Men kijan kontribyab yo kapab rezoud pwoblèm yo rankontre pi souvan yo aprè jou enpo a

Konsèy Fiskal KOVID 2022-63, 25 Avril 2022

Dat limit pou fè deklarasyon ak peye taks sou revni federal la pase pou pifò moun. Si nou ta dwe yon kontribyab yon ranbousman, pa gen okenn penalite poutèt li fè deklarasyon an reta. Sepandan, prese prese, moun ki dwe epi ki rate dat limit lan san yo pa t mande yon ekstansyon, sipoze fè deklarasyon taks yo, yon fason pou kapab limite penalite ak enterè yo.

Men kèk konsèy pou kontribyab yo kapab jere pwoblèm yo rankontre pi souvan yo aprè jou taks la.

Verifye Estati Ranbousman

Kontribyab yo ka itilize zouti Kote Ranbousman Mwen an? pou kapab jwen detay sou ranbousman yo a. Li disponib sou sit IRS.gov la ak sou aplikasyon IRS2Go a. Pou itilize zouti sa a, kontribyab y ap bezwen Nimewo Sekirite Sosyal oswa ITIN yo, Estati deklarasyon taks yo ak montan egzakt ranbousman yo te reklame nan deklarasyon taks yo. Mizajou ki gen pou wè ak zouti sa a fèt yon fwa chak jou, alòs, pa gen nesesite pou yon moun ap tcheke plizyè fwa. Kontribyab ki pa gen aksè ak yon òdinatè gendwa sone nimewo sa a 800-829-1954.

Verifye Prelèvman

Nou ankouraje tout kontribyab yo pou yo itilize zouti Estimatè Prelèvman Taks la ki sou sit IRS.gov la pou kapab tcheke prelèvman yo. Sa pèmèt yo asire yo anplwayè yo kenbe sa yo ta sipoze kenbe sou chèk yo lè y ap touche. Lè yo fè sa konnya, sa ap ede yo evite yo dwe yon montan yo pa t panse yo t ap dwe ak tout penalite lè yo ap prepare epi fè deklarasyon taks yo pou ane k ap vini an.

Kontribyab yo kapab itilize rezilta yo jwenn nan Estimatè a pou ede yo konplete nouvo Fòm W-4 la epi ajiste prelèvman taks ki fèt sou revni yo ak anplwayè yo. Kontribyab ki resevwa revni pansyon kapab itilize rezilta sa a tou pou konplete Fòm W-4P a epi voye li ale bay peyè yo.

Revize Opsyon Pèman yo

Kontribyab ki dwe taks kapab revize tout opsyon pèman anliy yo. Sa gen ladann:

Pran tan pou evalye si yo pap bezwen amande yon deklarasyon taks

Lè kontribyab la fin fè deklarasyon an, li gendwa rann li kont li te fè yon erè oswa bliye rantre yon enfòmasyon ladan. Se pou sa IRS ensiste sou sa e li rekòmande kontribyab yo pou yo itilize Asistan Taks Entèraktif la, Èske mwen sipoze fè yon deklarasyon taks amande? (an anglè) pou kapab ede yo wè si yo sipoze korije yon erè oswa fè lòt chanjman nan deklarasyon taks yo te deja fin fè a.

Erè nou rankontre pi souvan kontribyab yo sipoze korije gen pou wè ak estati deklarasyon, revni, dediksyon ak kredi yo. Jeneralman, pa gen nesesite pou kontribyab la amande yon deklarasyon taks pou korije yon erè matematik oswa si yo ta bliye atach yon fòm oswa yon anèks. Nòmalman, IRS ap korije erè matematik la epi voye yon lèt bay kontribyab la pou li enfòme li. Menm jan an tou, Ajans lan ap voye yon lèt bay kontribyab la pou li mande li nenpòt Fòm oswa anèks ki ta manke.

Kontribyab k ap tann yon ranbousman pa sipoze amande yon deklarasyon taks avan menm yo fin trete deklarasyon orijinal la.

IRS bay pifò kontribyab ki fè deklarasyon yo epi ki chwazi depo dirèk ranbousman yo nan pi piti pase 21 jou. Sepandan, sa gen dwa pran plis tan si deklarasyon an ta gen erè oswa ta gen nesesite pou revize li.

Sa ki kapab retade yon ranbousman:

IRS ap kontakte kontribyab la pa lapòs sizoka li ta bezwen plis enfòmasyon pou kapab trete deklarasyon taks li a.