Lwazi oswa biznis: Men sa ou dwe konnen sou sa bras sou kote

Konsèy Fiskal IRS 2023-61, 3 Me 2023

Pafwa liy ki genyen ant gen yon lwazi ak jere yon biznis ka bay konfizyon, men konnen diferans lan enpòtan paske yo trete lwazi yo ak biznis yo yon fason diferan lè se moman yo ranpli yon deklarasyon enpo. Pi gwo diferans ki genyen ant yo de a se ke biznis yo opere pou fè yon pwofi pandan ke lwazi yo se pou plezi oswa rekreyasyon.

Kit yon moun ap pran plezi ak yon lwazi oswa ap jere yon biznis, si yo aksepte plis pase $600 pou machandiz ak sèvis atravè mache anliy oswa aplikasyon pou peman yo, yo ka resevwa yon Fòm 1099-K. Pwofi ki soti nan vant machandiz, tankou atik pèsonèl, ak sèvis yo se revni ki taksab ki dwe rapòte nan deklarasyon enpo.

Genyen kèk lòt bagay moun yo dwe konsidere lè y ap detèmine si pwojè yo a se yon lwazi oswa yon biznis. Yon sèl bagay pa yon faktè desizif. Kontribyab yo ta dwe revize tout faktè yo pou yo pran yon bon desizyon.

Ki jan kontribyab yo ka deside si se yon pastan oswa yon biznis

Kesyon sa yo ka ede kontribyab yo deside si yo gen yon lwazi oswa yon biznis:

  • Èske yo fè aktivite a nan yon mannyè pou fè biznis epi kenbe liv ak dosye ki konplè epi egzat?
     
  • Èske tan ak efò yo mete nan aktivite a montre yo gen entansyon tire yon pwofi?
     
  • Èske aktivite a fè pwofi nan kèk ane – si wi, ki kantite pwofi li fè?
     
  • Èske yo ka atann y ap fè yon pwofi alavni apati jan yo apresye aktif yo itilize nan aktivite a?
     
  • Èske yo depann de revni ki antre apati aktivite a pou yo viv?
     
  • Èske gen pèt ki fèt akoz sikonstans ki pa depann de yo oswa se pèt nòmal nan faz demaraj biznis yo a?
     
  • Èske yo chanje mannyè yo fonksyone pou fè pwofi a pi gwo?
     
  • Èske kontribyab la ak konseye li yo genyen konesans nesesè pou fè aktivite a vin yon biznis ki reyisi?

Kit kontribyab yo gen yon lwazi oswa yo jere yon biznis, bon kontabilite (an anglè) se toujou enpòtan lè li tan pou fè deklarasyon enpo yo.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)