IRS ap vanse rapid ak amelyorasyon sèvis kontribyab yo; li vin gen 4,000 anplwaye anplis pou bay moun yo plis asistans nan telefòn pandan sezon fiskal 2023 a

IR-2022-191, 27 oktòb 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan te anonse jodia gwo pwogrè ki fèt nan kad preparasyon pou sezon deklarasyon enpo 2023 a. An efè, ajans lan te fè yon gwo pa lè li pran 4,000 nouvo anplwaye pou sèvis kliyantèl li a pou ede reponn telefòn ak bay lòt sèvis.

Asistan sa yo te anplwaye pandan dènye mwa yo e y ap fòme yo pou yo bay kontribyab yo asistans, epi reponn kesyon y ap poze nan telefòn yo. Sa se nan kad yon pi gwo efò pou amelyorasyon IRS la ap fè ki lye ak finansman Lwa sou Rediksyon Enflasyon an ki te apwouve nan mwa dawout la. IRS la kontinye ap travay di pou li mete sou pye lejislasyon 10 an k ap make listwa a, epi l ap bay mizajou sou lòt domenn amelyorasyon nan yon avni ki pwòch.

"IRS angaje l ak tout li menm pou li bay pi bon sèvis posib,e n ap vanse rapid pou nou itilize lòt finansman pou ede kontribyab yo pandan sezon fiskal tèt chaje sa." sa se pawòl Chuck Rettig, Komisè IRS la. "Liy telefòn nou yo te senpman akable nan moman pandemi an, e nou pat anmezi pou nou bay asistans anplwaye IRS yo te vle bay la ak sa kontribyab peyi a merite a. Men, kontribyab yo ap jwenn asistans yo bezwen an. "Lè nouvo anplwaye yo fin fòme epi pase anliy nan 2023 a, n ap genyen plis asistan pou telefòn ke jamè nan dènye listwa nou."

Reprezantan sèvis kliyantèl y ap anboche pran plizyè etap deja pou yo entegre. Lè yo rantre nan IRS la, yo pral pran plizyè semenn fòmasyon pou yo kapab ede moun yo epi rann eksperyans kontribyab yo pi bèl. Fòmasyon an ap kouvri yon pakèt pwoblèm; tankou pwoblèm teknik pou jere kont yo epi konpreyansyon ak respè dwa kontribyab yo.

Objektif la se ajoute yon lòt 1,000 reprezantan sèvis kliyantèl la nan fen ane a, sa k ap bay yon total 5,000 nouvo anplwaye nan domenn sa.

Anpil anplwaye ap anplas pou kòmansman sezon fiskal 2023 a, e ap gen lòt k ap vini lè yo fin pran fòmasyon yo a nan semenn k ap vini yo. Prèske tout fòmasyon yo ap gentan fini anvan Presidents Day 2023; se nan peryòd IRS la gen abitid resevwa plis apèl telefòn. IRS prevwa repons pou apèl telefòn yo pral ogmante pandan sezon deklarasyon 2023 a.

Amelyorasyon IRS yo ak itilizasyon nouvo pouvwa danboch dirèk la te rann pwosesis anplwa a pi rapid. Ane sa a, pòs yo te okipe depi nan mwa dawout la; ane pase, sa te pran anviwon uit (8) mwa pou anplwaye reprezantan sèvis kliyantèl.

Rettig deklare: "Malgre nou genyen nouvo anplwaye, liy telefòn nou yo toujou rete akable." "Nou kontinye ankouraje moun yo pou yo ale sou IRS.gov pou enfòmasyon ki konsène kesyon yo genyen sou enpo yo. Anpil nan kesyon yo gen repons yo sou entènèt la, e moun yo ap jwenn repons yo la pi rapid pase lè se rele yo rele. Nou apresye pasyans san fen kontribyab yo ap pran avèk nou. Tanpri, konnen nou genyen anplwaye devwe nan IRS la k ap travay di pou ede moun yo nan telefòn ak an pèsonn. Anplwaye IRS yo pa ka tann pou yo bay yon pi bon sèvis nan yon ti kras tan ankò."

Anplis asistan nan telefòn yo, IRS la ap travay tou pou anplwaye plis moun nan ajans lan, pa sèlman nan domen sèvi kontribyab yo men tou nan pòs Teknoloji Enfòmasyon ak pou zafè respè prensip yo – tout sa se nan objektif pou amelyore travay IRS ap fè a.

"Anplwaye IRS yo fè yon diferans pou nasyon nou na, e nou kontan anpil lefètke nou kapab mete plis moun pou sèvi kontribyab yo epi soutni travay enpòtan administrasyon fiskal la." Pawòl Rettig. "Pòs yo ap ouvri atravè tout peyi a nan semenn ak mwa k ap vini yo, e nou ankouraje bon kandida yo pou yo ale sou USAJOBS.gov pou yo jwenn opòtinite pa yo a."