IRS nan nimewo 866-562-5227 . Sa gen ladan tou travayè k ap bay sipò yo nan aktivite sa yo ki afilye ak yon gouvènman ki rekonèt oswa yon òganizasyon filantwopik.

Moun ak biznis yo ki nan yon zòn katastwòf ki deklare pa gouvènman federal deklare ki te sibi pèt ki gen rapò ak katastwòf la men ki pat gen asirans oswa ki pat ranbousab, ka chwazi pou yo reklame yo swa nan deklarasyon pou ane pèt la te fèt la, oswa sou deklarasyon pou ane anvan an. Asire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA a – 4634DR – nan nenpòt reklamasyon pèt. Gade Piblikasyon 547 (an anglè) pou plis detay.

Alèjman fiskal la fè pati yon repons federal ki kowòdone ki gen pou wè ak domaj tanpèt sa yo te koze epi li chita sou evalyasyon domaj lokal FEMA fè yo. Pou jwenn enfòmasyon sou rekiperasyon aprè katastwòf, vizite DisasterAssistance.gov (an anglè).