IRS ap kontinye avèk Douzèn Delwayal yo semèn sa a, pandan l ap ankouraje kontribyab yo pou yo kontinye veye anak ki an rapò ak pandemi an, tankou vòl avantaj yo avèk fo piblisite sou medya sosyal yo

IR-2022-117, 6 Jen 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan jodiya te kòmanse semèn nan avèk 5yèm eleman sou lis avètisman kont anak Douzèn Delwayal anyèl 2022 li a, avèk yon rapèl tris ke kriminèl yo toujou ap sèvi avèk kontèks pandemi COVID-19 la pou vòlè lajan ak idantite moun yo avèk fo imèl, piblisite medya sosyal ak apèl telefòn sanzatann, ak lòt bagay ankò.

Anak sa yo kapab pran plizyè fòm, tankou enfòmasyon sou chomaj ak fo òf travay pou vòlè lajan ak enfòmasyon nan men moun yo. Tout efò sa yo se pou vòlè enfòmasyon pèsonèl ki sansib, avèk anakè k ap sèvi avèk sa pou eseye depoze yon fo deklarasyon taks epi andomaje viktim yo nan lòt fason tou.

Chuck Rettig te pale pou l di: "Anakè yo kontinye ap itilize pandemi an antanke yon aparèy pou fè viktim yo pè oswa konfonn yo pou yo bay lajan yo fè nan travay di oswa enfòmasyon pèsonèl yo". "Mwen ankouraje tout moun pou yo mefye yo de apèl, tèks ak mesaj imèl sispèk k ap pwomèt avantaj ki pa egziste."

IRS la konpile lis Douzèn Delwayal anyèl la pou plis pase 20 lane kòm yon mwayen pou alète kontribyab yo ak kominote pwofesyonèl taks la sou anak yo ak eskwokri yo. Lis la pa yon dokiman legal oswa yon lis literal priyorite aplikasyon ajans lan. Li fèt pou li reveye konsyans yo sou yon varyete piblik ki ka pa toujou konsyan de evolisyon ki enplike administrasyon fiskal yo.

Rettig te ajoute pou l di: "Pridans ak sansibilizasyon se pi bon liy defans nou genyen kont kriminèl sa yo". "Tout moun ta dwe verifye enfòmasyon yo sou yon sitwèb gouvènman ki fyab, tankou IRS.gov."

Yon anak kouran IRS la kontinye ap wè pandan peryòd sa a enplike krim ki afekte tout oswa majorite moun nan peyi a, tankou pandemi CODIV-19 la. Kèk nan anak moun yo ta dwe kontinye ap veye yo se:

Anak Pèman Enpak Ekonomik ak anak Ranbousman fiskal yo: Vòlè idantite k ap eseye vòlè Pèman Enpak Ekonomik yo (EIPs) yo konnen tou sou non pèman relans, rete yon menas sou endividi yo. Menm jan pou anak ranbousman fiskal yo, kontribyab yo ta dwe veye siy sa yo ki ka revele yon anak:

Tout mesaj tèks, apèl telefòn ou pa konnen oswa mesaj imèl k ap mande enfòmasyon sou kont labank oswa k ap mande destinatè yo pou yo klike sou yon lyen oswa verifye done, ta dwe konsidere kòm sispèk e yo ta dwe efase san yo pa louvri. Sa pa gen ladan pèman relans yo sèlman, men tou, ranbousman fiskal yo ak lòt kesyon kouran.

Sonje, IRS p ap kontakte moun nan telefòn, nan imèl, tèks oswa medya sosyal pou mande nimewo Sekirite Sosyal oswa lòt enfòmasyon pèsonèl oswa finansyè ki gen pou wè ak Pèman Enpak Ekonomik yo. Veye vòl bwat lapòs yo tou. Verifye bwat lapòs ou souvan epi siyale mesaj lapòs ou pèdi bay enspektè lapòs yo.

Rapèl: IRS te livre tout Pèman Enpak Ekonomik yo. Majorite moun kalifye yo te deja resevwa pèman relans yo. Moun ki manke yon pèman relans oswa te jwenn mwens pase tout montan an ka kalifye pou yo reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon sou deklarasyon taks federal 2020 oswa 2021 yo a. Kontribyab yo ta dwe sonje sit entènèt IRS la, IRS.gov, se sit entènèt ofisyèl ajans lan pou enfòmasyon sou pèman, ranbousman ak lòt enfòmasyon sou taks.

Fwod chomaj ki bay 1099-G kontribyab ki pa egzat: Akoz pandemi an, anpil kontribyab pèdi travay yo epi Eta yo ba yo konpansasyon chomaj. Sepandan, anakè yo pwofite de pandemi an tou pou yo fè fo reklamasyon pou konpansasyon chomaj; yo vòlè enfòmasyon pèsonèl endividi ki pa t fè reklamasyon pou yo fè sa. Pèman ki fèt sou fo reklamasyon sa yo al jwenn vòlè idantite yo.

Kontribyab yo ta dwe veye lè yo resevwa yon Fòm 1099-G (an anglè) k ap mansyone yon konpansasyon chomaj yo pa t resevwa. Pou moun ki nan sitiyasyon sa a, IRS la ankouraje yo kontakte ajans nan Eta yo a ki la pou sa pou yo jwenn yon bon fòm. Si li pa posib pou kontribyab la jwenn yon fòm korije pou li ka depoze yon deklarasyon taks nan delè yo, kontribyab la ta dwe ranpli deklarasyon li a pou li reklame konpansasyon chomaj la sèlman avèk lòt revni li te resevwa. Gade Vòl Idantite ak Alokasyon Chomaj yo pou detay sou taks yo ak DOL.gov/fraud (an anglè) pou enfòmasyon sou deklarasyon Eta pa Eta.

Fo òf travay yo pibliye sou medya sosyal yo: Gen anpil fo piblisite travay sou medya sosyal yo siyale. Pandemi an kreye anpil moun san travay ki gen dezi chèche nouvo travay. Fo piblisite sa yo ensite viktim yo pou yo bay enfòmasyon finansyè pèsonèl yo. Sa kreye plis risk fiskal pou moun yo paske enfòmasyon sa ka sèvi pou fè yon fo deklarasyon taks pou yon fo ranbousman oswa li ka sèvi nan kèk lòt tantativ kriminèl.

Fo charite k ap vòlè lajan ou: Fo òganizasyon charite yo se toujou yon pwoblèm. Yo gen tandans vin yon pi gwo menas lè genyen yon kriz nasyonal tankou pandemi an.

Kontribyab ki bay lajan oswa byen nan yon òganizasyon charite ka anmezi pou yo reklame yon dediksyon nan deklarasyon taks federal yo a. Kontribyab yo dwe fè don nan yon òganizasyon charite kalifye pou yo jwenn yon dediksyon. Pou verifye estati yon charite, itilize zouti Rechèch Òganizasyon ki Pa Peye Taks la.

Men kèk astis pou sonje konsènan anak fo charite yo:

  • Endividi yo pa ta dwe janm kite okenn moun ki rele yo ba yo presyon. Yon òganizasyon charite ki lejitim ap kontan resevwa yon don nenpòt lè li fèt la, kidonk, pa gen presipite. Yo ankouraje moun k ap fè don yo pou yo pran tan yo pou fè rechèch la.
  • Gwo donatè yo ta dwe mande kolektè fon yo pou yo bay bon non charite a, sit entènèt li ak adrès imèl li, pou yo ka konfime si li se yon bon charite annapre. Kèk demachè nan telefòn itilize non ki sanble ak non gwo charite tout moun konnen pou konfonn moun yo.
  • Fè atansyon ak kijan w ap bay don w lan. Donatè yo ta dwe travay ak charite ki mande yo pou yo peye pandan y ap bay nimewo ki nan yon kat kado oswa viman lajan. Se konsa anakè yo mande moun yo pou yo peye. Li pi san danje pou peye ak kat kredi oswa chèk — men se sèlman apre kèk rechèch fin fèt sou charite a.

Pou plis enfòmasyon konsènan evite fo charite yo, vizite sitwèb Komisyon Federal pou Komès (an anglè) la.